Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 But Saul, still breathing threats and murder against the Lord's disciples, went to the high priest, Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la.
2 and asked him for letters to Damascus's synagogues, so that if he found any of the Way, men or women, he could bring them bound to Jerusalem. Li te mande li bay li lèt a sinagòg Damas yo pou si li te twouve nenpòt moun ki nan Chemen an, fanm kou gason, li ta kapab mennen yo mare a Jérusalem.
3 As he traveled and was approaching Damascus, suddenly a light from heaven flashed around him. Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li.
4 He fell to the ground and heard a voice saying, "Saul, Saul, why are you persecuting me?" Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”
5 He said, "Who are you, Lord?" And he said, "I am Jesus, whom you are persecuting. Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?” Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.
6 But rise and enter the city, and you will be told what you must do." Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”
7 The men traveling with him stood speechless, hearing the voice but seeing no one. Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn.
8 Saul got up from the ground, but with eyes open he saw nothing; they led him by the hand and brought him into Damascus. Saul te leve atè a, e malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas.
9 He was blind for three days and neither ate nor drank. Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.
10 A disciple named Ananias lived in Damascus. In a vision the Lord said, "Ananias." He answered, "Here I am, Lord." Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!” Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”
11 The Lord said to him, "Get up, go to the street called Straight, and look in Judas's house for a man from Tarsus named Saul—he is praying, Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye.
12 and in a vision has seen a man named Ananias come in and place his hands on him so he may see again." Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”
13 Ananias replied, "Lord, many have told me about this man—the harm he's done your holy ones in Jerusalem. Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem.
14 And here he has authority from the chief priests to bind all who call on your name." Isit la menm, li gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki rele Non Ou yo.”
15 But the Lord said to him, "Go, for this man is my chosen instrument to carry my name before nations, kings, and Israel's people. Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo.
16 For I will show him how much he must suffer for the sake of my name." Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”
17 Ananias went and entered the house. He laid hands on Saul and said, "Brother Saul, the Lord Jesus—who appeared to you on the road you traveled—sent me so you may see again and be filled with the Holy Spirit." Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”
18 Immediately something like scales fell from his eyes, and he could see again. He got up and was baptized, Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize.
19 and after eating, he regained his strength. For some days he was with the disciples in Damascus, Li te pran manje e te reprann fòs li. Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo.
20 and immediately he began proclaiming Jesus in the synagogues, that he is the Son of our Father. Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus nan sinagòg yo e t ap di: “Li se Fis Bondye a”.
21 All who heard were amazed and said, "Isn't this the man who caused such havoc in Jerusalem among those calling on this name? And hasn't he come here for this: to bring them bound before the chief priests?" Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”
22 But Saul grew stronger still, bewildering the Jews living in Damascus by proving this one is the Christ. Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.
23 After many days had passed, the Jews plotted to kill him, Lè anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li,
24 but Saul learned of their plot; they watched the gates day and night to kill him, men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò.
25 but at night his disciples lowered him through the wall in a basket. Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen.
26 Arriving in Jerusalem, he tried to join the disciples, but all feared him, not believing he was a disciple. Konsa, lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.
27 But Barnabas took him to the apostles and explained how Saul had seen the Lord on the road, who spoke to him, and how in Damascus he had spoken boldly in Jesus' name. Men Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.
28 So he was with them, moving freely about Jerusalem, speaking boldly in the name of the Lord. Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem.
29 He spoke and debated with the Hellenists, but they were seeking to kill him. Li t ap pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò.
30 When the brothers learned this, they brought him down to Caesarea and sent him off to Tarsus. Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann Césarée, e te voye li ale Tarse.
31 So the church throughout Judea, Galilee, and Samaria had peace and was strengthened; walking in the fear of the Lord and comforted by the Holy Spirit, it multiplied in number. Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
32 As Peter traveled among all the believers, he also went down to the holy ones living in Lydda. Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote fidèl ki te rete nan Lydde yo.
33 There he found a man named Aeneas, bedridden for eight years, who was paralyzed. La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.
34 Peter said to him, "Aeneas, Jesus Christ heals you. Get up, make your bed." He got up at once. Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.
35 And all who lived in Lydda and Sharon saw him, and they turned to the Lord. Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire vè Senyè a.
36 In Joppa lived a disciple named Tabitha, meaning Dorcas. She was full of good works and help for the poor. Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan.
37 In those days she got sick and died; they washed her and laid her in an upstairs room. Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè.
38 Since Lydda was near Joppa, disciples who heard Peter was there sent two men to him, urging, "Don't delay coming to us." Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!
39 So Peter got up and went with them. When he arrived, they brought him to the upper room. All the widows stood beside him crying, showing the tunics and cloaks Dorcas had made while with them. Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.
40 Peter sent everyone out, knelt, and prayed. Turning to the body, he said, "Tabitha, get up." She opened her eyes, saw Peter, and sat up. Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: “Tabitha, leve.” Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.
41 Giving her his hand, he raised her up. Calling the holy ones and the widows, he presented her alive. Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.
42 And it became known throughout all Joppa, and many believed in the Lord. Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.
43 And he stayed in Joppa for many days with a man named Simon, a tanner. Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon bòs tanè ke yo rele Simon.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]