Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this, Paul left Athens and went to Corinth. Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale Corinthe.
2 There he found a Jew named Aquila, native of Pontus, newly arrived from Italy with his wife Priscilla since Claudius had ordered all Jews out of Rome. Paul visited them, Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo.
3 since they shared a trade, he stayed and worked with them—tentmakers by trade. Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye.
4 Every Sabbath he reasoned in the synagogue, trying to persuade Jews and Greeks. Li t ap rezone nan sinagòg la chak Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.
5 When Silas and Timothy came from Macedonia, Paul was consumed by the word, testifying to the Jews that the Christ was Jesus. Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Jésus ki te Kris la.
6 When they resisted and insulted him, he shook out his clothes and said, "Your blood is on your own heads! I'm clean of it. From now on I'll go to the Gentiles." Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”
7 He left the synagogue and went to the house of Titius Justus, a worshiper of our Father, next door to the synagogue. Answit li te kite la pou ale lakay a yon sèten nonm ki te rele Titius Justus, yon adoratè Bondye, ki te gen kay li toupre sinagòg la.
8 Crispus, the synagogue leader, believed in the Lord with his whole household; many Corinthians who heard Paul believed and were baptized. Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.
9 One night the Lord told Paul in a vision, "Don't be afraid; keep speaking, don't stay silent, Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans;
10 for I am with you, and no one will attack you to harm you, for I have many people in this city." paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.”
11 So Paul stayed for a year and six months, teaching the word of our Father among them. Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.
12 While Gallio was proconsul of Achaia, the Jews united against Paul and brought him before the tribunal, Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an.
13 saying, "This man is persuading people to worship God in ways contrary to the law." Yo t ap di: “Nonm sila ap fè moun kwè pou adore Bondye kont lalwa a.”
14 As Paul was about to speak, Gallio told the Jews, "If this were some wrong or vicious crime, Jews, I'd have reason to put up with you. Men lè Paul te prèt pou louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen.
15 Since this is a dispute about words, names, and your own law, settle it yourselves. I won't judge such matters. Men si gen kesyon konsènan pawòl, oswa non, oswa pwòp lwa pa nou, okipe sa nou menm. Mwen pa gen enterè nan jije bagay sa yo.”
16 And he drove them away from the tribunal." Epi li te chase yo sòti devan chèz jijman an.
17 So they all grabbed Sosthenes, the synagogue leader, and beat him before the judgment seat, but none of it concerned Gallio. Konsa, yo tout te sezi Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm.
18 Paul stayed on in Corinth for many more days. Then he said farewell to the brothers and sisters and sailed for Syria, accompanied by Priscilla and Aquila. At Cenchreae he had his hair cut off, for he was keeping a vow. Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.
19 They reached Ephesus, where Paul left Priscilla and Aquila, but he himself entered the synagogue and reasoned with the Jews. Yo te rive Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo.
20 When they asked him to stay longer, he declined. Lè yo te mande li pou rete avèk yo pou plis tan, li pa t dakò,
21 But he left, saying, "I will come back to you if our Father is willing," and sailed from Ephesus. men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.
22 Landing at Caesarea, he went up, greeted the church, then went down to Antioch. Lè l te rive Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann Antioche.
23 After some time there, he set out through Galatia and Phrygia, strengthening all the disciples. Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.
24 A Jew named Apollos, born in Alexandria, came to Ephesus—a learned man, well versed in the Scriptures. Alò, yon sèten Jwif ki te rele Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse.
25 He had been taught the way of the Lord, and, spirit boiling over, spoke and taught accurately about Jesus—though he knew only John's baptism. Mesye sa te enstwi nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman batèm a Jean an.
26 He spoke boldly in the synagogue. Priscilla and Aquila heard him, took him aside, and explained the way of our Father more accurately. Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.
27 When Apollos wanted to cross to Achaia, the brothers and sisters encouraged him and wrote to the disciples to welcome him; arriving, he greatly helped those who had believed by grace, Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo.
28 for he forcefully refuted the Jews in public, proving from the Scriptures that the Christ was Jesus. Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]