Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Paul went on to Derbe and Lystra. A disciple was there named Timothy, son of a believing Jewish woman, but his father was a Greek. Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre. Yon disip yo te rele Timothée te la, Fis a yon fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk.
2 He was well thought of by the brothers at Lystra and Iconium. Tout frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li.
3 Paul wanted him to travel with him, so he took and circumcised him, because of the Jews in those places, for they all knew his father was Greek. Paul te vle Timothée ale avè l. Pou rezon sa a, li te fè li sikonsi, akoz Jwif ki te nan landwa sila yo. Paske yo tout te konnen ke papa l se te yon Grèk.
4 Traveling through the towns, they delivered the decisions the apostles and elders in Jerusalem had made, for them to keep. Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay desizyon a ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem.
5 So the churches were strengthened in the faith and grew in numbers daily. Donk legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap grandi an nonb chak jou.
6 They crossed the Phrygian and Galatian region, since the Holy Spirit had stopped them from speaking the word in Asia. Yo te travèse rejyon a Phrygie ak Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie.
7 Reaching Mysia, they tried entering Bithynia, but the Spirit of Jesus wouldn't let them. Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men Lespri Jésus a pa t pèmèt yo.
8 So passing by Mysia, they went down to Troas. Lè yo te kite Mysie, yo te desann Troas.
9 Paul saw a vision in the night: a Macedonian man stood pleading with him, "Cross over to Macedonia and help us." Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.”
10 When he had seen the vision, we tried at once to leave for Macedonia, concluding our Father had called us to tell them the good news. Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
11 So we set sail from Troas and sailed straight to Samothrace, and the next day to Neapolis, Donk, nou te pran vwal sou lanmè soti Troas. Nou te kouri tou dwat pou Samothrace, e nan jou swivan an, pou Néapolis.
12 and from there to Philippi, a leading city of that district of Macedonia, a Roman colony. We stayed there several days. Nou te kite la pou Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.
13 On the Sabbath we went outside the gate to a river, supposing there was a place of prayer. We sat and spoke with the women gathered there. Nan jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.
14 A woman named Lydia, from Thyatira, who sold purple cloth and worshiped our Father, was listening. The Lord opened her heart to Paul's words. Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo.
15 When she and her household were baptized, she urged us: "If you judge me faithful to the Lord, come to my house and stay." And she persuaded us. Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.
16 As we went to the place of prayer, we met a slave girl possessed by a spirit of divination; she earned her owners great profit through fortune-telling. Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo.
17 She followed Paul and us, shouting, "These men are servants of the Most High God, announcing to you the way of salvation." Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè yo a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, youn chemen sali a.”
18 She did this for many days. Paul, deeply annoyed, turned and told the spirit, "I command you in the name of Jesus Christ to come out of her." It came out instantly. Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou. Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.
19 When her owners saw their hope of profit was gone, they seized Paul and Silas, dragged them to the marketplace before the rulers. Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te trennen yo nan mache a devan otorite yo.
20 Bringing them to the magistrates, they said, "These men are Jews, disturbing our city. Lè yo te mennen yo a chèf majistra yo, yo te di: “Mesye sa yo se Jwif yo k ap boulvèse vil nou an.
21 They advocate customs that are not lawful for us as Romans to accept or practice." Y ap pwoklame koutim ki pa pèmèt pou nou aksepte ni obsève kòm Women.”
22 The crowd joined the attack, and the magistrates ripped off Paul and Silas's clothes and ordered them beaten with rods. Konsa, foul la te leve ansanm kont yo. Chèf majistra yo te chire rad yo. Yo te kòmande pou yo bat yo avèk baton.
23 After beating them severely, they threw them into prison, ordering the jailer to guard them securely. Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande jandam prizon an pou veye yo de prè.
24 Given that order, he locked them in the inner cell and clamped their feet in stocks. Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo nan chèn.
25 About midnight Paul and Silas prayed and sang hymns to our Father while the prisoners listened to them. Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.
26 Suddenly a violent earthquake shook the prison's foundations; instantly all doors opened and everyone's chains loosened. Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman tout pòt prizon an te vin louvri, e chèn tout moun te vin detache.
27 The jailer woke, saw the prison doors open, drew his sword meaning to kill himself, thinking the prisoners had escaped. Jandam prizon an te leve nan dòmi, e lè l te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.
28 But Paul shouted, "Don't harm yourself, for we are all here!" Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!”
29 The jailer called for lights, rushed in, and fell trembling before Paul and Silas. Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas,
30 Then he brought them outside and said, "Sirs, what must I do to be saved?" te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”
31 And they said, "Believe in the Lord Jesus, and you will be saved, you and your household." Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.”
32 They spoke the Lord's word to him and everyone in his house. Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.
33 In that hour of the night, he took them and washed their wounds; then he and his whole household were baptized at once. Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li.
34 He brought them up into his house, set food before them, and was overjoyed with his whole household at believing in our Father. Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.
35 But when morning came, the magistrates sent the police, saying, "Release those men." Alò, lè jounen an te rive, chèf majistra yo te voye jandam yo pou di: “Lage moun sa yo.”
36 The jailer told Paul, "The magistrates sent orders to release you. Come out now and go in peace." Jandam prizon an te fè rapò sa a bay Paul. Li te di: “Chèf majistra yo gen tan voye lage nou. Konsa, vin deyò kounye a e ale anpè.”
37 But Paul said to them, "They beat us publicly, without trial, Roman citizens that we are, and threw us into prison. Now they want to send us off secretly? No! Let them come themselves and lead us out." Men Paul te di yo: “Yo gen tan bat nou an piblik san jijman, moun ki se sitwayen Women, e yo te jete nou nan prizon. Alò, koulye a y ap voye nou ale an sekrè? Anverite, non! Men kite yo vini yo menm, pou mete nou deyò.”
38 The officers reported these words to the magistrates, who were afraid to hear they were Roman citizens. Jandam yo te bay rapò a pawòl sila yo bay chèf majistra yo. Yo te pè lè yo te tande ke se te Women yo te ye.
39 They came, apologized, led them out, and asked them to leave the city. Yo te vini pou te fè apèl ak yo, e lè yo te fin lage yo, yo te mande yo pou kite vil la.
40 So they left the prison and went to Lydia's house. There they saw the brothers, encouraged them, and left. Yo te kite prizon an e te antre lakay Lydie. Lè yo te wè frè yo, yo te ankouraje yo, e yo te pati.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]