Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Brothers and fathers, listen now to my defense before you." “Frè yo ak papa yo, tande defans mwen ke m ap ofri nou koulye a.”
2 When they heard him speaking to them in Hebrew, they grew even more quiet. And he said: Epi lè yo te tande ke li t ap pale avèk yo an Ebre, yo te vin kalme plis; e li te di:
3 "I am a Jew, born in Tarsus of Cilicia, raised in this city, trained at Gamaliel's feet in the strict law of our ancestors, as eager for God as all of you are today. “Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a.
4 I persecuted this Way to the death, binding and delivering to prison both men and women, Mwen te pèsekite Chemen sila a jiska lanmò. Mwen te mare e te mete nan chenn ni fanm, ni gason pou mete nan prizon,
5 as the high priest and the whole council of elders can testify. From them I received letters to the brothers in Damascus, and went to bring those there as prisoners to Jerusalem for punishment." kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.
6 "Traveling and nearing Damascus about noon, a great light from heaven suddenly flashed around me." “Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen.
7 I fell to the ground and heard a voice say to me, "Saul, Saul, why are you persecuting me?" Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’
8 I answered, "Who are you, Lord?" He replied, "I am Jesus of Nazareth, whom you're persecuting." “Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?” “E Li te di mwen: ‘Mwen se Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’
9 "Those with me saw the light but didn't understand the voice of the one speaking to me." “Sila ki te avè m yo te wè limyè a, men pa t konprann vwa a Sila a ki t ap pale avèk mwen an.
10 I said, "What should I do, Lord?" The Lord replied, "Get up and go into Damascus. There you'll be told all you've been appointed to do." “Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?” “Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’
11 "Since that light's brightness blinded me, my companions led me by the hand into Damascus." “Men akoz ke m pa t kab wè akoz briyans a limyè a, mwen te mennen pa lamen pa sila ki te avè m yo pou te vini Damas.
12 "A man named Ananias, devout by the law, well spoken of by all the Jews living there, “Yon sèten Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo
13 came and stood by me and said, 'Brother Saul, receive your sight.' At that very hour I looked up and saw him." te vin kote mwen, te kanpe toupre m, e te di mwen: ‘Frè Saul, resevwa vizyon ou! Epi nan menm moman an, mwen te gade anlè e te wè li.
14 "He said, 'The God of our fathers appointed you to know his will, to see the Righteous One, and to hear a voice from his mouth; “Li te di: ‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li.
15 for you will be his witness to everyone of what you have seen and heard. Paske ou va yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo.
16 And now, why wait? Get up, be baptized, wash away your sins, calling on his name." Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.
17 "When I had returned to Jerusalem and was praying in the temple, I fell into a trance," “Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te tonbe nan yon pwofon somèy.
18 and saw him saying to me, "Hurry and leave Jerusalem quickly, because they won't accept your testimony about me." Epi mwen te wè Li t ap di mwen: ‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’
19 I said, "Lord, they themselves know that I went from synagogue to synagogue imprisoning and beating those who believed in you. Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo.
20 When the blood of your witness Stephen was being shed, I stood by, approving and guarding the cloaks of those killing him.'" Menm lè san a temwen ou, Étienne t ap vèse, mwen osi te kanpe byen dakò e t ap veye vètman a sila ki t ap touye l yo.’
21 "And he said to me, 'Go, for I will send you far away to the Gentiles.'" “Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen kote pèp etranje yo.’”
22 Up to that point they listened, then they raised their voices and shouted, "Erase such a man from the earth! He shouldn't be allowed to live!" Jiska pwen sa a, yo te koute l, e alò yo te leve vwa yo e te di: “Retire sou latè a yon nonm konsa; li pa merite viv!”
23 And as they were shouting and throwing off their cloaks and flinging dust into the air, Pandan yo t ap rele konsa, yo t ap retire gwo vètman yo pou voye pousyè anlè,
24 the commander ordered him taken into the barracks and whipped, to learn why they were shouting against him like this. kòmandan an te bay lòd pou yo mennen l anndan kazèn nan, e t ap di ke li ta dwe egzamine plis avèk kout fwèt pou l ta kapab detèmine rezon an yo t ap rele kont li konsa.
25 As they stretched him out for the straps, Paul said to the centurion standing there, "Is it legal for you to whip a Roman citizen who hasn't been condemned?" Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon sitwayen Women ki pa menm kondane?”
26 Hearing this, the centurion went to the commander and reported it: "What are you about to do? This man is a Roman citizen." Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women.
27 So the commander came and asked, "Tell me, are you a Roman citizen?" "Yes," he said. Kòmandan an te parèt e te mande l: “Di mwen, “Èske se yon Women ou ye?” E li te di: “Wi.”
28 The commander said, "I paid a large sum for this citizenship." But Paul said, "I was born a citizen." Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.” Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.”
29 So those about to question him withdrew at once; the commander was afraid, realizing he had bound a Roman citizen. Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn.
30 The next day, wanting to know exactly why the Jews accused him, the commander freed Paul, ordered the chief priests and the whole council to assemble, brought Paul down, and set him before them. Men nan pwochen jou a, akoz ke li te anvi konnen poukisa Jwif yo te akize l la, li te demare li, e li te bay lòd pou wo prèt yo avèk konsèy la reyini. Konsa yo te mennen Paul devan yo, e te fè l chita devan yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]