Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now a man named Ananias, together with his wife Sapphira, sold a piece of property. Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon moso tè.
2 He kept back part of the proceeds for himself, with his wife aware, and brought only a portion, laying it at the apostles' feet. Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.
3 But Peter said, "Ananias, why has Satan filled your heart to lie to the Holy Spirit and keep back part of the land's price? Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt.
4 Wasn't it yours while unsold? After selling, wasn't the money yours to control? Why did you plan this in your heart? You didn't lie to people, but to our Father." Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”
5 Hearing these words, Ananias fell down and died; great fear seized all who heard. Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
6 Then the young men rose, wrapped up his body, carried him out, and buried him. Jennjan yo te leve li, vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.
7 About three hours later his wife came in, not knowing what had happened. Nan anviwon twazèdtan, madanm li, san konnen sa ki te rive a, te antre.
8 Peter asked her, "Tell me, did you sell the land for this much?" She said, "Yes, for that much." Pierre te di li: “Di m si ou te vann tè a pou yon pri konsa?” Li te di: “Wi, pou yon pri konsa”.
9 Then Peter said to her, "Why did you conspire to test the Spirit of our Father? Look, the feet of those who buried your husband are at the door, and they'll carry you out too." Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”
10 At once she fell at his feet and died. The young men came in, found her dead, carried her out, and buried her beside her husband. Konsa li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li.
11 And great fear came upon the whole church and upon all who heard of these things. Yon gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
12 Many signs and wonders happened among the people through the apostles' hands. They all gathered together in Solomon's Portico. Pa men apòt yo, anpil sign ak mirak te fèt pami pèp la, e yo tout te an akò nan Galri Salomon an.
13 None of the rest dared to join them, but the people held them in high honor. Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men pèp la te bay yo lwanj.
14 Even more believers were added to the Lord—crowds of men and women, Konsa, anpil kwayan nan non Senyè a, yon fòs kantite gason avèk fi t ap ajoute tout tan pami yo.
15 so they even carried the sick into the streets and put them on cots and mats, hoping that at least Peter's shadow might fall on some of them as he passed. Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.
16 Crowds also came from towns around Jerusalem, bringing the sick and those tormented by unclean spirits, and all were healed. Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri.
17 The high priest rose up, and all with him, the Sadducee party, and they were filled with jealousy. Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil.
18 They arrested the apostles and put them in the public prison. Yo te mete men sou apòt yo, e te mete yo nan yon prizon piblik.
19 But at night an angel of our Father opened the prison doors, led them out, and said, Men yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di:
20 "Go, stand in the temple and speak to the people all the words of this Life." “Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan tout pawòl lavi a.”
21 Hearing this, they went into the temple at dawn and began teaching. When the high priest and those with him arrived, they convened the council—the full assembly of elders of Israel—and sent to the jail to have them brought. Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi. Men lèwo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini.
22 But the guards found no one there when they arrived; they returned and reported, Men lè jandam yo te vini, yo te twouve ke yo pa t nan prizon an. Konsa yo te retounen pou te bay rapò a.
23 "We found the prison locked tight, guards standing at the doors, but opening them, found no one inside." Yo te di: “Nou te twouve prizon an byen fèmen e byen sere avèk gad yo ki te kanpe devan pòt la, men lè nou te louvri li, nou pa twouve pèsòn ladann.”
24 Hearing this, the temple guard captain and chief priests were baffled, wondering where it would lead. Lè wo prèt la avèk kaptenn kò gad tanp lan te tande sa, yo te vin enkyete pou kote pwoblèm sa a ta vin rive.
25 Someone came and reported, "Look, the men you jailed are standing in the temple teaching the people!" Men yon moun te vin di yo: “Gade, mesye sa yo ke nou te mete nan prizon an kanpe nan tanp lan e y ap enstwi pèp la.”
26 Then the captain and officers went and brought them, without force, fearing the people would stone them. Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch.
27 When they had brought them, they set them before the council. And the high priest questioned them, Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo.
28 saying, "We strictly ordered you not to teach in this name, yet you've filled Jerusalem with your teaching and intend to bring this man's blood on us." Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.
29 But Peter and the apostles answered, "We must obey our Father rather than men. Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm.
30 The God of our fathers raised Jesus, whom you killed by hanging him on a tree. Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a.
31 Our Father exalted him to his own right hand as Ruler and Savior, to give Israel repentance and forgiveness of sins. Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo.
32 We are witnesses of these things, and so is the Holy Spirit, whom our Father gave to those who obey him." Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”
33 When they heard this, they were enraged and wanted to kill them. Lè yo te tande sa, yo te byen blese, e te fè plan pou touye yo.
34 But a Pharisee named Gamaliel, a law teacher honored by all the people, stood up in the council and ordered the men taken outside briefly. Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman.
35 He told them, "Israelites, think carefully about what you're about to do with these men. Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo,
36 Before this, Theudas appeared, claiming to be somebody; about 400 men followed him. He was killed, his followers all scattered, and it came to nothing. Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.
37 After him, Judas the Galilean rose up during the census and drew people away after him. He too died, and all who followed him were scattered. “Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.
38 Now I tell you: stay away from these men and leave them alone. If this plan or work is from men, it will fail. “Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a sòti nan lòm, li va boulvèse.
39 But if it's from our Father, you won't be able to overthrow them; you might even find yourselves fighting our Father." So they were persuaded by him. Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap goumen kont Bondye menm.”
40 Persuaded by him, they called in the apostles, beat them, ordered them not to speak in the name of Jesus, and released them. Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.
41 So they left the council, rejoicing they'd been counted worthy to be shamed for the name. Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.
42 Every day, in the temple and house to house, they never stopped teaching and proclaiming the good news: the Christ is Jesus. Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]