Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 While Peter and John were speaking to the people, the priests, the temple captain, and the Sadducees came up to them, Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk Sadiseyen yo te rive kote yo.
2 greatly annoyed because they were teaching the people and proclaiming the resurrection from the dead in Jesus. Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo.
3 They arrested them and put them in custody until the next day, since it was already evening. Yo te mete men sou yo, e te mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa.
4 But many who heard the message believed, and the men's number reached about 5,000. Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.
5 The next day their rulers, elders, and teachers of the law gathered together in Jerusalem, Nan landemen, chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem.
6 with Annas the high priest, Caiaphas, John, Alexander, and all who were of the high-priestly family. Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo.
7 They stood them in the middle and asked, "By what power or by what name did you do this?" Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”
8 Then Peter, filled with the Holy Spirit, said to them, "Rulers of the people and elders, Alò, Pierre ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la,
9 if we're questioned today about a good deed to a sick man, how he was healed. Si nou parèt devan tribinal jodi a pou benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri,
10 Know this, all of you and all Israel's people: by the name of Jesus Christ of Nazareth, whom you crucified, whom our Father raised from the dead—by him this man stands before you well. kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante.
11 This Jesus is "the stone you builders rejected, which has become the cornerstone." ‘Se Li menm ki wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’
12 Salvation is in no one else; no other name under heaven is given among people by which we must be saved." “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
13 Seeing Peter and John's boldness, and realizing they were uneducated, ordinary men, they were amazed and recognized they had been with Jesus. Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.
14 Seeing the healed man standing with them, they had nothing to say against it. Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.
15 So they ordered them to leave the council, and then they conferred among themselves, Men lè yo fin mande yo kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm.
16 saying, "What should we do with these men? A notable sign has happened through them, plain to all who live in Jerusalem, and we cannot deny it. Yo te di: “Alò kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vrè.
17 But to stop this from spreading further among the people, let's warn them to speak to no one in this name again." “Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun nan non sila a.”
18 They called them and ordered them not to speak or teach at all in Jesus' name. Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
19 Peter and John answered them, "You judge whether it's right before our Father to listen to you rather than to him. Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije.
20 For we cannot help speaking about what we have seen and heard." Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
21 After more threats, they released them, finding no way to punish them because of the people, since all were glorifying our Father for what happened. Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap bay Bondye glwa pou sa ki te rive a.
22 For the man who had received this sign of healing was over forty years old. Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.
23 Once released, they went to their own people and reported all the chief priests and elders had said to them. Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo.
24 Hearing this, they raised their voices together to our Father and said, "Sovereign Father, you made heaven, earth, sea, and everything in them. Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann,
25 You spoke by the Holy Spirit through the mouth of our father David, your servant: "Why did the nations rage and the peoples plot in vain?" ki pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di: ‘Poukisa nasyon yo anraje konsa; e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?
26 The kings of the earth took their stand, and the rulers gathered together against our Father and against his Anointed." Wa sou latè yo ap pran pòz yo e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a ak kont Kris Li a.’
27 For truly, in this city, Herod and Pontius Pilate gathered with the Gentiles and peoples of Israel against your holy servant Jesus, whom you anointed, “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,
28 to do whatever your hand and your plan had decided beforehand should happen. pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt.
29 Now, Father, see their threats, and let your servants speak your word with all boldness, E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo pale pawòl Ou avèk tout konfyans,
30 as you reach out your hand to heal, and signs and wonders occur through the name of your holy servant Jesus. pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”
31 After they prayed, the place they were gathered in shook; all were filled with the Holy Spirit and spoke the word of our Father boldly. Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
32 All the believers were one in heart and soul; no one called any possession their own, but held everything in common. Tout nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun.
33 With great power the apostles testified to the Lord Jesus's resurrection, and great grace rested on them all. Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout.
34 No one among them was needy: all who owned land or houses sold them and brought the price of what was sold, Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay,
35 and laid it at the apostles' feet, and it was distributed to each according to their need. pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
36 Joseph, a Levite from Cyprus, whom the apostles called Barnabas (which means Son of Encouragement), Joseph, yon Levit ki te ne an Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis Ankourajman an
37 sold a field he owned, brought the money, and laid it at the apostles' feet. te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]