Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "I have told you all this so that you will not fall away. “Mwen pale nou bagay sa yo pou nou kapab evite chite.
2 They will expel you from synagogues; but the hour is coming when whoever kills you will think he offers a service to God. “Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou.
3 They will do this because they have not known the Father or me. Bagay sa yo, yo va fè paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen.
4 But I've told you this so that when their hour comes, you'll remember I told you. I didn't tell you this from the start, because I was with you. Men bagay sa yo Mwen te pale nou an pou lè lè a rive, nou va sonje ke M te di nou sa. Epi bagay sa yo Mwen pa t di nou nan kòmansman, paske Mwen te avèk nou.
5 "But now I'm going to him who sent me, and none of you asks me, 'Where are you going?' “Men koulye a, M ap prale a Sila a ki te voye Mwen an. E pa gen nan nou k ap mande M: ‘Kibò W ap prale’?
6 Instead, because I have said these things to you, sorrow has filled your heart. Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, gwo doulè antre nan kè nou.
7 I tell you the truth: my going is for your good. If I don't go, the Helper, the Holy Spirit, won't come to you. But if I go, I will send him to you. “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.
8 And when he comes, he will convict the world concerning sin and righteousness and judgment: E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman.
9 concerning sin, because they do not believe in me; Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen,
10 concerning righteousness, because I am going to my Father and you will see me no longer; Selon ladwati, paske Mwen ale nan Papa a, e nou p ap ka wè M ankò.
11 concerning judgment, because the ruler of this world has been judged. Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.
12 "I still have many things to say to you, but you cannot bear them now. “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a.
13 But when he, the Spirit of truth, comes, he will guide you into all truth. He won't speak on his own, but will speak whatever he hears, and will tell you what is coming. Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.
14 He will glorify me, for he will take what is mine and tell it to you. Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
15 All my Father has is mine; that's why I said he takes from what is mine and will tell you. “Tout bagay ke Papa a genyen se pou Mwen. Pou sa, Mwen di nou Li pran sa ki pou Mwen, e devwale li a nou.
16 "Soon you'll no longer see me; then soon again you'll see me." “Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M.”
17 So some of his disciples asked each other, "What does he mean: 'In a little while you will not see me, and then in a little while you will see me,' and, 'Because I am going to the Father'?" Kèk nan disip Li yo te di youn a lòt: “Kisa L ap di nou la a? ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis e nou va wè M’ epi: ‘akoz ke M ap prale nan Papa a’?”
18 So they kept saying, "What does he mean, 'a little while'? We don't know what he's talking about." Konsa yo t ap di: “Kisa L ap pale: ‘Yon ti tan’? Nou pa konprann kisa L ap di.”
19 Jesus knew they wanted to ask him, so he said to them, "Are you asking each other what I meant by saying, 'In a little while you will not see me, and then a little while you will see me'? Jésus te konnen yo te vle kesyone L, epi Li te di yo: “Èske nou ap diskite pami nou sou sa ke M te di a: ‘Yon ti tan, e nou p ap wè M ankò, epi yon ti tan anplis, e nou va wè M?’
20 "Truly, truly, I tell you: you will weep and mourn, but the world rejoices. You'll grieve, but your grief will become joy. “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa.
21 A woman in labor has pain because her hour has come; but once she gives birth, she forgets the anguish, because she is joyful that a person has been born into the world. Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22 So you also have sorrow now, but I will see you again, and your heart will rejoice, and no one will take your joy from you. “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
23 In that day you will ask me nothing. Truly, truly, I tell you: whatever you ask my Father in my name, he will give you. “E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24 Until now you've asked nothing in my name. Ask, and you will receive, so your joy may be complete. “Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
25 I've told you these things in figures. The hour is coming when I'll no longer speak in figures, but tell you plainly about my Father. “Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.
26 That day you'll ask in my name, and I'm not telling you I'll ask my Father on your behalf; “Nan jou sa a nou va mande nan non Mwen, e Mwen p ap di nou ke M ap mande Papa a anfavè nou.
27 for the Father himself loves you, because you've loved me and believed I came from our Father. Paske Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen te sòti nan Papa a.
28 I came from my Father and entered the world; again, I leave the world, going to my Father." Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap prale kote Papa a.”
29 His disciples said, "Now you are speaking plainly and not using any figure of speech! Disip Li yo te di: “Alò koulye a W ap pale klè. Ou p ap sèvi ak parabòl.
30 Now we know you know everything and need no one to ask you questions; so we believe you came from our Father." Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou kwè ke Ou soti nan Bondye.”
31 Jesus replied, "Do you now believe? Jésus te reponn yo: “Èske nou kwè koulye a?
32 "See, the hour is coming—has come—when you'll be scattered, each to his own home, leaving me alone. Yet I'm not alone; my Father is with me. Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
33 I've told you this so you may have peace in me. In the world you'll face trouble, but take heart—I've overcome the world." “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]