Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When the day of Pentecost arrived, they were all together in one place. Lè jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas.
2 Suddenly a sound like a violent, rushing wind came from heaven and filled the entire house where they sat. Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli tout kay kote yo te chita a.
3 What looked like divided tongues of fire appeared and rested on each one of them. Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak.
4 All were filled with the Holy Spirit and began speaking in other tongues, as the Spirit gave them words to say. Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.
5 At that time devout Jews from every nation under heaven were living in Jerusalem. Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la.
6 When this sound rang out, a crowd gathered, confused, since each one heard them speak in his own language. Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.
7 They were amazed and astonished, saying, "Are not all these who are speaking Galileans? Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen?
8 How is it, then, that each of us hears them in our own native language? E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou?
9 Parthians, Medes, and Elamites; those who live in Mesopotamia, Judea and Cappadocia, Pontus and Asia, Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo Pont ak Asie yo
10 Phrygia, Pamphylia, Egypt, the parts of Libya near Cyrene; visitors from Rome, Jews and converts to Judaism; Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak teritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo,
11 Cretans and Arabs—we hear them telling in our own tongues the mighty works of our Father!" Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”
12 They were all amazed and perplexed, saying to one another, "What does this mean?" Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?”
13 But others mocked and said, "They are full of sweet wine." Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.
14 But Peter stood with the eleven, raised his voice, and declared to them: "Men of Judea, everyone living in Jerusalem—know this and listen carefully to my words. Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen.
15 These people are not drunk, as you suppose, for it is only nine o'clock in the morning. Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a paske se sèlman twazyèm è nan jounen an.
16 No, this is what was spoken through the prophet Joel: Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la:
17 'And in the last days, says our Father, I will pour out my Spirit on all people; your sons and your daughters will prophesy, your young men will see visions, and your old men will dream dreams. ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, e granmoun nou yo va fè rèv.
18 Even on my male servants and my female servants in those days I will pour out my Spirit, and they will prophesy. Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason, nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen, e yo va pwofetize.
19 I will show wonders in the heavens above and signs on the earth below—blood and fire and billows of smoke. Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la, ak sign anba sou latè; san avèk dife, avèk vapè lafimen.
20 The sun will be turned to darkness and the moon to blood, before the great and glorious day of the Lord comes. Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san, avan gran jou mèvèy Senyè a vini.
21 And everyone who calls on the name of the Lord will be saved.'" E li va rive ke tout moun ki rele Non Senyè a va sove.’
22 "Men of Israel, hear these words: Jesus of Nazareth—a man our Father attested to you through miracles, wonders, and signs our Father did through him among you, as you yourselves know. “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an,
23 This man, handed over by our Father's set plan and foreknowledge, you crucified and killed by the hands of lawless men. nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò.
24 But our Father raised him, freeing him from death's agony, since death could not hold him. Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.
25 For David says of him: 'I saw our Father always before me, for he's at my right hand, so I won't be shaken.' ‘Paske David te di sou Li: ‘Mwen te toujou wè Senyè a devan fas mwen an; paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle”.
26 Therefore my heart was glad and my tongue rejoiced; moreover, my body also will rest in hope. Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj. Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,
27 For you will not abandon my soul to the grave, nor let your Holy One see decay. paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo, ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.
28 You have shown me the paths of life; you will fill me with gladness in your presence." Ou fè m konnen chemen lavi yo; Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’
29 "Brothers, I can tell you plainly: our ancestor David died, was buried, and his tomb remains with us to this day. “Frè m yo, mwen kapab di nou avèk konfyans selon zansèt nou David, ke li te mouri, li te antere, e ke tonm li la avèk nou jiska jodi a.
30 Since he was a prophet, he knew our Father had sworn an oath to seat one of his descendants on his throne, Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou fè youn nan desandan li yo chita sou twòn li an,
31 he foresaw and spoke of the Christ's resurrection, that he was not abandoned to the grave, nor his body saw decay. li te gade pi lwen e te pale sou rezirèksyon Kris la ke ‘Li pa t ni abandone nan sejou mò yo, ni kite chè L dekonpoze.’
32 This Jesus our Father raised up, and we are all witnesses of it. Jésus sila Bondye te fè leve ankò a, de sa, nou tout te temwen.
33 So, lifted up to our Father's right hand, having received the promised Holy Spirit from the Father, he poured out what you now see and hear. “Konsa, akoz Li te leve wo rive kote men dwat Bondye, e te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.
34 For David never went up into heaven, but he himself says: "Our Father said to my Lord, 'Sit at my right hand, “Paske se pa t David ki te monte nan syèl la, men se te li menm ki di: ‘SENYÈ a te di a Senyè m nan, chita bò dwat Mwen
35 until I make your enemies a footstool for your feet.'" Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’
36 "So let the whole house of Israel know for certain: our Father made this Jesus, whom you crucified, both Lord and Christ." “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”
37 Cut to the heart at this, they asked Peter and the other apostles, "Brothers, what should we do?" Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Peter said to them, "Repent, and each of you be baptized in the name of Jesus Christ for the forgiveness of your sins, and you will receive the gift of the Holy Spirit. Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.
39 For the promise is for you, your children, and all far off—as many as the Sovereign our Father will call to himself." Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40 And with many other words he warned and urged them, saying, "Save yourselves from this corrupt generation." Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
41 So those who welcomed his message were baptized, and about 3,000 people were added that day. Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.
42 They devoted themselves to the apostles' teaching and deep communion, to the breaking of bread and the prayers. Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Awe came over everyone, and many wonders and signs were done through the apostles. Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 All who believed were together and had all things in common. Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm:
45 They sold their property and possessions and distributed the proceeds to all, as anyone needed. Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak.
46 Every day, devoting themselves together in the temple, breaking bread house to house, they shared food with joyful, sincere hearts, De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè.
47 praising our Father, with favor among all the people. The Lord added to their number daily those being saved. Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo. Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]