Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the high priest asked, "Are these things true?" Wo prèt la te di: “Èske bagay sa yo se vrè?”
2 Stephen said, "Brothers and fathers, listen: Our Father of glory appeared to our father Abraham in Mesopotamia, before he lived in Haran, Li te di: “Koute m frè m yo ak ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran.
3 and told him, 'Leave your land and relatives, and go to the land I'll show you.' E Li te di li: “Kite peyi ou, ak fanmi ou, pou vini nan peyi ke Mwen menm va montre ou a”.
4 He left the Babylonians' land and settled in Haran. After his father died, our Father moved him from there into this land you now live in. Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a.
5 He gave him no inheritance in it, not even a foot of ground—yet promised it to him and his descendants after him as a possession, though he had no child. Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.
6 And our Father said his offspring would be foreigners in a land not their own, enslaved and mistreated 400 years. Men Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane.
7 'I will judge the nation they serve,' our Father said, 'and after, they will come out and worship me in this place.' “Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”
8 He gave him the covenant of circumcision. Abraham fathered Isaac and circumcised him on the eighth day; Isaac fathered Jacob, and Jacob the twelve ancestors. Li te bay li akò sikonsizyon an, epi Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.
9 The ancestors, jealous of Joseph, sold him into Egypt, but our Father was with him, Patriyach yo te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li
10 and rescued him from all his troubles, gave him favor and wisdom before Pharaoh king of Egypt, who made him ruler over Egypt and Pharaoh's whole household. e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.
11 A famine and great suffering struck all Egypt and Canaan, and our fathers found no food. Alò yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje.
12 Hearing there was grain in Egypt, Jacob sent our fathers there first. Men lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a.
13 On the second visit, Joseph made himself known to his brothers, and Pharaoh learned of Joseph's family. Nan dezyèm vizit la Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, efanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon.
14 And Joseph sent for his father Jacob and all his relatives, seventy-five persons in all. Alò Joseph te voye envite Jacob, papa li avèk tout fanmi li pou vin kote l. Te gen swasann-kenz moun antou.
15 And Jacob went down into Egypt, and he died, he and our fathers. Konsa, Jacob te desann an Égypte e li menm avèk zansèt nou yo te mouri la.
16 They were taken back to Shechem, and buried in the tomb Abraham had bought for silver from Hamor's sons in Shechem. Depi la kò yo te deplase retounen nan Sichem, pou te antere yo nan tonm nan ke Abraham te achte pou yon sòm lajan nan men fis a Hémor an Sichem yo.
17 As the time of the promise our Father gave Abraham neared, the people grew and multiplied in Egypt, Men pandan tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte,
18 until there arose over Egypt another king who did not know Joseph. jiskaske Yon lòt wa te leve sou Égypte ki pa t konnen anyen de Joseph.
19 This king exploited our people and mistreated our fathers, forcing them to abandon their infants to die. Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab fè zanfan pa nou yo pa t kab viv.
20 At that time Moses was born, beautiful in our Father's sight. He was raised three months in his father's house. Se te nan tan sila a ke Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li.
21 And when he was abandoned, Pharaoh's daughter adopted him and brought him up as her own son. Epi lè l te abandonen, fi Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li.
22 Moses was trained in all Egyptian wisdom, and was strong in speech and action. Moïse te enstwi nan tout konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak.
23 When he was forty years old, he decided to visit his brothers, the sons of Israel. Men lè l t ap pwoche laj karant ane, sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo.
24 Seeing one of them wronged, he defended the oppressed man and avenged him by striking down the Egyptian. Konsa, lè l te wè youn nan yo byen maltrete, li te defann li, e te vanje pou sila ki te oprime a, e konsa, te touye Ejipsyen an.
25 He thought his brothers would understand our Father was giving them salvation through his hand, but they didn't understand. Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann.
26 The next day he came upon them as they were fighting and tried to reconcile them, saying, 'Men, you are brothers. Why do you wrong each other?' “Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’
27 But the man wronging his neighbor shoved Moses aside, saying, 'Who made you ruler and judge over us? “Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou?
28 Do you want to kill me as you killed the Egyptian yesterday?' Èske ou gen entansyon touye m menm jan ke ou te touye Ejipsyen an ayè a?’
29 At this word, Moses fled and lived as a foreigner in the land of Midian, where he fathered two sons. “Akoz pawòl sila a Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.
30 Forty years later, an angel appeared to him in the wilderness of Mount Sinai, in a burning bush's flame. “Apre karant ane te pase, Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa.
31 Moses saw it and was amazed; as he approached to look closer, our Father's voice came: Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li:
32 'I am the God of your fathers—the God of Abraham, Isaac, and Jacob.' Moses trembled, not daring to look. ‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade.
33 Then our Father told him, 'Take the sandals off your feet, for the place you're standing on is holy ground.' “Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen.
34 I have indeed seen my people's suffering in Egypt, heard their groaning, and come down to rescue them. Now go—I'm sending you to Egypt. Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’
35 This Moses, whom they rejected, saying, 'Who made you ruler and judge?'—this is the one our Father sent as both ruler and redeemer, through the hand of the angel who appeared to him in the bush. “Menm Moïse sila a ke yo te rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a.
36 This man led them out, doing wonders and signs in the land of Egypt, at the Red Sea, and in the wilderness for forty years. Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a.
37 This is the Moses who told Israel's sons, 'Our Father will raise up a prophet like me for you, from your brothers.' Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: ‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’
38 This is the one who was in the wilderness assembly with the angel speaking to him at Mount Sinai, and with our fathers—he received living words to give us. “Sa se li menm ki te nan asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa pawòl vivan yo pou pase bannou.
39 Our fathers refused to obey him; they rejected him and in their hearts turned back to Egypt, “Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte.
40 telling Aaron, 'Make us gods to go ahead of us. As for this Moses who led us out of the land of Egypt, we don't know what happened to him.' Konsa yo di a Aaron: ‘Fè pou nou dye yo ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a ki te mennen nou sòti an Égypte la, nou pa menm konnen kisa ki rive li.’
41 They made a calf in those days, offered a sacrifice to the idol, and celebrated what their hands had made. Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan zèv a pwòp men yo.
42 But our Father turned away, giving them over to worship the host of heaven, as written in the prophets' book: 'Did you bring me slaughtered animals and sacrifices for forty years in the wilderness, house of Israel? “Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo: ‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri ofrann ak sakrifis karant ane nan dezè a, O lakay Israël.
43 You carried Moloch's tent and your god Rephan's star, the idols you fashioned to worship them; so I will banish you far beyond Babylon.' Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la, ak zetwal a dye Remphan an; imaj ke nou te fè pou adore yo. Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’
44 Our ancestors had the tent of witness in the wilderness, as he who spoke to Moses directed him to make it, matching the pattern he'd seen. “Zansèt nou yo te gen tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou fè, selon modèl ke li te wè a.
45 Our fathers in turn brought it in with Joshua when they dispossessed the nations that our Father drove out before them. So it was until the days of David, “Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la.
46 who found favor with our Father and asked to find a dwelling place for our Father. David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite.
47 But it was Solomon who built a house for him. Men se te Salomon ki te bati yon kay pou Li.
48 Yet the Most High does not live in houses made by human hands, as the prophet says: “Poutan Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a:
49 'Heaven is my throne, and the earth is my footstool. What kind of house will you build for me, says our Father, or what is the place of my rest? ‘Syèl la se twòn Mwen, E tè a se ban pou pye Mwen. Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’ ‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen?
50 Did not my hand make all these things?' Se pa t men Mwen ki te fè tout bagay sa yo?’
51 "You stubborn people, uncircumcised in heart and ears, always resist the Holy Spirit—like your fathers, so do you. “Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.
52 Which of the prophets did your fathers not persecute? They killed those who announced beforehand the Righteous One's coming—whom you have now betrayed and murdered. Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine.
53 You who received the law through angels and yet did not keep it." Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon òdonans pa zanj yo, te vyole li.”
54 Now when they heard these things they were enraged, and they ground their teeth at him. Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.
55 But Stephen, full of the Holy Spirit, looked into heaven, saw the glory of our Father, and Jesus standing at the right hand of our Father. Men ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki t ap kanpe bò men dwat Bondye.
56 And he said, "Look, I see the heavens opened and the Son of Man standing at our Father's right hand." Li te di: “Gade byen, Mwen wè syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
57 But they cried out with a loud voice, covered their ears, and rushed at him. Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa,
58 They threw him out of the city and stoned him. The witnesses laid their coats at the feet of a young man named Saul. e lè yo te fin pouse li deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.
59 And as they were stoning him, Stephen called out, "Lord Jesus, receive my spirit." Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”.
60 Kneeling, he cried out loudly, "Lord, do not hold this sin against them." Then he fell asleep. Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]