Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After saying this, Jesus looked up to heaven and said: "Father, the hour has come. Glorify your Son, so the Son may glorify you, Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kapab bay a Ou menm.
2 since you gave him authority over all people, to give eternal life to all you gave him. Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.
3 This is eternal life: that they know you, the only true Father, and Jesus Christ whom you sent. “E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.
4 I glorified you on the earth, having finished the work you gave me to do. Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.
5 Father, glorify me now with yourself, with the glory I had with you before the world existed. “E koulye a, ban M glwa ansanm avèk Ou Menm, Papa, avèk glwa ke M te gen avè W avan lemonn te egziste a.
6 I revealed your name to those you gave me from the world. They were yours; you gave them to me, and they have kept your word. “Mwen fè non Ou rekonèt a moun ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.
7 Now they know that everything you have given me is from you, “Koulye a, yo gen tan konnen ke tout bagay ke Ou ban Mwen soti nan Ou menm.
8 for I gave them the words you gave me; they received them, truly knew I came from you, and believed you sent me. Paske pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.
9 I pray for them, not for the world, but for those you gave me, since they are yours. “Mwen mande anfavè yo. Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye.
10 Everything mine is yours, and yours is mine, and I am glorified in them. “Tout bagay ki pou Mwen, se pou Ou, e sa ki pou Ou, se pou Mwen. Mwen resevwa glwa nan yo.
11 I'm no longer in the world, but they are in the world, and I'm coming to you. Holy Father, keep them in your name, the name you gave me, so they may be one as we are. “Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non ke Ou ban Mwen an, pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl.
12 While with them, I kept them in your name you gave me. I guarded them—none was lost except the son of destruction, so Scripture would be fulfilled. Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.
13 Now I come to you, and I say these things in the world so they may have my joy completed in themselves. “Men koulye a, Mwen ap vini kote Ou. Konsa, bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
14 I've given them your word; the world hated them, since they're not of the world, just as I'm not of the world. “Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn.
15 I don't ask you to remove them from the world, but to guard them from the evil one. Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an.
16 They are not of the world, just as I am not of the world. Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn.
17 Make them holy by truth; your word is truth. Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
18 As you sent me into the world, so I have sent them into the world. “Kon Ou te voye M nan lemonn nan, Mwen osi voye yo nan lemonn.
19 For them I make myself holy, so they too may be made holy in truth. E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.
20 I pray not only for these, but also for those who will believe in me through their word. “Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo.
21 Father, let them all be one, as you're in me and I in you, so they're in us too, and the world believes you sent me. Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M.
22 The glory you have given me, I have given them, so they may be one as we are one. Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl.
23 I in them and you in me, so they may be made completely one, so the world may know you sent me and loved them as you loved me. Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.
24 Father, I want those you gave me to be with me where I am, to see my glory, which you gave me because you loved me before the world was made. “Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.
25 Righteous Father—the world doesn't know you, but I know you, and these know you sent me. “O Papa ladwati a, malgre lemonn pa konnen Ou, Mwen konnen Ou. E sa yo konnen ke Ou te voye Mwen.
26 I have made your name known to them, and will keep making it known, so the love you loved me with may be in them, and I in them." E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lamou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]