Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Pilate took Jesus and had him flogged. Konsa, Pilate te pran Jésus epi te bat Li ak fwèt.
2 The soldiers wove a crown of thorns, put it on his head, and wrapped a purple robe around him. Sòlda yo te trese yon kouwòn pikan e te mete li sou tèt Li. Yo te abiye Li ak yon gwo vètman mov.
3 They kept coming to him, saying, "Hail, King of the Jews!" and slapped his face. Yo t ap repete pawòl: “Sali, Wa Jwif Yo!” epi t ap bay Li kou nan figi li.
4 Pilate went out again and said to them, "Look, I'm bringing him out to you, so you'll know I find no fault in him." Pilate te parèt deyò ankò epi te di: “Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
5 So Jesus came out wearing the crown of thorns and the purple robe. Pilate told them, "Here is the man!" Konsa Jésus te vin parèt abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: “Gade nonm nan!”
6 When the chief priests and guards saw him, they shouted, "Crucify him! Crucify him!" Pilate told them, "Take him yourselves and crucify him, since I find no guilt in him." Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: “Krisifye! Krisifye!” Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi krisifye Li, paske mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
7 The Jews answered him, "We have a law; by that law he must die, because he made himself the Son of God." Jwif yo te reponn li: “Nou gen yon lwa, e pa lwa sila a, Li dwe mouri paske Li te fè kòmsi se Fis a Bondye Li ye.”
8 When Pilate heard this, he was even more afraid. Lè Pilate te tande pawòl sila a, li te vin krent plis.
9 He went into headquarters again and asked Jesus, "Where are you from?" But Jesus gave him no answer. Li te lantre ankò nan tribinal la e te di a Jésus: “Kote Ou soti?” Men Jésus pa t reponn li.
10 So Pilate said to him, "You won't speak to me? Don't you know I have authority to release you, and authority to crucify you?" Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”
11 Jesus answered him, "You would have no authority over me at all unless it had been given you from above. That is why the one who handed me over to you bears the greater sin." Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”
12 From then on, Pilate tried to release him, but the Jews cried out, "If you release him, you're no friend of Caesar. Anyone who makes himself king opposes Caesar." Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”
13 Hearing these words, Pilate brought Jesus out and sat on the judgment seat at a place called Stone Pavement—Gabbatha in Aramaic. Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha.
14 It was Passover Preparation Day, about noon. He told the Jews, "Here is your King!" Se te Jou Preparasyon pou Pak Jwif la. Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”
15 They yelled, "Take him away! Take him away! Crucify him!" Pilate asked them, "Crucify your king?" The chief priests answered, "We have no king but Caesar." Pou sa yo te kriye fò: “Fè L soti, fè L soti, krisifye L!” Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?” Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”
16 So then he handed him over to them to be crucified. So they took Jesus, Konsa, li te livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.
17 carrying his own cross, he went out to the place called The Place of a Skull, called Golgotha in Aramaic. Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha.
18 There they crucified him, with two others, one on each side, Jesus in the middle. La yo te krisifye Li, ansanm avèk de lòt mesye yo, youn nan chak kote avèk Jésus nan mitan.
19 Pilate also wrote a sign and put it on the cross: Jesus of Nazareth, King of the Jews. Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di “Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”
20 Many Jews read this sign, since the place Jesus was crucified was near the city; it was written in Aramaic, Latin, and Greek. Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan Ebre, Latin ak Grèk.
21 So the Jewish chief priests said to Pilate, "Don't write 'The King of the Jews,' but 'This man said, I am King of the Jews.'" Epi chèf prèt yo t ap di a Pilate: “Pa ekri ‘Wa Jwif yo’, men ke ‘Li te di: “Mwen se Wa Jwif yo.”’
22 Pilate answered, "What I have written, I have written." Pilate te reponn “Sa ke m ekri a, mwen ekri nèt”.
23 After crucifying Jesus, the soldiers took his clothes and split them into four shares, one per soldier, and took the tunic too. The tunic was seamless, woven in one piece from top to bottom. Sòlda yo, lè yo te fin krisifye Jésus te pran tout vètman li epi fè kat pati. Yon pati pou chak sòlda, anplis tinik la. Konsa, tinik la te yon sèl moso twal san koud soti anwo, jis rive anba.
24 So they said to each other, "Let's not tear it, but cast lots for who gets it." This was to fulfill the Scripture that says, "They divided my clothes among themselves, and cast lots for my garment." So the soldiers did this. Akoz sa yo te di youn ak lòt, annou pa chire li, men tire osò pou li, pou deside pou kilès li dwe ye. Konsa, yo te akonpli Lekriti a ki te di: “Yo te divize vètman Mwen yo pami yo, e pou rad Mwen yo tire osò.” Pou sa a, sòlda yo te fè bagay sa yo.
25 His mother, his mother's sister, Mary wife of Clopas, and Mary Magdalene stood near Jesus' cross. Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène t ap kanpe prè kwa Jésus a.
26 Seeing his mother and the disciple he loved standing there, Jesus told her, "Woman, here is your son." Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”
27 Then he said to the disciple, "Here is your mother." From that hour, the disciple took her into his home. Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.
28 After this, knowing all was now finished, Jesus said, to fulfill Scripture, "I am thirsty." Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”
29 A jar full of sour wine sat there; they soaked a sponge in it, fixed it on a hyssop stalk, and lifted it to his mouth. Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.
30 Jesus took the sour wine and said, "It is finished." He bowed his head and gave up his spirit. Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Li se fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.
31 Since it was Preparation Day, and they didn't want the bodies remaining on the cross during the Sabbath—that Sabbath was a special day—the Jews asked Pilate to break their legs and remove the bodies. Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.
32 So soldiers came and broke the legs of the first man, then the other crucified with him. Konsa, sòlda yo te vini e te kase janm a premye mesye a, epi lòt ki te krisifye avèk li a.
33 But coming to Jesus, seeing he was already dead, they didn't break his legs. Men lè yo vini sou Jésus, yo te wè ke Li te deja mouri, epi yo pa t kase janm Li yo.
34 But one of the soldiers pierced his side with a spear, and blood and water immediately came out. Men youn nan sòlda yo te frennen akote Li avèk yon lans, epi imedyatman, san mele avèk dlo te soti.
35 The eyewitness has testified—his testimony is true, and he knows he speaks the truth—so you also may believe. E sila a ki wè gen tan bay temwaye, epi temwayaj li vrè. E li konnen ke l ap di laverite, pou nou tout kapab kwè.
36 For these things happened to fulfill the Scripture: "Not one of his bones will be broken." Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli “Pa menm yon zo nan Li va kase.”
37 And again another Scripture says, "They will look on the one they have pierced." E ankò yon lòt Ekriti di “Yo va gade sila a ke yo pèse a.”
38 Afterward, Joseph of Arimathea—a disciple of Jesus, but secretly, for fear of the Jews—asked Pilate to let him remove Jesus' body. Pilate agreed, so he came and removed it. Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.
39 Nicodemus, who had first come to Jesus at night, also came, bringing a mixture of myrrh and aloes, about seventy-five pounds. Nicodème ki te vini premyèman kote li nan nwit lan te vini tou. Yo t ap pote yon melanj lami avèk epis lalwa ki te peze kon pwa anviwon san liv.
40 They took Jesus's body and wrapped it in linen cloths with spices, as is Jewish burial custom. Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te vlope l avèk twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.
41 Where he was crucified there was a garden, and in the garden a new tomb where no one had yet been laid. Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon tonm nèf kote pèsòn poko te poze.
42 Because it was the Jewish Preparation day, and the tomb was near, they laid Jesus there. Pou sa, akoz jou Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]