Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now three days after Festus had arrived in the province, he went up to Jerusalem from Caesarea. Konsa, Festus, apre twa jou nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem.
2 There the chief priests and Jewish leaders presented their case against Paul and kept urging him, Chèf prèt yo ak dirijan a pèp Jwif yo te pote chaj kont Paul. Konsa, yo t ap mande yo favè
3 requesting a favor against him—that he summon Paul to Jerusalem. They were setting an ambush to kill him on the road. ke li ta fè pa yo nan jijman a kont Paul, pou fè l vini Jérusalem. Men yo te gen lentansyon pou touye l nan wout.
4 Festus replied that Paul was held at Caesarea, and he himself would leave shortly. Answit Festus te reponn ke Paul t ap kenbe nan gadavi Césarée, e ke li menm t ap sòti talè.
5 "So," he said, "let those among you who are able go down with me and accuse the man, if there is anything wrong with him." “Konsa”, li te di: “Kite prensipal moun pami nou yo ale avè m, e si gen yon bagay ki mal nan nonm sa a, kite yo pouswiv sa nan lajistis.”
6 Festus stayed with them no more than eight or ten days, then went down to Caesarea. The next day he took the judge's seat and ordered Paul brought in. Apre Festus te fin pase plis ke di jou pami yo, li te desann Césarée. Nan pwochen jou a li te pran chèz li devan tribinal la, e te kòmande yo fè Paul vini.
7 When Paul arrived, the Jews from Jerusalem surrounded him, bringing many serious charges they couldn't prove. Apre Paul te rive, Jwif ki te desann sòti Jérusalem yo te kanpe antoure li. Yo t ap pote anpil chaj byen serye kont li ke yo pa t kab pwouve.
8 Paul answered in his defense: "I have done no wrong against the Jewish law, the temple, or Caesar." Paul te di nan pwòp defans li: “Mwen pa fè okenn ofans ni kont Lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont César.”
9 But Festus, wanting to please the Jews, asked Paul, "Will you go up to Jerusalem and be tried there before me on these charges?" Men Festus ki te vle plè Jwif yo, te reponn Paul. Li te di: “Èske ou dakò pou monte Jérusalem pou pase nan jijman devan mwen sou chaj sila yo?”
10 Paul said, "I stand before Caesar's tribunal, where I must be judged. I've done the Jews no wrong, as you yourself know very well. Men Paul te di: “Mwen kanpe devan tribinal César a, kote mwen dwe jije a. Mwen pa fè okenn mal a Jwif yo, jan ou menm osi byen konnen an.
11 If I've done wrong, done something deserving death, I won't refuse to die. But if these men's charges against me are groundless, no one can hand me over to them. I appeal to Caesar." Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen fè apèl mwen a César.”
12 After consulting his council, Festus answered, "You appealed to Caesar; to Caesar you will go." Konsa Apre Festus te fè yon konferans avèk konseye li, li te reponn: “Se a César ke ou fè apèl; se a César ke ou va ale.”
13 Some days later, King Agrippa and Bernice came to Caesarea and greeted Festus. Alò lè kèk jou te pase, Wa Agrippa avèk Bérnéice te rive Césarée pou prezante omaj yo a Festus.
14 As they spent many days there, Festus presented Paul's case to the king: "Felix left a man here as a prisoner. Pandan yo t ap pase anpil jou la, Festus te mete ka a Paul la devan wa a, e t ap di: “Genyen yon sèten nonm ke Félix te kite kòm prizonye.
15 While I was in Jerusalem, the chief priests and elders of the Jews accused him, asking me for his conviction. Epi lè m te Jérusalem, chèf prèt avèk ansyen Jwif yo te pote chaj kont li, pou mande yon santans kondanasyon kont li.
16 I told them it's not Roman custom to hand over anyone before the accused faces his accusers in person and gets a chance to defend himself against the charge. “Mwen te reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo.
17 So when they gathered here, I delayed nothing—next day I sat on the judgment seat and ordered the man brought in. Donk, apre yo te fin ransanble la a, mwen pa t fè reta, men nan pwochen jou a, te pran chèz mwen sou tribinal la, e te kòmande mesye sila a vin devan mwen.
18 When his accusers stood up, they raised none of the criminal charges I had expected. Lè akizatè yo te kanpe, yo te kòmanse pote chaj krim, men pa tankou mwen ta sipoze a.
19 Instead, they had some disputes with him about their own religion and a dead man named Jesus, whom Paul kept claiming was alive. Yo te senpleman gen kèk pwen malantandi sou relijyon pa yo, ak sou yon sèten mesye mouri, Jésus, ke Paul te pwoklame toujou vivan.
20 Unsure how to investigate this, I asked if he was willing to go to Jerusalem and be tried there on these charges. Kòmsi mwen pa t menm konprann jan pou m ta fè yon ankèt sou bagay sila yo, mwen te mande si li te dakò pou ale Jérusalem pou pase nan jijman sou zafè sila yo.
21 But since Paul appealed to be held for the Emperor's decision, I ordered him held until I could send him to Caesar." Men lè Paul te fè apèl pou desizyon Anperè a, mwen te kòmande li kenbe nan gadavi jiskaske m voye li kote César.”
22 Agrippa told Festus, "I'd like to hear the man myself." "Tomorrow," Festus said, "you will hear him." Answit Agrippa te di a Festus: “Mwen ta renmen osi tande mesye sa mwen menm”. Li te reponn: “Demen ou va tande l”.
23 The next day Agrippa and Bernice arrived with great show and entered the hall with the military commanders and the city's prominent men. On Festus's order, Paul was brought in. Konsa, nan pwochen jou a, lè Agrippa te parèt ansanm avèk Bérnéice, pami gwo zafè, li te antre nan sal odyans lan, akonpanye ak kòmandan yo ak lòm pi enpòtan nan vil yo, epi sou kòmand Festus, Paul te mennen antre.
24 Festus said, "King Agrippa, and all here with us—you see this man. The whole Jewish community petitioned me about him, both in Jerusalem and here, shouting he must not live any longer. Festus te di: “Wa Agrippa, e tout moun ki prezan avèk nou la a, ou wè nonm sila a, sou kilès tout pèp Jwif la te fè vin kote mwen, ni nan Jérusalem, ni isit la, pou te deklare byen fò ke li pa t dwe viv ankò a.
25 But finding nothing deserving death, and since he himself appealed to the Emperor, I decided to send him. Men mwen te twouve ke li pa t fè okenn bagay ki te merite lanmò; epi akoz ke li menm te fè apèl a Anperè a, mwen te deside voye l.
26 I have nothing definite to write my lord about him, so I brought him before you all, especially before you, King Agrippa, so that after this examination I may have something to write. “Deja mwen pa gen anyen definitif pou ekri a mèt mwen. Donk mwen mennen li devan nou tout, e espesyalman devan ou, Wa Agrippa, pou lè ankèt la fèt, pou mwen kapab gen yon bagay pou m ekri.
27 For it seems unreasonable to me to send a prisoner without indicating the charges against him." Paske li sanble dwòl pou mwen voye yon prizonye, epi pou m pa endike osi chaj kont li.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]