Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After traveling through Amphipolis and Apollonia, they came to Thessalonica, where there was a Jewish synagogue. Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.
2 Paul, as usual, went in to them and reasoned with them from the Scriptures on three Sabbaths. Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo.
3 Opening and explaining the Scriptures that the Christ must suffer and rise from the dead, he said, "This Jesus I proclaim to you is the Christ." Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”
4 Some of them were persuaded and joined Paul and Silas, along with a great many devout Greeks and quite a few leading women. Kèk nan yo te vin kwè, e te vin jwenn avèk Paul ak Silas, ansanm avèk yon gran kantite Grèk ki te krent Bondye, ak yon kantite fanm enpòtan.
5 But the Jews grew jealous, gathered evil men from the marketplace, formed a mob, and threw the city into chaos. They stormed Jason's house, seeking to bring them out to the crowd. Men Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.
6 Not finding them, they dragged Jason and some brothers before the city officials, shouting, "These men who have turned the world upside down have come here too, Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout mond lan rive isit la tou.
7 Jason welcomed them. They all defy Caesar's decrees, claiming there is another king—Jesus. Se Jason ki resevwa yo. Yo tout aji kont dekrè César a. Y ap di gen yon lòt wa, Jésus!”
8 And they stirred up the crowd and the city authorities who heard these things." Foul la ak chèf yo te byen twouble lè yo tande bagay sa yo.
9 And when they had taken bail from Jason and the rest, they let them go. Lè yo te resevwa yon bon garanti nan men Jason ak lòt yo, yo te lage yo.
10 The brothers at once sent Paul and Silas off by night to Berea; on arrival they went to the Jewish synagogue. Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.
11 These Jews were more open-minded than those in Thessalonica, receiving the word eagerly and examining Scripture daily to see if these things were true. Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.
12 So many of them believed, along with many prominent Greek women and men. Konsa, anpil nan yo te vin kwè, ansanm avèk plizyè mesye ak fanm Grèk enpòtan yo.
13 When Jews from Thessalonica learned Paul proclaimed the word of our Father in Berea too, they went there also, agitating and stirring up the crowds. Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la.
14 The brothers immediately sent Paul off to the sea, but Silas and Timothy stayed there. Alò, imedyatman frè yo te voye Paul deyò pou ale jis kote lanmè a, e Silas ak Timothée te rete la.
15 Paul's escorts brought him to Athens, then left with orders for Silas and Timothy to join him as soon as possible. Alò, sila ki t ap gide Paul yo te mennen li jiska Athènes. Yo te kite li la, epi lè yo fin resevwa lòd pou fè Silas ak Timothée vin kote l pi vit ke posib, yo te ale.
16 While Paul waited for them in Athens, his spirit was provoked within him, seeing the city full of idols. Pandan Paul t ap tann yo nan Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.
17 So he debated in the synagogue with Jews and worshipers of God, and daily in the marketplace with whoever was there. Konsa, li t ap rezone nan sinagòg la avèk Jwif yo ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rakontre.
18 Some of the Epicurean and Stoic philosophers also debated with him. Some asked, "What's this babbler trying to say?" Others said, "He seems to promote foreign gods"—since he preached the good news of Jesus and the resurrection. Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche Jésus ak rezirèksyon an.
19 They took him and brought him to the Areopagus, asking, "Can we know what this new teaching you're presenting is? Konsa, yo te pran li e te mennen li nan Aréopage la. Yo te di l: “Èske ou kapab eksplike nou nouvo ansèyman sila a, ke w ap pwoklame a.
20 For you bring strange things to our ears, so we want to know what they mean." Paske w ap pote kèk bagay byen dwòl nan zòrèy nou. Konsa, nou vle konnen kisa bagay sa yo vle di.”
21 Now all the Athenians and foreigners living there spent their time on nothing but telling or hearing something new. (Alò, tout Atenyen yo ak lòt etranje ki t ap vizite la yo te konn pase tout tan yo nan pale, oswa nan tande kèk lide nèf.)
22 Paul stood in the middle of the Areopagus and said, "Athenians, I see that you are extremely religious in every way. Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun ki renmen adore nan tout sans.
23 For as I passed through and examined your sacred objects, I found an altar inscribed: 'To an unknown god.' What you worship without knowing it, I now proclaim to you. Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon otèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou.
24 Our Father, who made the world and everything in it, being Sovereign of heaven and earth, doesn't live in temples made by hands, “Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm.
25 nor served by human hands, as if he needed anything—he himself gives everyone life, breath, and everything. Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
26 From one man he made every nation of mankind live across the whole earth, fixing their set times and the boundaries of their homelands, “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;
27 so they might seek our Father, perhaps reach for him and find him—though he is not far from each of us, pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
28 for 'In him we live and move and have our being'; as even some of your own poets have said, 'We too are his descendants.' “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’
29 So as our Father's children, we shouldn't think the divine is like gold, silver, or stone—an image shaped by human skill and imagination. Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa da ak refleksyon a lòm.
30 The times of ignorance our Father overlooked, but now he commands all people everywhere to repent. “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti,
31 He set a day to judge the world justly, through a man he appointed—proving it to all by raising him from the dead." paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
32 Hearing of the resurrection of the dead, some mocked; others said, "We'll hear you on this again." Alò, lè yo te tande de rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.
33 So Paul left them. Konsa Paul te sòti nan mitan yo.
34 But some men joined him and believed, including Dionysius the Areopagite, a woman named Damaris, and others. Men kèk moun te vin jwenn li e te kwè. Pami sila yo te gen osi Denys, moun Aréopage la, yon fanm ki te rele Damaris, e kèk lòt avèk yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]