Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Having torn ourselves away from them, we set sail and went straight to Cos, then the next day to Rhodes, then from there to Patara. Lè nou te rive nou te kite yo pou pran bato a vwal. Nou te kouri toudwat pou Cos, jou apre a pou Rhodes, epi soti la a pou Patara.
2 Finding a ship crossing over to Phoenicia, we went aboard and set sail. Lè nou te twouve yon bato ki t ap travèse vè Phénicie, nou te monte e pran vwal.
3 Sighting Cyprus and leaving it on our left, we sailed to Syria and landed at Tyre, where the ship was to unload its cargo. Lè nou te vin wè Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.
4 We found the disciples there and stayed seven days. Through the Holy Spirit they kept telling Paul not to set foot in Jerusalem. Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem.
5 When our time there was up, we left and went on, all of them with wives and children walking with us out of the city. We knelt on the beach and prayed, Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt.
6 and said farewell to one another. Then we went aboard the ship, and they returned home. Answit, nou te monte bato a, e yo te retounenlakay yo ankò.
7 Finishing our voyage from Tyre, we arrived at Ptolemais, greeted the brothers, and stayed one day with them. Lè nou te fin fè vwayaj la sòti Tyr, nou te rive Ptolémaïs. Lè nou te fin salye frè yo, nou te rete avèk yo pandan yon jou.
8 The next day we left for Caesarea and entered the house of Philip the evangelist, one of the seven, and stayed with him. Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li.
9 He had four unmarried daughters who prophesied. Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te pwofetès.
10 While we were staying there for many days, a prophet named Agabus came down from Judea. Pandan nou te rete la pandan kèk jou, yon sèten pwofèt ki te nome Agabus te desann sòti Judée.
11 He came to us, took Paul's belt, tied his own feet and hands, and said, "The Holy Spirit says this: the Jews in Jerusalem will tie up this belt's owner the same way, then hand him over into Gentile hands." Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”
12 When we heard this, we and the local people begged Paul not to go up to Jerusalem. Lè nou te tande sa, nou menm, menm jan avèk rezidan lokal yo, nou te kòmanse mande l pou pa monte Jérusalem.
13 Paul answered, "Why weep and break my heart? I'm ready not only to be bound but to die in Jerusalem for the name of the Lord Jesus." Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”
14 And since he would not be persuaded, we fell silent and said, "The Lord's will be done." Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!”
15 After these days we got ready and went up to Jerusalem. Apre jou sa yo, nou te prepare pou kòmanse fè wout nou pou monte Jérusalem.
16 Some disciples from Caesarea also went with us, bringing us to stay with Mnason, a Cypriot and early disciple. Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.
17 When we arrived in Jerusalem, the brothers welcomed us gladly. Apre nou te rive Jérusalem frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan.
18 On the following day Paul went with us to see James, and all the elders were present. Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè Jacques, epi tout ansyen yo te la.
19 He greeted them, then related one by one what our Father had done among the Gentiles through his ministry. Apre li te salye yo, li te kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè ministè pa li a.
20 Hearing this, they praised our Father, then told him, "You see, brother, how many thousands of Jews have believed, and all are passionate for the law. Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a.
21 They were told you teach all Jews among the nations to abandon Moses, telling them not to circumcise their children or follow our customs. Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon koutim nou yo.
22 So what should we do? They will certainly hear that you have come. Alò, kisa ki dwe fèt? Sètènman yo va tande ke ou gen tan vini.
23 So do what we tell you. We have four men who are under a vow. “Alò, fè sa ke nou di ou a. Nou gen kat mesye ki anba yon ve.
24 Take these men, purify yourself with them, and pay their expenses so they may shave their heads. Then everyone will know the reports about you are false, and that you yourself keep the law. Pran yo avèk ou, pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a.
25 As for the Gentiles who have believed, we already wrote our decision: avoid food offered to idols, blood, strangled animals, and sexual immorality." “Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”
26 So Paul took the men, and the next day, having purified himself with them, entered the temple, announcing when the purification days would end and the offering would be made for each of them. Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.
27 As the seven days were ending, Jews from Asia saw him in the temple, stirred up the whole crowd, and grabbed him, Lè sèt jou yo te prèske fini Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li.
28 shouting, "Men of Israel, help! This is the man teaching everyone everywhere against our people, the law, and this place. He's even brought Greeks into the temple, making this holy place unclean." Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.”
29 They had earlier seen Trophimus the Ephesian with Paul in the city and assumed Paul had brought Trophimus into the temple. Paske avan yo te konn wè Trophime, Efezyen an nan vil la avèk li, e yo te sipoze ke Paul te mennen l nan tanp lan.
30 The whole city was stirred; people ran together, seized Paul, dragged him out of the temple, and at once the gates were shut. Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen.
31 As they tried to kill him, word reached the cohort commander that all Jerusalem was in turmoil. Pandan yo t ap chache pou touye l, yon rapò te rive devan kòmandan Kowòt Women an, ke tout Jérusalem te boulvèse.
32 He immediately took soldiers and centurions and ran down to them. Seeing the commander and soldiers, the crowd stopped beating Paul. Lapoula li te pran sòlda yo avèk santenye yo, e te kouri desann kote yo. Lè yo te wè sòlda yo avèk kòmandan an, yo te sispann bat Paul.
33 The commander came, seized him, ordered him bound with two chains, then asked who he was and what he'd done. Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li mare avèk de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè.
34 In the crowd some shouted one thing, some another. Unable to learn what was true because of the uproar, he ordered Paul brought into the barracks. Men pami foul la kèk t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt bagay. Lè l pa t kapab twouve laverite ki koze tout boulvèsman an, li te mande yo mennen l nan kazèn nan.
35 When Paul reached the steps, soldiers had to carry him because of the crowd's violence, Lè l te rive nan eskalye a, sòlda yo te pote li akoz vyolans a foul la;
36 for the mob kept following, shouting, "Away with him!" paske yon gran foul moun te kontinye ap swiv yo, e t ap rele: “Touye li!”
37 As Paul was about to be led into the barracks, he asked the commander, "May I say something to you?" He replied, "Do you know Greek?" Pandan Paul te prèt pou antre nan kazèn nan, li te mande kòmandan an: “Èske m kapab di ou yon bagay?” E li te reponn: “Ou konn pale Grèk?
38 Aren't you the Egyptian who stirred up a revolt earlier and led 4,000 Assassins into the wilderness? Alò se pa ou menm Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”
39 Paul answered, "I am a Jew, from Tarsus in Cilicia, a citizen of no insignificant city. I beg you, let me speak to the people." Men Paul te di: “Mwen se yon Jwif ki sòti Tarse nan Cilicie, yon sitwayen a yon vil ase enpòtan. Mwen mande w, kite m pale avèk pèp la.”
40 With permission granted, Paul stood on the steps and motioned to the people with his hand. When deep silence fell, he spoke to them in Hebrew: Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang Ebre, e te di,
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]