Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 About that time King Herod attacked some who belonged to the church, intending to harm them. Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo.
2 He had James, the brother of John, put to death with the sword. Li te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.
3 Seeing that this pleased the Jews, Herod proceeded to seize Peter too, during the days of Unleavened Bread. Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo.
4 He arrested him, put him in prison, and handed him to four squads of four soldiers to guard, intending to bring him out to the people after the Passover. Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon apre Pak la, pou mennen l devan pèp la.
5 Peter was kept in prison, but the church prayed fervently to our Father for him. Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.
6 That night, before Herod could bring him out, Peter slept between two soldiers, bound with two chains; guards before the door kept watch over the prison. Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.
7 Suddenly an angel of our Father stood beside him, and light filled the cell. He struck Peter's side, woke him, and said, "Get up quickly." The chains fell from his hands. Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!” Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
8 The angel told him, "Get dressed and put on your sandals." Peter complied. Then he said, "Wrap your cloak around you and follow me." Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”
9 So Peter went out and followed, not knowing the angel's actions were real—he thought he saw a vision. Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè.
10 Passing the first and second guard posts, they reached the iron gate to the city, which opened for them on its own. They went out, walked one street, and the angel suddenly left him. Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.
11 Then Peter came to himself and said, "Now I know for certain: our Father sent his angel and rescued me from Herod's hand and from everything the Jewish people expected." Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”
12 Aware of this, he went to Mary's house, mother of John also called Mark, where many were gathered praying. Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye.
13 When Peter knocked at the door of the gateway, a servant girl named Rhoda came to answer. Lè l te frape nan pòtay la, yon sèvant kay la ki te rele Rhode te vin reponn.
14 Recognizing Peter's voice, she was so overjoyed she ran in without opening the gate, announcing Peter stood there. Lè l te rekonèt vwa Pierre a akoz kè kontan li, li pa t ouvri pòt la, men te kouri anndan, e te anonse ke Pierre te kanpe devan pòtay la.
15 "You're out of your mind," they said. But she insisted it was true. So they said, "It's his angel." Yo te di li: “Ou fin pèdi tèt ou!” Men li te kontinye ensiste ke se te konsa. Yo t ap di: “Se zanj li”.
16 But Peter kept on knocking, and when they opened the door and saw him, they were astonished. Men Pierre te kontinye frape sou pòtay la. Lè yo te louvri pòt la, yo te wè li. Yo te etone.
17 Signaling with his hand for quiet, he explained how our Father had led him out of prison. "Tell James and the brothers and sisters this," he said, then left for another place. Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “ Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.
18 When morning came, there was no small commotion among the soldiers over what had become of Peter. Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a.
19 Herod, after searching for him and not finding him, questioned the guards and ordered them executed. Then he went down from Judea to Caesarea and stayed there. Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.
20 Herod was enraged at Tyre and Sidon. Together they came to him, and having won over Blastus, the king's chamberlain, they requested peace, since their land depended on the king's land for food. Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.
21 On the set day Herod dressed in royal robes, sat on the throne, and made a speech to them. Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.
22 And the crowd kept shouting, "This is the voice of a god, not of a man!" Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!”
23 Instantly an angel of our Father struck him down for not giving our Father the glory, and worms ate him and he died. Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.
24 But the word of our Father continued to grow and spread. Men pawòl Senyè a te kontinye grandi e te vin miltipliye.
25 Barnabas and Saul returned from Jerusalem, having finished their mission, taking with them John, also called Mark. Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]