Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Early on the first day of the week, while dark, Mary Magdalene came to the tomb and saw the stone taken from it. Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan.
2 So she ran and came to Simon Peter and the other disciple, the one Jesus loved, and told them, "They've taken the Lord from the tomb, and we don't know where they put him." E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”
3 So Peter and the other disciple set out and went toward the tomb. Konsa, Pierre te soti ak lòt disip la, pou yo ale nan tonm nan.
4 Both ran together, but the other disciple ran faster than Peter, reaching the tomb first. Yo toulède t ap kouri ansanm. E lòt disip la te kouri vit pase Pierre, e li te rive nan tonm nan avan.
5 And stooping down, he saw the linen cloths lying there, but he did not go in. Lè l bese gade ladann, li te wè twal lèn yo atè a, men li pa t antre.
6 Simon Peter, following him, arrived and entered the tomb, and saw the linen cloths lying there, Alò, Simon Pierre t ap swiv li, epi te antre nan tonm nan. Li te wè twal lèn yo atè a,
7 and the cloth that was on his head, not lying with the linen wrappings but folded separately in one place. men twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.
8 The other disciple, first to reach the tomb, then went in too; he saw and believed. Lòt disip la ki te rive nan tonm nan avan te antre osi. Li te wè, e li te kwè.
9 For they still did not understand the Scripture, that he must rise from the dead. Paske jiska moman sa a, yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.
10 Then the disciples went back to their homes. Konsa, disip yo te kite la pou retounen nan pwòp kay pa yo.
11 But Mary stood outside the tomb, weeping. As she wept, she bent to look into the tomb. Men Marie te kanpe deyò tonm nan. Li t ap kriye, epi konsa, pandan li t ap kriye, li te bese pou gade nan tonm nan.
12 She saw two angels in white, seated where Jesus's body had lain, one at the head, one at the feet. E li te wè de zanj abiye an blan ki chita, youn bò kote tèt la, e youn bò kote pye yo, kote kò Jésus te konn kouche a.
13 They asked her, "Woman, why are you crying?" She answered, "They took my Lord, and I don't know where they put him." Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.”
14 Saying this, she turned and saw Jesus standing there, not knowing it was Jesus. Lè li te fin di sa, li te vire, e te wè Jésus t ap kanpe la, men li pa t konnen ke se te Jésus.
15 Jesus said to her, "Woman, why are you crying? Who are you seeking?" Taking him for the gardener, she said, "Sir, if you carried him off, tell me where you put him, and I'll take him away." Jésus te di li “Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”
16 Jesus said to her, "Mary." She turned and said to him in Aramaic, "Rabboni!" (which means Teacher). Jésus te di li: “Marie!” Li te di Li an Ebre: “Rabouni!”, ki vle di “Mèt!”
17 Jesus said to her, "Do not cling to me, for I have not yet ascended to the Father. But go to my brothers and say to them, 'I am ascending to my Father and your Father.'" Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote frè M yo e di yo ke ‘Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”
18 Mary Magdalene went and told the disciples, "I have seen the Lord," and that he had said these things to her. Marie Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: “Mwen wè Senyè a,” epi Li te pale yo de bagay sa yo.
19 That evening, the first day of the week, with the doors locked where the disciples were, for fear of the Jewish leaders, Jesus came, stood among them, and said, "Peace be with you." Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”
20 After saying this, he showed them his hands and side. The disciples rejoiced to see the Lord. E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.
21 Jesus said to them again, "Peace to you. As the Father has sent me, so I send you." Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
22 After saying this, he breathed on them and said to them, "Receive the Holy Spirit. E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
23 If you forgive anyone's sins, they're forgiven; if you hold back forgiveness from anyone, it's held back." “Si nou padonnen peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padonnen. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”
24 Now Thomas, one of the Twelve, called the Twin, was not with them when Jesus came. Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an.
25 The other disciples kept telling him, "We've seen the Lord!" But he told them, "Unless I see the nail marks in his hands, put my finger where they were, and put my hand in his side, I'll never believe." Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”
26 Eight days later, his disciples were indoors again, Thomas with them. Though the doors were locked, Jesus came, stood among them, and said, "Peace be with you." Uit jou pi tà, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”
27 Then he said to Thomas, "Put your finger here, see my hands. Reach your hand out, put it in my side. Leave doubt behind—believe." Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”
28 Thomas answered him, "My Lord and my God!" Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”
29 Jesus said to him, "Have you believed because you've seen me? Blessed are those who haven't seen, yet believe." Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men te kwè.”
30 Jesus did many other signs before his disciples, not written in this book. Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a.
31 But these are written so you'll believe Jesus is the Christ, the Son of our Father, and by believing have life in his name. Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]