Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The apostles and brothers in Judea heard that Gentiles too had received our Father's word. Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a.
2 So when Peter went up to Jerusalem, those of the circumcision party criticized him, Men lè Pierre te vin monte Jérusalem, sila ki te sikonsi yo te vin pa dakò avèk li.
3 saying, "You visited uncircumcised men and ate with them." Yo t ap di: “Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.”
4 But Peter explained it to them step by step: Konsa, Pierre te kòmanse eksplike yo istwa a nan lòd ke tout bagay te rive yo. Li te di:
5 Praying in the city of Joppa, I fell into a trance and saw a vision: a huge sheet-like object, lowered from heaven by its four corners, reaching me. “Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen.
6 Looking closely at it, I saw four-legged animals, wild beasts, reptiles, and birds. Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo.
7 And I heard a voice saying to me, 'Get up, Peter; kill and eat.' Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: ‘Leve Pierre; touye e manje.’
8 But I said, 'By no means, Lord; for nothing impure or unclean has ever entered my mouth.' “Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’
9 But the voice answered a second time from heaven, 'What our Father has made clean, do not call impure.' “Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: ‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’
10 This happened three times, and all of it was drawn up again into heaven. Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la.
11 Right then three men, sent to me from Caesarea, arrived at the house where we stayed. “Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a.
12 The Spirit told me to go with them, making no distinction. These six brothers also went with me, and we entered the man's house. “Lespri a te di m ale avèk yo san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.
13 He told us how he saw the angel standing in his house and saying, 'Send to Joppa and bring Simon called Peter; “Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la.
14 he will bring you a message by which you will be saved, you and all your household.' Li va pale nou pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk tout lakay nou.’
15 When I began speaking, the Holy Spirit fell on them just as on us at first. “Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an.
16 Then I remembered what our Lord Jesus said: 'John baptized with water, but you will be baptized with the Holy Spirit.' Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’
17 If our Father gave them the same gift he gave us who believed in the Lord Jesus Christ, who was I to stand in our Father's way? “Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”
18 Hearing this, they quieted down and praised our Father, saying, "So our Father has granted repentance that leads to life even to the Gentiles." Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”
19 Those scattered by the persecution over Stephen traveled as far as Phoenicia, Cyprus, and Antioch, speaking the message to no one but Jews. Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.
20 But some of them—men from Cyprus and Cyrene—reached Antioch and spoke to Hellenists too, telling the good news about the Lord Jesus. Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap preche Senyè Jésus a.
21 The hand of our Lord Jesus was with them, and many believed and turned to the Lord. Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.
22 The church in Jerusalem heard about this and sent Barnabas to Antioch. Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye Barnabas Antioche.
23 Arriving, he saw our Father's grace and rejoiced, urging all to remain devoted to the Lord with firm hearts. Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.
24 For he was a good man, full of the Holy Spirit and faith, and a large crowd was added to the Lord. Paske li te yon bon moun. Li te ranpli ak Lespri Sen an, ak lafwa. Konsa, anpil moun te adisyonen a Senyè a.
25 So Barnabas went to Tarsus to look for Saul, Barnabas te kite Tarse pou ale jwenn Saul.
26 finding him, he brought him to Antioch. For a full year they met with the church and taught a large crowd, and in Antioch the disciples were first called Christians. Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun. Disip yo te premyèman rele “Kretyen” la a, nan Antioche.
27 In these days prophets came down from Jerusalem to Antioch. Alò nan tan sa a, kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.
28 One of them, named Agabus, stood up and predicted through the Spirit that a great famine would come over the whole world—it happened in Claudius's days. Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.
29 The disciples decided, each according to ability, to send relief to the brothers living in Judea. Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a frè yo nan Judée.
30 And they did so, sending it to the elders through Barnabas and Saul. Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]