Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Iconium they entered the Jewish synagogue together and spoke so that a great number of both Jews and Greeks believed. Nan Icone yo te antre nan sinagòg a Jwif yo ansanm, e yo te pale nan yon jan ki te fè yon gran foul, ni Jwif, ni Grèk kwè.
2 But the Jews who refused to believe stirred up and poisoned Gentile minds against the brothers. Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.
3 They stayed a long time, speaking boldly for the Lord, who confirmed his message of grace, doing signs and wonders through their hands. Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo.
4 But the city split: some sided with the Jews, some with the apostles. Men moun vil yo te divize. Kèk te pran pati a Jwif yo, e kèk vè apòt yo.
5 When both the Gentiles and the Jews, together with their rulers, moved to mistreat and stone them, Lè Jwif yo avèk ofisye yo ansanm ak pèp etranje yo te tante maltrete yo, e te fè plan lapide yo,
6 realizing this, they fled to the Lycaonian cities of Lystra and Derbe, and the surrounding region, yo te vin okouran de sa a, e te sove ale nan vil Lycaonie, Lystre, ak Derbe yo, ak tout rejyon ozanviwon an.
7 and there they kept preaching the gospel. Epi la Yo te kontinye preche bòn nouvèl la.
8 A man sat in Lystra, feet disabled, lame from birth, who had never walked. Nan Lystre te chita yon sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache.
9 He was listening to Paul speak. Paul stared at him and saw he had faith to be healed, Mesye sa a t ap koute Paul pandan li t ap pale. Lè Paul te fikse zye l sou li, e te wè ke li te gen lafwa pou l ta geri,
10 said in a loud voice, "Stand upright on your feet." The man leaped up and began walking. li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache.
11 When the crowds saw what Paul did, they shouted in Lycaonian, "The gods have come down to us in human form!" Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an “Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.”
12 Barnabas they called Zeus, and Paul they called Hermes, because he was the chief speaker. Konsa, yo te rele Barnabas Jupiter, e Paul Mercure, akoz ke se te li menm ki te chèf pou pale.
13 The priest of Zeus, whose temple stood before the city, brought bulls and garlands to the gates, wanting to sacrifice with the crowds. Alò, prèt Jupiter a, ki te gen tanp li fenk deyò vil la, te mennen towo bèf avèk kolye flè yo devan pòtay yo pou l te ofri sakrifis yo ansanm avèk foul la.
14 But hearing this, the apostles Barnabas and Paul tore their clothes and ran into the crowd, shouting, Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele
15 and saying, "Men, why are you doing this? We are humans too, with the same nature as you. We bring you good news: turn from these worthless things to the living Father, who made the heaven, the earth, the sea, and everything in them. “Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann.
16 In past generations he let all the nations go their own way, Nan jenerasyon ki pase yo, Li te pèmèt tout nasyon yo fè pwòp chemen yo.
17 yet he did not leave himself without witness: doing good, giving you rains from heaven and fruitful seasons, filling your hearts with food and joy." Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”
18 Even with these words they barely restrained the crowds from sacrificing to them. Malgre tout pawòl sa yo, se te avèk difikilte ke yo te anpeche foul la fè sakrifis a yo menm.
19 But Jews from Antioch and Iconium came, won over the crowds, stoned Paul, and dragged him out of the city, thinking him dead. Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.
20 When the disciples surrounded him, he got up and went into the city. The next day he left for Derbe with Barnabas. Men pandan disip yo te kanpe antoure li, li te leve, e te antre nan vil la. Nan pwochen jou a, li te sòti avèk Barnabas pou rive Derbe.
21 After preaching the good news in that city and making many disciples, they returned to Lystra, Iconium, and Antioch, Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche.
22 strengthening the disciples' souls, urging them to remain in the faith: we must enter our Father's kingdom through many troubles. La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”
23 After appointing elders for them in each church, praying with fasting, they entrusted them to the Lord they had believed in. Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.
24 Then they passed through Pisidia and came to Pamphylia. Konsa, yo te travèse Pisidie, pou rive Pamphylie.
25 And when they had spoken the word in Perga, they went down to Attalia, Lè yo te fin pale pawòl la nan Perge, yo te desann Attalie.
26 from there they sailed to Antioch, where they'd been entrusted to our Father's grace for the work they had finished. Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a.
27 When they arrived, they gathered the church and reported all our Father had done with them, and how he opened a door of faith to the Gentiles. Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te komanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri pòt lafwa a pèp etranje yo.
28 And they stayed there with the disciples for a long time. La yo te pase anpil tan avèk disip yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]