Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the Antioch church were prophets and teachers: Barnabas, Simeon called Niger, Lucius of Cyrene, Manaen (a lifelong companion of Herod the tetrarch), and Saul. Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
2 While they worshiped our Lord Jesus and fasted, the Holy Spirit said, "Set apart for me Barnabas and Saul, for the work I've called them to." Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”
3 Then, after fasting and praying, they laid their hands on them and sent them off. Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.
4 Sent by the Holy Spirit, they went down to Seleucia, then sailed to Cyprus. Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre.
5 Arriving at Salamis, they proclaimed our Father's word in the Jewish synagogues. They had John as their helper. Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.
6 Having crossed the whole island to Paphos, they found a Jewish sorcerer and false prophet named Bar-Jesus, Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten majisyen Jwif, yon fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus
7 who was with the proconsul, Sergius Paulus, an intelligent man. He summoned Barnabas and Saul, wanting to hear our Father's word. ki te avèk pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
8 Elymas the magician—that's his name's meaning—opposed them, trying to turn the proconsul from the faith. Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a.
9 But Saul, who was also called Paul, filled with the Holy Spirit, looked intently at him, Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li.
10 and said, "You son of the devil, enemy of all righteousness, full of every deceit and trickery—will you never stop twisting our Father's straight paths? Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a?
11 Now look: the hand of our Father is on you. You will be blind, unable to see the sun, for a time." Immediately mist and darkness fell on him; he felt his way around, seeking someone to lead him by the hand. Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.” Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.
12 Seeing what happened, the proconsul believed, amazed at the teaching of our Lord Jesus. Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.
13 Paul and his companions sailed from Paphos to Perga in Pamphylia, but John left them and returned to Jerusalem. Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.
14 From Perga they went on to Antioch in Pisidia. On the Sabbath they entered the synagogue and sat down. Men kontinye soti Perge yo te rive Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita.
15 After the reading of the Law and the Prophets, the synagogue leaders sent word: "Brothers, if you have a word of encouragement for the people, speak." Aprè Lalwa ak Pwofèt yo te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”
16 Paul stood, waved his hand, and said, "Men of Israel, and you who fear our Father, listen. Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki krent Bondye, koute:
17 Our Father, the Father of this people Israel, chose our ancestors, made them great during their stay in the land of Egypt, and led them out with a raised arm. Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve Li te mennen yo sòti ladann.
18 And for about forty years he put up with them in the wilderness. Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.
19 After destroying seven nations in Canaan, he gave them their land as an inheritance. “Lè L te fin detwi sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane.
20 This took about 450 years. Then he gave them judges until Samuel the prophet. Apre bagay sa yo, Li te bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la.
21 Then they asked for a king, and our Father gave them Saul son of Kish, a man from Benjamin's tribe, for forty years. “Yo te mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane.
22 After removing him, he raised up David as their king, testifying: 'I have found David son of Jesse, a man after my heart, who will do everything I want.' “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.
23 From this man's offspring our Father has brought to Israel a Savior, Jesus, just as he promised. “Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël yon Sovè, Jésus.
24 Before his coming, John had proclaimed a baptism of repentance to all the people of Israel. “Avan Li te vini Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la.
25 As John was completing his course, he said, 'What do you think I am? I am not he. But look, one is coming after me—I'm not worthy to untie the sandals on his feet.' Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.
26 "Brothers, sons of Abraham's family, and those among you who fear our Father: this salvation message was sent to us. “Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.
27 Jerusalem's people and their leaders didn't recognize him or grasp the prophets' words read each Sabbath—condemning him, they fulfilled those very words. Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li.
28 Though they found no cause for his death, they asked Pilate to have him executed. Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te mande Pilate pou li ta fè l mouri.
29 After they finished everything written about him, they took him down from the tree and laid him in a tomb. Epi lè yo te fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.
30 But our Father raised him from the dead, “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò.
31 for many days he appeared to those who came up with him from Galilee to Jerusalem, now his witnesses to the people. Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, te wè li, menm sila yo ki koulye a se temwen Li a pèp la.
32 And we bring you the good news that what our Father promised to our ancestors. “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a pwomès ki te fèt a zansèt nou yo,
33 He has fulfilled this for us, their children, by raising Jesus, as is also written in Psalm 2: 'You are my Son; today I have fathered you.' ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan: ‘Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen fè Ou.’
34 And as for the fact that he raised him from the dead, never to decay again, he said, 'I will give you the holy and sure blessings promised to David.' “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’
35 Therefore he also says in another psalm: 'You will not let your Holy One see decay.' “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke ‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’
36 For David, after serving our Father's purpose in his own generation, fell asleep, was laid with his ancestors, and saw decay, “Paske David, apre li te sèvi plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon.
37 but he whom our Father raised up did not see decay. Men Sila ke Bondye te fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.
38 So know this, brothers—through this man forgiveness of sins is proclaimed to you, “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm.
39 through him, everyone who believes is freed from everything the law of Moses could not free you from. Selon Li menm, tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
40 Be careful, then, that what is said in the Prophets does not happen to you: “Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale nan pwofèt yo pa vini sou nou:
41 'Look, you scoffers, be astonished and perish; for I am doing a work in your days, a work that you will never believe, even if someone tells it to you.'" ‘Gade byen mokè yo; Vin etone, e peri! Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo, yon zèv ke nou p ap janm kwè, menmsi yon moun ta eksplike nou li.’”
42 As Paul and Barnabas left, the people urged them to speak again about these things next Sabbath. Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen Saba a.
43 When the synagogue meeting ended, many Jews and devout converts to Judaism followed Paul and Barnabas, who spoke with them and urged them to continue in the grace of our Father. Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan gras Bondye a.
44 The next Sabbath almost the whole city gathered to hear the word of our Lord Jesus. Nan pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.
45 When the Jews saw the crowds, jealousy filled them, and they contradicted Paul's words, insulting him. Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
46 Paul and Barnabas spoke boldly: "The word of our Father had to be spoken to you first. Since you reject it, judging yourselves unworthy of eternal life, look—we turn to the Gentiles." Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen n ap vire bò kote pèp etranje yo.
47 For our Father has commanded us: "I have made you a light to the nations, to bring salvation to the ends of the earth." Paske konsa Senyè a te kòmande nou: ‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo, pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’”
48 Hearing this, the Gentiles rejoiced and glorified the word of our Lord Jesus; all appointed to eternal life believed. Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè.
49 And the word of our Lord Jesus spread throughout the whole region. Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.
50 But the Jews stirred up the devout, prominent women and the city's leading men, roused persecution against Paul and Barnabas, and expelled them from their region. Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.
51 So they shook the dust off their feet against them and went to Iconium. Men yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.
52 And the disciples were filled with joy and with the Holy Spirit. Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]