Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Paul stared at the council: "Brothers, I have lived my life before our Father in all good conscience until today." Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.”
2 The high priest Ananias ordered those standing near him to strike Paul on the mouth. Wo prèt la, Ananias te kòmande sila ki te kanpe akote l yo pou frape l sou bouch li.
3 Paul said to him, "Our Father will strike you, you whitewashed wall! You sit there to judge me by the law, yet you break the law by ordering me struck?" Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?”
4 Those standing nearby said, "Do you dare to insult our Father's high priest?" Men sila ki te akote yo te di: “Èske se ensilte w ap ensilte wo prèt Bondye a?”
5 Paul said, "Brothers, I didn't know he was high priest; for Scripture says, 'Don't speak evil of your people's ruler.'" Paul te reponn: “Mwen pa t okouran, frè m yo, ke li te wo prèt la. Paske sa ekri: ‘Nou pa pou pale mal a yon chèf a pèp nou an’”.
6 Paul, knowing some were Sadducees, others Pharisees, cried out in the council, "Brothers, I am a Pharisee, son of Pharisees. I am on trial over the hope and resurrection of the dead!" Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou esperans nan rezirèksyon a mò yo!”
7 When he said this, a dispute arose between the Pharisees and Sadducees, and the assembly was split. Pandan li te di sa, te vin rive gen yon gran dezakò antre Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi asanble a te divize.
8 For the Sadducees say there is no resurrection, and neither angel nor spirit, but the Pharisees acknowledge them all. Paske Sadiseyen yo di ke nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout.
9 A loud uproar broke out. Some scribes from the Pharisees' side stood and argued sharply: "We find nothing wrong in this man. What if a spirit or an angel spoke to him?" Konsa, te vin rive gen yon gwo tapaj. Kèk nan skrib pati Farizyen yo te kanpe e te kòmanse diskite byen cho. Yo t ap di: “Nou pa twouve okenn fot avèk nonm sila a. Si se yon lespri oswa yon zanj te pale ak li, annou pa goumen kont Bondye!”
10 As the dispute grew violent, the commander, fearing Paul would be torn apart by them, ordered the soldiers to go down, seize him from among them, and bring him into the barracks. Pandan konfli a t ap devlope, kòmandan an te pè pou yo pa ta chire Paul an mòso. Konsa, li te kòmande sòlda yo pou desann, retire li pami yo ak lafòs, e mennen l nan kazèn nan.
11 The next night our Lord Jesus stood beside him and said, "Take courage! As you testified about me in Jerusalem, so you must testify in Rome too." Men nan nwit swivan an, Senyè a te kanpe akote l e te di: “Pran kouraj, paske menm jan ke ou temwaye seryezman e konplètman pou kòz mwen Jérusalem nan, menm jan an ou oblije temwaye nan Rome osi.”
12 At daybreak the Jews conspired and swore not to eat or drink until they killed Paul. Lè jounen an te rive Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul.
13 There were more than forty who had joined in this plot. Te gen plis ke karant moun ki te fòme konplo sila a.
14 They went to the chief priests and elders and said, "We have bound ourselves under a solemn oath to taste nothing until we kill Paul. Yo te vini a chèf prèt ak ansyen yo, e te di: “Nou vin mare ansanm anba yon sèman serye e konplè pou pa goute anyen jiskaske nou touye Paul.
15 So now, you and the council, ask the commander to bring him down to you, as if to examine his case more closely. We're ready to kill him before he arrives." Alò, konsa, ou menm avèk konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.”
16 But Paul's sister's son, hearing of the ambush, went and entered the barracks and told Paul. Men fis a sè Paul la te tande afè konplo sila a, e li te vin antre kazèn nan pou te enfòme Paul.
17 Paul called a centurion and said, "Take this young man to the commander—he has something to report." Konsa, Paul te rele youn nan santenye kote l yo e te di li: “Mennen jennonm sila a kote kòmandan an paske li gen yon rapò pou bay li.”
18 So he took him to the commander and said, "The prisoner Paul called me and asked me to bring this young man to you; he has something to tell you." Alò li te pran li, e te mennen li bay kòmandan an e te di l: “Paul prizonye a te rele mwen vè jennonm sila a pou vin kote w akoz li gen yon bagay pou di w.”
19 The commander took his hand, led him aside privately, and asked, "What do you have to tell me?" Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”
20 He said, "The Jews have agreed to ask you to bring Paul down to the council tomorrow, pretending to inquire more precisely about him. Li te di: “Jwif yo gen tan fin dakò pou mande ou mennen Paul devan konsèy la demen, kòmsi yo t ap pral mande plis enfòmasyon sou li menm.
21 Don't listen to them—more than forty of their men are waiting in ambush for him. They've bound themselves by oath not to eat or drink until they kill him, and now they're ready, waiting for your agreement." Pa kwè yo, paske plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”
22 The commander sent the young man off, ordering him, "Tell no one you reported this to me." Kòmandan an te kite jennonm nan ale. Li te di l: “Pa di pèsòn ke ou pale bagay sa yo avè m.”
23 Then he called two centurions: "Ready 200 soldiers for Caesarea, and seventy horsemen, and 200 spearmen, by nine tonight." Konsa, li te rele de nan santenye yo. Li te di yo: “Ale fè de-san sòlda prè pou twazyèm lè nwit lan, pou pati pou Césarée, avèk swasann-dis chevalye, ak de-san sòlda ak lans.”
24 He told them to provide mounts for Paul, to bring him safely to Governor Felix. Yo te gen osi pou prepare cheval pou mete Paul, pou fè l rive sof kote Félix gouvènè a.
25 And he wrote a letter that read as follows:" Epi li te ekri yon lèt nan fòm sila a:
26 "Claudius Lysias, to his Excellency Governor Felix: Greetings. Claude Lysias, a trè ekselan Gouvènè Félix; Salitasyon.
27 The Jews seized this man and were about to kill him when I came with my troops and rescued him, having learned he was a Roman citizen. “Lè mesye sa a te arete pa Jwif yo, e te prèt pou l te touye pa yo, mwen te vini sou yo avèk sòlda yo pou sekouri l, akoz ke m te vin konprann ke li te yon sitwayen Women.
28 Wanting to know the charge they were bringing against him, I brought him down to their council. Epi akoz ke mwen te vle konprann chaj ke yo te pote kont li an, mwen te fè l rive devan Konsèy pa yo a.
29 I found him accused over questions of their law, with no charge deserving death or imprisonment. Konsa, mwen te vin twouve ke li te akize sou kesyon konsènan pwòp lwa pa yo, men pa anba okenn akizasyon ki te merite lanmò oubyen prizon.
30 Told of a plot against the man, I sent him to you at once, also ordering his accusers to state their case against him before you." “Lè m te enfòme ke ta gen yon konplo kont li, mwen te voye li kote ou sibitman, e osi te enstwi akizatè li yo pou mennen chaj kont li yo devan ou.”
31 So the soldiers, following their orders, took Paul and brought him by night to Antipatris. Konsa, sòlda yo selon lòd pa yo, te pran Paul pou mennen l nan nwit lan devan Antipatris.
32 The next day they let the horsemen go on with him while they returned to the barracks. Men nan pwochen jou a yo te kite chevalye yo ale avè l, e yo te retounen nan Kazèn nan.
33 The horsemen reached Caesarea, delivered the letter to the governor, and presented Paul to him. Lè sa yo te rive Césarée e te livre lèt la bay Gouvènè a, yo te prezante Paul devan l.
34 After reading it, the governor asked what province he was from, and learned he was from Cilicia, Lè li te fin li l, li te mande nan ki pwovens li te sòti, e lè li te vin aprann ke se te Cilicie,
35 "I'll hear you," he said, "once your accusers arrive." He ordered him held under guard in Herod's headquarters. li te di: “Mwen va bay ou yon odyans apre akizatè ou yo vin rive tou.” Konsa, li te bay lòd pou yo ta kenbe l nan Pretwa Hérode la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]