Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In my first book, Theophilus, I wrote about everything Jesus began to do and teach, Premye istwa ke m te ekri a, chè Théophile, sou tout bagay ke Jésus te kòmanse fè ak enstwi yo,
2 until the day he was taken up, having given commands through the Holy Spirit to the apostles he had chosen. jis rive jou lè Li te monte nan syèl la apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo.
3 After his suffering, he showed himself alive to them through many proofs, appearing to them forty days, speaking of our Father's kingdom. A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.
4 While staying with them, he ordered them not to leave Jerusalem but to wait for my Father's promise—"which," he said, "you heard from me; Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan.
5 for John baptized with water, but within a few days you will be baptized with the Holy Spirit." Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”
6 So, gathered together, they asked, "Lord, will you restore the kingdom to Israel now?" Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”
7 He said to them, "You're not to know times or seasons that my Father has set by his own authority. Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L.
8 But when the Holy Spirit falls on you, you'll gain power to be my witnesses—in Jerusalem, all Judea, Samaria, and earth's farthest reaches." Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”
9 After he said these things, as they watched, he was lifted up, and a cloud took him from their sight. Lè Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.
10 As they stared into heaven while he went, suddenly two men in white clothes stood beside them. Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L;
11 They said, "Galileans, why stare at the sky? This Jesus, taken from you into heaven, will return exactly as you saw him go." E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.
12 Then they returned to Jerusalem from the Mount called Olivet, near Jerusalem, about a half-mile away. Alò, yo te retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba.
13 Entering, they went up to the upstairs room where they stayed: Peter, John, James, Andrew, Philip, Thomas, Bartholomew, Matthew, James son of Alphaeus, Simon the Zealot, and Judas son of James. Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la.
14 All these persisted together in prayer, with the women, Mary the mother of Jesus, and his brothers. Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
15 In those days Peter stood up among the brothers (about 120 in all) and said, Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di:
16 "Brothers, the Scripture the Holy Spirit spoke beforehand through the mouth of David about Judas—who became guide to those who arrested Jesus—had to be fulfilled. “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo.
17 For he was numbered among us and was allotted his share in this ministry." Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan èv sila a.
18 (This man bought a field with the pay for his wrongdoing, then fell headfirst, burst open in the middle, and all his insides spilled out. “Alò mesye sila te vin achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti.
19 This became known to everyone living in Jerusalem, so the field was named in their language Akeldama, that is, Field of Blood.). Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.
20 "For it's written in the Book of Psalms: 'Let his camp become empty, with no one living there,' and 'Let another take his position.' “Paske sa ekri nan liv Sòm Yo: ‘Kite kote li rete a vin devaste; e pa kite pèsòn rete ladan l’; ‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’.
21 So one of the men who accompanied us all along, while the Lord Jesus went in and out among us, “Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo,
22 from John's baptism until the day he was taken up from us—one of these must become with us a witness to his resurrection." kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlève soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”
23 And they put forward two—Joseph called Barsabbas, who was also called Justus, and Matthias. Konsa yo te mete devan de mesye, Joseph ke yo te rele Barsabbas, ki te anplis rele Justus, ak Matthias.
24 They prayed and said, "You, Lord Jesus, who know all hearts, show which one of these two you chose, Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a,
25 to take the place in this ministry and apostleship that Judas left to go to his own place. pou okipe èv apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”
26 They cast lots for them; the lot fell to Matthias, and he was counted with the eleven apostles." Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]