Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Afterward Jesus showed himself again to the disciples by the Sea of Tiberias—this is how he showed himself. Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.
2 Simon Peter, Thomas called Twin, Nathanael from Cana in Galilee, Zebedee's sons, and two other disciples were together. Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.
3 Simon Peter told them, "I'm going fishing." "We'll go with you," they said. So they went out and got into the boat, but caught nothing that night. Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.” Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.
4 At daybreak Jesus stood on the shore, yet the disciples didn't know it was Jesus. Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo pa t konnen ke se te Jésus.
5 Jesus said to them, "Children, do you have any fish?" They answered him, "No." Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, èske nou pa gen kèk grenn pwason?” Yo te reponn Li: “Non”.
6 He told them, "Cast the net on the boat's right side, and you'll find fish." So they cast it, and were no longer able to haul it in for the sheer number of fish. E Li te di yo “Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.” Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo.
7 The disciple Jesus loved told Peter, "It's the Lord!" Hearing it was the Lord, Simon Peter wrapped his coat around him—he'd taken it off to work—and threw himself into the sea. Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.” Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.
8 The other disciples came in the boat, dragging the net full of fish, since they were only about one hundred yards from shore. Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an.
9 When they went ashore, they saw a charcoal fire with fish on it, and bread. E lè yo te desann atè, yo te wè yon dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.
10 Jesus said to them, "Bring some of the fish you have just caught." Jésus te di yo: “Pote kèk nan pwason ke nou fenk kenbe yo.”
11 So Simon Peter climbed aboard and dragged the net ashore, full of 153 large fish; despite so many, it didn't tear. Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkant-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.
12 Jesus said to them, "Come, eat breakfast." None of the disciples dared ask him, "Who are you?"—they knew it was the Lord. Jésus te di yo: “Vin pran ti dejene.” Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.
13 Jesus came, took the bread, and gave it to them, and the fish as well. Jésus te vini. Li te pran pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.
14 This was now the third time Jesus revealed himself to the disciples after being raised from the dead. Sa koulye a se twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.
15 After they ate breakfast, Jesus asked Simon Peter, "Simon, son of John, do you love me with all your heart, more than these?" He answered, "Yes, Lord, you know I love you as a friend." Jesus told him, "Feed my lambs." Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?” Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”
16 A second time Jesus asked, "Simon son of John, do you love me with all your heart?" He replied, "Yes, Lord, you know I love you as a friend." Jesus said, "Take care of my sheep." Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”
17 A third time Jesus said to him, "Simon son of John, do you love me as a friend?" Peter was hurt that Jesus asked him a third time, "Do you love me as a friend?" and said, "Lord, you know everything; you know that I love you as a friend." Jesus said to him, "Feed my sheep." Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.
18 "Truly, truly, I tell you: when you were young, you dressed yourself and went where you wanted; but when you're old, you'll stretch out your hands, and another will dress you and take you where you don't want to go." Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”
19 Jesus said this to show by what kind of death Peter would glorify our Father. Then he told him, "Follow me." Sila Li te di pou montre pa ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”
20 Peter turned and saw the disciple Jesus loved following—the one who leaned back against Jesus at supper and asked, "Lord, who is going to betray you?" Pierre te vire gade pa dèyè e te wè disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”
21 When Peter saw him, he said to Jesus, "Lord, what about this man?" Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”
22 Jesus told him, "If I want him to remain until I come, what's that to you? You follow me." Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, swiv Mwen!”
23 So this word spread among the brothers and sisters that this disciple would not die. Yet Jesus did not tell him he would not die, but, "If I want him to remain until I come, what is that to you?" Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”
24 This is the disciple testifying to these things and who wrote them; we know his testimony is true. Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.
25 Jesus did many other things too. If each were written down, I don't think the world itself could hold the books written. Epi genyen osi anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tou lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]