Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After saying these things, Jesus went out with his disciples across the Kidron Valley, where a garden stood; he and his disciples entered it. Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.
2 Judas the betrayer knew the place too, since Jesus often gathered there with his disciples. Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn reyini la souvan ak disip Li yo.
3 So Judas came there with a detachment of soldiers and officers from the chief priests and Pharisees, carrying lanterns, torches, and weapons. Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.
4 So Jesus, knowing all that was coming on him, went out and said to them, "Who are you looking for?" Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”
5 They answered him, "Jesus of Nazareth." Jesus said, "I AM." Judas, his betrayer, stood with them. Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.” Li te di yo: “Mwen menm se Li”. Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo.
6 When Jesus said to them, "I AM," they drew back and fell to the ground. Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.
7 So he asked them again, "Who are you looking for?" And they said, "Jesus of Nazareth." Ankò konsa, Li te mande yo: “Kilès n ap chache?” E yo te di: “Jésus, Nazareyen an.”
8 Jesus answered, "I told you I AM. So if you're looking for me, let these men go." Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”
9 This fulfilled Jesus's own word: "I have not lost a single one of those you gave me." Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”
10 So Simon Peter drew his sword, struck the high priest's servant, and cut off his right ear—the servant named Malchus. Konsa, Simon Pierre ki te gen yon nepe, te rale li e te frape esklav wo prèt la, epi te koupe zòrèy dwat la. Esklav la te rele Malchus.
11 So Jesus told Peter, "Sheath your sword. Shouldn't I drink the cup my Father has given me?" Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”
12 Then the troops, their commander, and the Jewish officers seized Jesus and tied him up. Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li.
13 They took him to Annas first, for he was father-in-law to Caiaphas, high priest that year. Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a.
14 Caiaphas was the one who advised the Jews: better one man die for the people. Epi se te Caïphe ki te bay konsèy a Jwif yo ke li ta meyè pou yon moun mouri pou benefis a tout pèp la.
15 Simon Peter and another disciple followed Jesus. That disciple was known to the high priest, so he entered with Jesus into the high priest's courtyard, Simon Pierre t ap swiv Jésus ansanm ak yon lòt disip. Alò, disip sila a te rekonèt pa wo prèt la, e te antre avèk Jésus nan lakou wo prèt la,
16 but Peter stood outside at the door. So the other disciple, known to the high priest, went out, spoke to the servant girl who kept the door, and brought Peter in. Men Pierre te kanpe prè pòt deyò a. Pou sa, lòt disip ki te byen rekonèt pa wo prèt la te ale deyò a e te pale avèk gadyen pòt la, epi te fè Pierre antre.
17 The servant girl guarding the door said to Peter, "You also are not one of this man's disciples, are you?" He said, "I'm not." Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: “Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?” Li te di: “Se pa Mwen.”
18 The servants and officers, feeling the cold, had lit a charcoal fire and stood warming themselves; Peter stood with them, warming himself. Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li.
19 The high priest then questioned Jesus about his disciples and his teaching. Konsa, wo prèt la t ap kesyone Jésus konsènan disip Li yo, e sou sa Li te enstwi yo.
20 Jesus answered him, "I spoke openly to the world; I always taught in synagogues and in the temple, where all the Jews gather. I said nothing in secret. Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.
21 Why ask me? Ask those who heard what I said to them; they know what I said." Poukisa nou ap kesyone M? Mande sa yo ki tande sa ke M te pale yo. Yo konnen sa ke M te di yo.”
22 At this, one of the guards nearby slapped Jesus, saying, "Is that how you answer the high priest?" Lè Li te di sa, youn nan ofisye yo te frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?”
23 Jesus answered him, "If I spoke wrongly, testify about the wrong; but if rightly, why do you strike me?" Jésus te reponn li: “Si Mwen pale mal, fè temwayaj a mal la, men si Mwen pale byen, poukisa Ou frape M?”
24 Then Annas sent him, still bound, to Caiaphas the high priest. Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la.
25 Simon Peter, meanwhile, stood warming himself. They said, "Aren't you also one of his disciples?" He denied it: "I'm not." Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.”
26 One of the high priest's servants, a relative of the man whose ear Peter cut off, asked, "Didn't I see you with him in the garden?" Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou nan jaden an avèk Li?”
27 Peter again denied it, and at once a rooster crowed. Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, kòk la te chante.
28 Then they led Jesus from Caiaphas to the governor's headquarters. It was early morning. They themselves didn't enter, so they wouldn't be made unclean but could eat the Passover. Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.
29 So Pilate went out to them and said, "What accusation do you bring against this man?" Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?”
30 They answered him, "If this man weren't doing wrong, we wouldn't have handed him over to you." Yo te reponn e te di li: “Si nonm sila pa te yon malfektè, nou pa t ap livre li bay ou.”
31 Pilate said, "Take him yourselves and judge him by your own law." The Jews said, "We're not permitted to execute anyone." Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.”
32 This fulfilled the word Jesus had spoken, showing what kind of death he was about to die. Pou pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.
33 So Pilate went back into the headquarters, summoned Jesus, and asked, "Are you the King of the Jews?" Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo.”
34 Jesus answered, "Are you saying this on your own, or did others tell you about me?" Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”
35 Pilate replied, "Am I a Jew? Your own nation and chief priests handed you over to me. What have you done?" Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”
36 Jesus answered, "My kingdom isn't from this world. If it were, my servants would fight against my being handed to the Jews. But my kingdom isn't from here." Jésus te reponn: “Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”
37 Then Pilate said to him, "So you are a king?" Jesus answered, "You say I'm a king. I was born for this, and I came into the world for this—to testify to the truth. Everyone who belongs to the truth hears my voice." Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”
38 Pilate asked, "What is truth?" Then he went out to the Jews again and said, "I find nothing wrong in him. Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.
39 But you have a custom: I release one man to you at Passover. So do you want me to release the King of the Jews to you?" Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?”
40 They cried out again, "Not this man, but Barabbas!" Now Barabbas was a robber. Pou sa yo te kriye ankò e te di: “Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]