Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 There was a man in Caesarea named Cornelius, a centurion of what was called the Italian Cohort. Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan kowòt Italyen an.
2 He was devout, feared our Father with his whole household, gave many gifts to the people, and prayed to our Father constantly. Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.
3 About three in the afternoon he saw clearly in a vision an angel of our Father come to him and say, "Cornelius." Anviwon nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”
4 Staring at him, terrified, he said, "What is it, sir?" The angel replied, "Your prayers and gifts to the poor have risen as a memorial before our Father." Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?” Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye.
5 Now send men to Joppa and bring a man named Simon, who is called Peter. Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre.
6 He is lodging with a tanner named Simon, whose house is by the sea. Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”
7 When the angel who spoke to him left, Cornelius called two of his household servants and a devout soldier from among his regular attendants, Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan.
8 and after explaining everything to them, he sent them to Joppa. Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.
9 The next day, as they journeyed and neared the city, Peter went up on the roof to pray, about noon. Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye.
10 He grew hungry and wanted to eat, but while they prepared food, a trance came over him, Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te tonbe nan yon rèv.
11 and saw heaven opened, and something like a large sheet coming down, lowered by its four corners to the earth. Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè.
12 It held all kinds of four-footed animals and reptiles of the earth and birds of the air. Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo.
13 And a voice came to him: "Rise, Peter; kill and eat." Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”
14 But Peter said, "Absolutely not, Lord; for I have never eaten anything common or unclean." Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”
15 The voice came to him again, a second time: "What I have made clean, don't call common." Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”
16 This happened three times, and at once the sheet was taken up to heaven. Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la.
17 While Peter was puzzled over what the vision meant, suddenly the men sent by Cornelius, having asked the way to Simon's house, stood at the gate, Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè te siyifi a. Epi konsa mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la.
18 and called out to ask whether Simon who was called Peter was lodging there. Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la.
19 As Peter thought about the vision, the Holy Spirit said to him, "Three men are looking for you. Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou.
20 Get up, go downstairs, and go with them without hesitation, for I have sent them." Alò, leve desann eskalye a pou akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.”
21 Peter went down to the men and said, "I'm the one you're looking for. Why have you come?" Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?”
22 They said, "Cornelius, a centurion, upright, fears our Father, and respected by the whole Jewish nation, was told by a holy angel to summon you to his house and hear what you have to say." Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”
23 So he invited them in and hosted them. Next day he set out with them, joined by some brothers from Joppa. Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman. Nan jou swivan a, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li.
24 The next day he entered Caesarea. Cornelius, expecting them, had gathered his relatives and close friends. Nan youn jou pi tà, li te antre Césarée. Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo.
25 When Peter entered, Cornelius met him and fell down at his feet and worshiped him. Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou adore li.
26 But Peter lifted him up, saying, "Stand up! I'm a man too." Men Pierre te leve l e te di: “Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.”
27 While talking with Cornelius, Peter went in and found many people gathered. Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve anpil moun deja reyini.
28 He said to them, "You yourselves know it's unlawful for a Jew to associate with or visit someone of another nation. But our Father showed me I should call no one common or unclean. Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp.
29 So, sent for, I came without objection. Now, why did you send for me?" Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?”
30 Cornelius said, "Four days ago at this hour, three in the afternoon, I was praying in my house, and suddenly a man in bright clothing stood before me, Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye.
31 and said, 'Cornelius, your prayer was heard and your gifts to the poor remembered before our Father. Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.
32 So send to Joppa and call for Simon, known as Peter. He's staying in Simon the tanner's house, by the sea.' Pou sa, voye Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’
33 So I sent for you at once, and you did well to come. Now we're all here before God, to hear all the Lord has commanded you." Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”
34 Peter spoke up: "I truly see our Father shows no favoritism, Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn,
35 but in every nation anyone who fears him and does what is right is acceptable to him. men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.
36 He sent his word to the Israelites, announcing good news of peace through Jesus Christ—he is Lord of all. Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.
37 You yourselves know what happened throughout all Judea, beginning from Galilee after the baptism that John proclaimed: “Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a;
38 how our Father anointed Jesus of Nazareth with the Holy Spirit and power, how he went about doing good and healing all oppressed by the devil, for our Father was with him. sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.
39 We are witnesses of all he did in the Jews' land and Jerusalem—they killed him, hanging him on a tree, “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa.
40 but our Father raised him on the third day and made him appear, Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib
41 not to all the people but to us, witnesses whom our Father chose beforehand, who ate and drank with him after he rose from the dead. pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.
42 He commanded us to preach to the people and testify: our Father appointed him judge of the living and the dead. Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm Jij a vivan e a mò yo.
43 To him all the prophets testify that everyone believing in him receives forgiveness of sins through his name." “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”
44 While Peter was still saying these things, the Holy Spirit fell on all who heard the word. Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.
45 The circumcised believers who came with Peter were amazed that the gift of the Holy Spirit was poured out on Gentiles too. Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou.
46 For they heard them speaking in tongues and praising our Father. Then Peter declared, Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye. Alò, Pierre te reponn:
47 "Can anyone refuse water to baptize these people, who received the Holy Spirit as we did?" “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?”
48 He ordered them baptized in Jesus Christ's name. Then they asked him to stay several days. Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri. Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]