Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After the uproar ended, Paul sent for the disciples, encouraged them, said goodbye, and left for Macedonia. Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale Macédoine.
2 When he had passed through those regions and given the believers much encouragement, he came to Greece. Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.
3 He stayed three months; when the Jews plotted against him as he was about to sail for Syria, he decided to return through Macedonia. Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine.
4 Sopater son of Pyrrhus of Berea, Aristarchus and Secundus of Thessalonica, Gaius of Derbe, Timothy, and Tychicus and Trophimus of Asia accompanied him. Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak Trophime ki sòti an Asie.
5 These went on ahead and were waiting for us at Troas. Men sila yo te ale avan, e t ap tann nou Troas.
6 We sailed from Philippi after the days of Unleavened Bread, reaching them at Troas in five days and staying there seven days. Nou te pran bato a vwal soti Philippes, apre jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou.
7 On the first day of the week, when we gathered to break bread, Paul talked with them; planning to leave the next day, he kept talking until midnight. Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi.
8 There were many lamps in the upper room where we were gathered. Te gen anpil lanp nan chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan.
9 A young man named Eutychus sat in the window, sinking into deep sleep as Paul kept talking. Overcome by sleep, he fell from the third story and was picked up dead. Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy. Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.
10 Paul went down, bent over him, and embracing him said, "Don't be alarmed; his life is in him." Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.”
11 He went back up, broke bread, ate, and talked with them a long time, until daybreak, then left. Lè Paul te fin remonte e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati.
12 And they brought the young man home alive, and were greatly comforted. Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.
13 We went ahead by ship to Assos, planning to take Paul aboard; he had chosen to go by land. Men nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè.
14 And when he met us at Assos, we took him on board and came to Mitylene. Epi lè l te rankontre nou Asòs, nou te pran li abò, e te vini Mitilèn.
15 Sailing from there, we came opposite Chios the next day, put in at Samos the day after, and reached Miletus the following day. Soti la nan bato a vwal la, jou swivan an, nou te rive anfas Chios. Jou apre a nou te travèse Samòs, e jou swivan a nou te rive Milèt.
16 Paul had decided to sail past Ephesus, avoiding time in Asia; he was hurrying to reach Jerusalem, if possible, by Pentecost. Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te rive Jérusalem, si se te posib nan jou Fèt Lapannkot la.
17 From Miletus he sent to Ephesus and called the elders of the church to come to him. Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele ansyen a legliz yo pou rive kote l.
18 When they came, he said, "You know how I lived among you the whole time, from the first day I set foot in Asia, Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan
19 serving our Lord Jesus with complete humility, tears, and trials brought on by the Jews' plots against me, pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz konplo a Jwif yo.
20 how I held nothing back that would help you, but declared it and taught you publicly and house to house, Kòman mwen pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay.
21 testifying to both Jews and Greeks: repentance toward our Father and faith in our Lord Jesus. Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.
22 Now bound by the Spirit, I'm heading to Jerusalem, not knowing what awaits me there, “Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la,
23 except the Holy Spirit tells me in every city that chains and sufferings await me. sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen.
24 But I place no value on my life, nor treasure it for myself, only that I finish my course and the ministry I received from our Lord Jesus, testifying to the gospel of our Father's grace. Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
25 And now I know none of you among whom I went preaching the kingdom of our Father will see my face again. “Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò.
26 Therefore I testify to you this day that I am innocent of the blood of all, Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke mwen inosan de san tout moun.
27 for I did not shrink from declaring to you the whole purpose of our Father. Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.
28 Watch yourselves and all the flock the Holy Spirit made you overseers of, to shepherd our Father's church, which he purchased with the blood of his own Son. “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.
29 I know that after my departure fierce wolves will come in among you, not sparing the flock. “Mwen konnen ke apre mwen pati, lou sovaj va vini pami nou, loup ki p ap fè gras menm a bann twoupo a.
30 Men from among you will rise, speaking distorted things, to draw the disciples away after them. Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene disip yo pou yo ta swiv yo.
31 So watch, remembering that for three years, night and day, I never stopped warning each one of you with tears. Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.
32 Now I entrust you to our Father and to the word of his grace, able to build you up and give you the inheritance among all who are made holy. “Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.
33 I coveted no one's silver or gold or clothing. “Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun.
34 You yourselves know that these hands provided for my needs and for those who were with me. Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo.
35 In everything I showed you that, working hard this way, we must help the weak, remembering the words of our Lord Jesus, that he himself said, It is more blessed to give than to receive." Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
36 And when he had said these things, he knelt down with them all and prayed. Lè l te fin di bagay sa yo, li te mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.
37 They all wept; they embraced Paul and kissed him, Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te anbrase Paul, e t ap bo l anpil.
38 grieving most over his words—that they'd never see his face again—they walked him to the ship. Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]