Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 While Apollos was in Corinth, Paul crossed the inland region and reached Ephesus, where he found some disciples. Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip.
2 He asked them, "Did you receive the Holy Spirit when you believed?" They replied, "No, we haven't even heard there is a Holy Spirit." Li te mande yo: “Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?” Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.”
3 So he asked, "Into what then were you baptized?" "Into John's baptism," they said. Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?” Yo te reponn: “Nan batèm a Jean an”.
4 Paul said, "John baptized with a baptism of repentance, telling people to believe in the one coming after him—Jesus." Konsa, Paul te di: “Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.”
5 On hearing this, they were baptized in the name of the Lord Jesus. Lè yo te tande sa, yo te batize nan non Senyè a Jésus Kri.
6 When Paul laid hands on them, the Holy Spirit came on them; they spoke in tongues and prophesied. Pandan Paul te poze men l sou yo, Lespri Sen an te vini sou yo, e yo te kòmanse pale avèk lang ak pwofetize.
7 There were about twelve men in all. Te gen an tou, anviwon douz mesye.
8 Paul entered the synagogue, speaking boldly three months, reasoning and persuading about our Father's kingdom. Paul te antre nan sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè selon wayòm Bondye a.
9 When some grew stubborn, refusing to believe and slandering the Way before the crowd, he withdrew from them, took the disciples, and reasoned daily in Tyrannus's lecture hall. Men lè kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la.
10 This continued two years, so all living in Asia, both Jews and Greeks, heard the word of the Lord Jesus. Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.
11 Our Father did extraordinary miracles through the hands of Paul, Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul
12 so even handkerchiefs and aprons that touched his skin were carried to the sick, and diseases left them and evil spirits went out of them. jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.
13 Some traveling Jewish exorcists also tried invoking the name of the Lord Jesus over those with evil spirits, saying, "I command you by the Jesus Paul preaches." Men osi kèk nan Jwif ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.”
14 Seven sons of a Jewish high priest named Sceva were doing this. Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a.
15 But the evil spirit answered them, "Jesus I know, and Paul I recognize, but who are you?" Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?”
16 And the man who had the evil spirit leaped on them, overpowered them all, and prevailed against them, so that they fled out of that house naked and wounded. Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.
17 All Jews and Greeks living in Ephesus learned of this. Fear seized them all, and the name of the Lord Jesus was highly praised. Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.
18 Many of those who had become believers also came, confessing and disclosing their practices. Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo.
19 Many who had practiced sorcery brought their scrolls together and burned them before everyone. They added up the price and found it worth 50,000 days' wages. Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan.
20 So the word of the Lord Jesus continued to grow mightily and prevail. Konsa pawòl Senyè a t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.
21 When this was done, Paul decided in his spirit to go through Macedonia and Achaia to Jerusalem, saying, "After I've been there, I must see Rome too." Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la mwen dwe wè Rome tou.”
22 He sent two of his assistants, Timothy and Erastus, to Macedonia, while staying in Asia himself a while longer. Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye Timothée ak Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine.
23 About that time there arose a serious disturbance concerning the Way. Anviwon lè sa a, te vin pase yon gwo tapaj konsènan Chemen an.
24 For a man named Demetrius, a silversmith who made silver shrines of Artemis, kept many craftsmen busy. Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a.
25 He gathered them and workers in similar trades and said, "Men, you know our wealth comes from this trade. Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a.
26 You see and hear that this Paul has persuaded and turned away a great many people—not only in Ephesus but nearly all of Asia—telling them gods made by hands aren't gods at all. Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm.
27 The risk isn't just that our trade loses its good name, but that the temple of the great goddess Artemis will count for nothing, and she, worshiped by all Asia and the world, will be stripped of her greatness." Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.”
28 Hearing this, they were enraged and shouted, "Great is Artemis of the Ephesians!" Lè yo te tande sa, yo te vin ranpli ak raj. Yo te kòmanse kriye fò e t ap di: “Gran se Artimis Efezyen yo!”
29 The city filled with confusion; together they rushed into the theater, dragging along Gaius and Aristarchus, Macedonians, Paul's traveling companions. Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.
30 When Paul wanted to go in among the crowd, the disciples would not let him. Lè Paul te vle antre nan asanble a, disip yo te anpeche li.
31 Even some officials of the province, his friends, sent word urging him not to risk entering the theater. Anplis, kèk nan ofisye Lazi ki te zanmi li yo te voye di l plizyè fwa pou l pa antre nan teyat la.
32 Meanwhile some shouted one thing, others another—the assembly was in confusion, and most didn't know why they'd gathered. Alò konsa, kèk nan yo t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt, paske tout asanble a te nan konfizyon. Pifò pa t menm konnen pou ki rezon yo te vin reyini ansanm nan.
33 Some in the crowd coached Alexander, whom the Jews pushed forward; motioning with his hand, he wanted to defend himself before the people. Jwif yo te mennen Alexander devan foul a. Li t ap fè sinyal avèk men l, konsi li t ap prezante yon defans a foul la.
34 Realizing he was a Jew, they shouted as one for about two hours, "Great is Artemis of the Ephesians!" Men lè yo te vin konprann ke se te yon Jwif li te ye, yon gwo kri te leve pami foul la. Yo te kontinye rele pandan anviwon dezè de tan: “Gran se Artimis a Efezyen yo!”
35 When the town clerk had quieted the crowd, he said, "Men of Ephesus, who doesn't know the Ephesians' city is temple keeper of the great Artemis and of the image that fell from heaven? Apre li te fin kalme foul la, sekretè vil la te di: “Mesye Éphèse yo, se ki moun pami nou ki pa konnen, lavil Éphèse se gadyen tanp a gran Artimis la, imaj a sila ki te tonbe sòti nan syèl la?
36 Since these things cannot be denied, you ought to keep calm and do nothing rash. Alò akoz ke bagay sa yo pa kapab demanti, nou ta dwe rete kalm e pa fè anyen ki pa saj.
37 For you have brought these men here who are neither temple robbers nor blasphemers of our goddess. Paske nou fè mesye sila yo vini isit la, ki pa ni vòlè tanp lan, ni yo pa blasfeme deyès nou an.
38 So if Demetrius and his fellow craftsmen have a charge against anyone, courts are in session and proconsuls are available—let them accuse each other there. Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.
39 But if you are seeking anything further, it will be settled in the regular assembly. “Men si nou vle yon bagay anplis ke sa, sa gen pou regle nan asanble jistis la.
40 We risk being charged with today's riot, since we have no reason to justify this uproar." Paske vrèman, nou an danje akizasyon de soulèvman akoz sa ki pase la jodi a. Nanpwen rezon pou li. Konsa, nou p ap kapab rann kont pou asanble a ki an dezòd konsa.”
41 And when he had said this, he dismissed the assembly. Lè l fin di sa, li te ranvwaye asanble a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]