Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Five days later the high priest Ananias came down with some elders and a lawyer, Tertullus, and they brought charges against Paul before the governor. Apre senk jou wo prèt la Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a.
2 When Paul was summoned, Tertullus began his accusation: "Through you we enjoy great peace, and reforms have come to this nation through your foresight, Apre Paul te fin konvoke, Tertulle te kòmanse akize l e te di a gouvènè a: “Akoz ke atravè ou menm, nou te rive gen anpil lapè, epi akoz vizyon ou menm, refòm ap fèt pou nasyon sila a,
3 we acknowledge this in every way and everywhere, most excellent Felix, with all gratitude. nou rekonèt sa, nan chak aspè, e toupatou trè ekselan Félix, avèk tout rekonesans.
4 But so as not to detain you any further, I ask you to hear us kindly, in a few words. Men pou m pa fatige ou plis, mwen mande w pou pèmèt nou nan bonte ou, pou tande nou an brèf.
5 We found this man a plague, stirring up riots among all the Jews worldwide, and a ringleader of the Nazarene sect. “Paske nou twouve nonm sila a yon vrè pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil sèkt a Nazareyen yo.
6 He even tried to desecrate the temple, so we seized him. Li te menm eseye souye tanp lan. Epi konsa, nou te arete li.
7 Not in this edition Men Lysias, kòmandan an te parèt, epi avèk anpil vyolans, te rache li nan men nou.
8 By examining him yourself, you can learn all we accuse him of." “Lè ou egzamine li pou kont ou konsènan tout bagay sila yo, ou kapab verifye bagay sou sila nou akize li yo.”
9 The Jews also joined in the attack, insisting that these things were so. Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vrè.
10 The governor motioned him to speak. Paul answered: "Knowing you've judged this nation for many years, I gladly defend myself. Lè gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen.
11 You can confirm it's no more than twelve days since I went up to worship in Jerusalem. Akoz ke ou kapab note ke pa plis ke nan douz jou pase mwen te monte Jérusalem pou m adore.
12 They found me arguing with no one, stirring up no crowd—not in the temple, the synagogues, or anywhere in the city. Ni nan tanp lan, ni nan sinagòg yo, ni nan vil la li menm, yo pa t janm twouve mwen nan diskisyon avèk okenn moun, ni koze okenn boulvèsman.
13 Nor can they prove to you the charges they are now bringing against me. Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.
14 But I confess to you: following the Way—they call it a sect—I worship the God of our ancestors, believing all that agrees with the Law and is written in the Prophets. “Men sa mwen admèt a nou, ke selon Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vrè ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo.
15 I have hope in our Father—one these men also hold—that the righteous and unrighteous alike will rise. Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo.
16 So I always strive to keep my conscience clear before our Father and before people. Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.
17 After several years I came to bring charitable gifts for my nation's poor, and offerings. “Alò, apre plizyè ane, mwen te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann m.
18 Amid this, they found me purified in the temple—no crowd, no uproar. Nan sa a, yo te twouve mwen okipe nan tanp lan, deja pirifye, san okenn foul, ni konfli. Men te gen sèten Jwif ki sòti an Asie—
19 Some Jews from Asia should be here before you to accuse, if they have anything against me. ki ta dwe prezan devan ou pou fè akizasyon, si yo ta gen anyen kont mwen.
20 Or let these men themselves say what wrongdoing they found when I stood before the council, Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan konsèy la,
21 except this one thing I shouted standing among them: 'It's over the resurrection of the dead that I'm on trial before you today.'" ot ke sèl pawòl sa a ke m te rele lè m te kanpe pami yo a: ‘Pou rezirèksyon a mò yo y ap jije mwen jodi a.’”
22 Felix, who knew the Way fairly well, adjourned the hearing: "When Lysias the commander arrives, I will decide your case." Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”.
23 He ordered the centurion to guard Paul but allow him some freedom, not stopping any of his friends from serving him. Answit Li te bay lòd a santenye a pou l retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan zanmi li yo sèvi li.
24 Some days later, Felix came with his wife Drusilla, a Jew, sent for Paul, and heard him about faith in Christ Jesus. Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou lafwa nan Jésus Kri a.
25 As Paul discussed righteousness, self-control, and the coming judgment, Felix grew frightened and said, "That's enough for now; go. When I find time, I'll call for you." Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.”
26 He also hoped Paul would give him money, so he sent for him often and talked with him. Nan menm tan an, tou, li t ap espere ke Paul ta bay li lajan pou lage l. Akoz sa, li te konn voye rele l souvan pou pale avè l.
27 After two years, Porcius Festus succeeded Felix. Wanting to please the Jews, Felix left Paul in prison. Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]