Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In those days, as the disciples multiplied, the Greek-speaking Jews grumbled against the Hebrews because their widows were overlooked in the daily distribution of food. Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.
2 So the Twelve called all the disciples together and said, "It's not right for us to neglect our Father's word to serve tables. Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo.
3 So, brothers, pick seven men among you, well-respected, full of the Holy Spirit and wisdom, whom we'll appoint to this task. Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a.
4 But we will devote ourselves to prayer and to the ministry of the word." Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”
5 The whole assembly approved, and chose Stephen—full of faith and the Holy Spirit—along with Philip, Prochorus, Nicanor, Timon, Parmenas, and Nicolaus, a convert from Antioch. Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche.
6 They presented these men to the apostles, who prayed and laid their hands on them. Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin fè lapriyè, yo te poze men sou yo.
7 The word of our Father spread, and disciples in Jerusalem multiplied greatly; a great number of priests became obedient to the faith. Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a lafwa a.
8 Now Stephen, full of grace and power, was performing great wonders and signs among the people. Epi Étienne, ranpli avèk gras ak pouvwa, te fè mèvèy ak mirak pami pèp la.
9 Some from the so-called Synagogue of the Freedmen—Cyrenians, Alexandrians, and men from Cilicia and Asia—rose up to argue with Stephen. Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne.
10 Yet they could not stand up against the wisdom and the Spirit with which he was speaking. Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.
11 Then they secretly instructed men to say, "We heard him speak blasphemous words against Moses and God." Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.
12 They stirred up the people, elders, and scribes; came upon him, seized him, and brought him before the council. Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la.
13 They brought in false witnesses, saying, "This man never stops speaking against this holy place and the law. Yo te mete devan fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont lye sakre sila a, ak Lalwa.
14 For we heard him say this Jesus of Nazareth will destroy this place and change the customs Moses handed down to us." Paske nou konn tande li di ke Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”
15 Everyone sitting in the council stared at him and saw his face was like an angel's face. Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]