Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Peter and John were going up to the temple at around three in the afternoon, the hour of prayer. Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè nevyèm è, lè lapriyè.
2 A man lame from birth was carried and placed daily at the temple gate called Beautiful, to beg from those entering the temple. Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo.
3 Seeing Peter and John about to go into the temple, he asked them for money. Lè l te wè Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.
4 And Peter, gazing at him with John, said, "Look at us." Pierre te fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!”
5 And he fixed his attention on them, expecting to receive something from them. Konsa, li te kòmanse koute yo, anatandan pou yo bay li yon kichòy.
6 Peter said, "I own no silver or gold, but I give you what I have: in the name of Jesus Christ of Nazareth, rise and walk." Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!”
7 Taking his right hand, he raised him up; instantly his feet and ankles grew strong. Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.
8 Jumping up, he stood, began walking, and entered the temple with them, walking, jumping, and praising our Father. Konsa li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.
9 And all the people saw him walking and praising our Father. Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj.
10 They recognized him as the beggar who sat at the temple's Beautiful Gate, and were filled with wonder and amazement at what had happened to him. Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.
11 As he held on to Peter and John, all the people ran to them at the portico called Solomon's, utterly astonished. Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan pòtay yo rele Salomon an.
12 Seeing this, Peter said to the people, "Israelites, why does this amaze you? Why stare at us, as if by our own power or godliness we made him walk? Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?
13 The God of Abraham, Isaac, and Jacob, the God of our fathers, glorified his servant Jesus, whom you handed over and denied before Pilate, when Pilate decided to release him. “Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.
14 But you denied the Holy and Righteous One, asking that a murderer be given to you. “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen,
15 You killed the Author of life; our Father raised him from the dead. To this we are witnesses. e te touye Prens Lavi a, sila menm ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te temwen.
16 His name, through faith in his name, has made this man strong—the very man you see and know. And faith in Jesus has given him this complete health right before your eyes. “Konsa, sou baz lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.
17 "And now, brothers, I know that you acted in ignorance, as did also your rulers. “E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi.
18 But our Father fulfilled what he predicted through all the prophets: his Christ would suffer. Men bagay ke Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.
19 Repent, then, and turn back, so your sins are wiped out, “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;
20 that times of refreshing may come from our Father's presence, and that he may send the Christ appointed for you, Jesus, epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè,
21 whom heaven must receive until all things are restored, about which our Father spoke through his holy prophets long ago. Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.
22 Moses said, 'Your Father will raise up a prophet like me for you, from your brothers. Listen to him in everything he tells you.' “Moïse te di: ‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou.
23 Anyone who does not listen to that prophet will be utterly destroyed from among the people.' E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila va detwi nèt pami pèp la.’
24 All the prophets who spoke, from Samuel onward, also announced these days. “Epi menm jan an tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.
25 You are the sons of the prophets and of the covenant our Father made with your fathers, telling Abraham, 'By your offspring all the families of the earth will be blessed.' “Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: ‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.
26 Our Father raised up his servant and sent him to you first, to bless you by turning each of you from your evil." “ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]