Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Some men came down from Judea and taught the brothers, "Unless you are circumcised by Moses' custom, you cannot be saved." Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”
2 When Paul and Barnabas had fierce dispute and debate with them, the brothers appointed Paul, Barnabas, and some others of them to go up to the apostles and elders in Jerusalem about this question. Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a.
3 Sent on by the church, they traveled through Phoenicia and Samaria, recounting the Gentiles' conversion, bringing great joy to all the brothers. Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.
4 Arriving in Jerusalem, the church, apostles, and elders welcomed them, and they reported all our Father had done with them. Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon rapò konple de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.
5 But some believers from the Pharisee party stood up and said, "They must be circumcised and ordered to keep the law of Moses." Men kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.”
6 Then the apostles and the elders gathered together to look into this matter. Apòt ak ansyen yo te vin reyini ansanm pou egzamine afè sila a.
7 After much debate, Peter stood and said, "Brothers, you know that in the early days our Father chose among you that the Gentiles would hear the gospel message through me and believe. Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl levanjil la, e vin kwè.
8 And our Father, who knows the heart, testified by giving them the Holy Spirit, just as he did to us. Bondye ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an.
9 He drew no line between us and them, cleansing their hearts by faith. Li pa t fè distenksyon antre nou ak yo, e te netwaye kè yo pa lafwa.
10 So why test our Father by putting a yoke on the disciples' neck that neither our ancestors nor we could bear? “Alò konsa, poukisa nou mete Bondye a leprèv la a lè nou plase sou kou a disip yo yon jouk ke ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t kapab pote?
11 But we believe we will be saved through the grace of the Lord Jesus, just as they will." Men nou kwè ke nou sove pa lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”
12 The whole crowd fell silent, listening to Barnabas and Paul describe the signs and wonders our Father did among the Gentiles through them. Tout foul la te rete an silans. Yo t ap koute Barnabas ak Paul lè yo t ap eksplike ki sign ak mirak Bondye te fè atravè yo menm pami pèp etranje yo.
13 After they finished speaking, James answered, "Brothers, listen to me. Apre yo te fin pale Jacques te reponn e te di: “Frè yo, koute mwen.
14 Simeon told how our Father first visited the nations, taking from them a people for his name. Simon eksplike nou jan Bondye te premyèman pran pami pèp etranje yo, yon pèp pou non Li.
15 And the words of the prophets agree with this, just as it is written: Epi avèk sa a, pawòl a pwofèt yo dakò, jis jan sa ekri a:
16 "'After this I will return, and I will rebuild the tent of David that has fallen; I will rebuild its ruins, and I will restore it, ‘Apre bagay sa yo Mwen va retounen. Mwen va rebati tabènak David ki te tonbe a. Mwen va rebati ranblè li yo, e Mwen va restore li
17 that the rest of mankind may seek our Father, even all the Gentiles who are called by my name, says our Father, who makes these things, pou tout rès limanite a kapab chache Bondye, ak tout pèp etranje yo ki rele pa non Mwen,’
18 known from long ago.' di Senyè a ki fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.
19 So I judge we shouldn't trouble the Gentiles turning to our Father, “Konsa, se jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo,
20 but write telling them to avoid things polluted by idols, sexual immorality, meat from strangled animals, and blood. men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.
21 For Moses has been proclaimed in every city for generations, read aloud in synagogues every Sabbath." Paske Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li kon li nan sinagòg yo chak Saba.”
22 The apostles, elders, and whole church decided to choose men from among them and send them to Antioch with Paul and Barnabas: Judas called Barsabbas, and Silas, leaders among the brothers. Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo.
23 They sent this letter with them: "The apostles and elders, brothers, to the Gentile brothers in Antioch, Syria, and Cilicia: greetings. Yo te voye lèt sa a avèk yo: “Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.
24 Since we have heard that some who went out from us troubled you with words, unsettling your hearts, though we gave them no such instructions, “Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou,
25 we unanimously agreed to choose men and send them to you with our beloved Barnabas and Paul. li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul.
26 Men who have devoted their lives for the name of our Lord Jesus Christ. Se mesye yo ki riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri.
27 So we sent Judas and Silas, who will themselves tell you the same things by word of mouth. “Konsa, nou voye Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo.
28 The Holy Spirit and we agreed to place no greater burden on you than these necessities: “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo:
29 Avoid food offered to idols, blood, meat from strangled animals, and sexual immorality. Keep yourselves from these and you will do well. Farewell." pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”
30 So, sent off, they went down to Antioch, gathered the congregation, and delivered the letter. Donk, lè yo te voye yo ale, yo te desann Antioche. Yo te ransanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la.
31 And when they read it, they rejoiced at the encouragement. Lè yo te li li, yo te rejwi yo akoz ankourajman li te bay.
32 And Judas and Silas, who were themselves prophets, encouraged and strengthened the brothers with many words. Jude ak Silas, ki te pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.
33 After spending time there, the brothers sent them off in peace to those who sent them. Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo.
34 Not in this edition Men li te sanble bon pou Silas pou l te rete la.
35 But Paul and Barnabas remained in Antioch, teaching and preaching our Lord's word, with many others too. Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou preche e enstwi pawòl Senyè a.
36 After some days, Paul told Barnabas, "Let's return and visit the brothers in every city where we announced our Lord's message, and see how they're doing." Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”
37 Now Barnabas wanted to take with them John who was called Mark. Barnabas te vle pran Jean Marc pou ale avèk yo tou.
38 But Paul thought it best not to bring the one who deserted them in Pamphylia and didn't join them for the work. Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.
39 Their clash grew so sharp they separated from each other; Barnabas took Mark and sailed to Cyprus, Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.
40 but Paul chose Silas and set out, entrusted by the brothers to the grace of our Lord. Men Paul te chwazi Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a.
41 And he traveled through Syria and Cilicia, strengthening the churches. Li te vwayaje travèse Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]