Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Saul approved of Stephen's killing. That day a great persecution erupted against the Jerusalem church, scattering everyone except the apostles through Judea and Samaria. Saul te fin dakò nèt ak lanmò li. Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo.
2 Devout men buried Stephen and mourned loudly over him. Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.
3 But Saul was destroying the church, entering house after house, dragging off men and women, throwing them in prison. Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.
4 So those scattered went everywhere, proclaiming the good news of the word. Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.
5 Philip went down to the city of Samaria and proclaimed Christ to them. Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.
6 The crowds paid attention together to Philip's words, hearing and seeing the signs he did. Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo.
7 Unclean spirits came out of many who were possessed, screaming loudly, and many paralyzed and lame were healed. Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te paralize e bwate te geri.
8 So there was great joy in that city. Donk, te gen anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.
9 A man named Simon had already practiced magic in that city, amazing Samaria's people and claiming to be someone great. Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
10 Everyone, from least to greatest, listened to him, saying, "This man is God's power, called Great." Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: “Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.”
11 They paid attention to him because for a long time he had amazed them with his magic. Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk metye maji sila a.
12 But when they believed Philip's good news about the kingdom of our Father and the name of Jesus Christ, men and women were baptized. Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an.
13 Simon himself believed, was baptized, and stayed close to Philip, amazed at the signs and great miracles he saw. Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
14 When the apostles in Jerusalem heard Samaria had received our Father's word, they sent Peter and John to them. Alò, lè apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pierre avèk Jean bay yo.
15 When they arrived, they prayed for them that they might receive the Holy Spirit, Lè yo te vin desann, yo te priye pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an.
16 for the Holy Spirit had not yet fallen on any of them; they were only baptized into the name of the Lord Jesus. Paske Li potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus.
17 Then they laid their hands on them, and they received the Holy Spirit. Alò, yo te mete men sou yo, epi yo te resevwa Lespri Sen an.
18 When Simon saw the Spirit given through the apostles' laying on of hands, he offered them money, Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan.
19 saying, "Give me this power too, so whoever I lay hands on receives the Holy Spirit." Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
20 Peter said to him, "May your silver perish with you, since you thought you could buy our Father's gift with money! Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan.
21 You have no part or share in this matter, for your heart is not right before our Father. Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye.
22 So turn from this evil, and pray to our Father that, if possible, your heart's intent may be forgiven you. Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone.
23 I see you poisoned by bitterness and bound by evil." Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e mare nan inikite.”
24 Simon answered, "Pray to God for me, that nothing you have said may come upon me." Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”
25 So, having testified and spoken our Lord Jesus's word, they returned to Jerusalem, preaching the good news in many Samaritan villages. Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.
26 Then an angel of our Father told Philip, "Get up and go south to the road going down from Jerusalem to Gaza"—a desert road. Men yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)
27 He got up and went. There was an Ethiopian eunuch, a court official of Candace, queen of the Ethiopians, in charge of all her treasury, who had come to Jerusalem to worship, Konsa, li te leve ale, epi konsa, te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e te la nan Jérusalem pou adore Bondye.
28 and was returning, seated in his chariot and reading the prophet Isaiah. Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.
29 And the Holy Spirit said to Philip, "Go over and catch up with that chariot." Alò Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.
30 Philip ran up, heard him reading the prophet Isaiah, and asked, "Do you understand what you're reading?" Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
31 He said, "How can I, unless someone guides me?" and invited Philip up to sit with him. Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.
32 Now the passage of Scripture he was reading was this: "Like a sheep he was led to the slaughter, and like a lamb silent before its shearer, so he did not open his mouth. Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a: “Li te mennen kon yon mouton nan labatwa. Kon yon jenn mouton an silans devan sa k ap taye lenn sou do l, li pa t louvri bouch li.
33 In his humiliation justice was denied him. Who can describe his generation? For his life is taken away from the earth." Nan imilyasyon, jistis li te rachte. Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la? Paske vi Li retire sou tè a.”
34 The eunuch said to Philip, "Tell me, of whom does the prophet say this—himself, or someone else?" Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”
35 Philip opened his mouth and, starting from this Scripture, told him the good news about Jesus. Alò, Philippe te louvri bouch li e te kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.
36 Traveling the road, they reached water, and the eunuch said, "Look, water! What stops me from being baptized?" Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.”
37 Not in this edition Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.”
38 He ordered the chariot to stop; both went down into the water, Philip and the eunuch, and Philip baptized him. Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.
39 When they came up out of the water, the Spirit of our Father snatched Philip away; the eunuch never saw him again, but went on his way rejoicing. Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.
40 Philip found himself at Azotus. He traveled through, announcing the good news in every town until he reached Caesarea. Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]