Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Agrippa told Paul, "You may speak for yourself." Then Paul stretched out his hand and began his defense. Agrippa te di a Paul: “Ou gen dwa pale pou tèt ou.” Epi Paul te lonje men li pou te kòmanse fè defans li.
2 King Agrippa, I count myself fortunate to defend myself before you today against all the Jews' accusations, “Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a;
3 especially since you know all Jewish customs and disputes well, so I ask you to hear me out patiently. Sitou paske ou se yon ekspè nan tout koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans.
4 All Jews know my life from youth, spent from the start among my own nation and in Jerusalem. “Alò konsa, tout Jwif yo konnen kalite vi mwen depi nan jenès mwen, ki soti nan kòmansman an ki te pase pami pwòp nasyon mwen, ak nan Jérusalem.
5 They've long known me, and if willing to testify, that according to our religion's strictest sect I lived as a Pharisee. Paske yo konnen mwen depi lontan, si yo dakò temwaye. Mwen te viv kon yon Farizyen, selon sèkt ki pi disipline nan tout relijyon nou an.
6 And now I stand on trial for hope in the promise our Father made to our fathers. “Konsa, koulye a, mwen kanpe devan tribinal la pou lespwa pwomès ki te fèt pa Bondye a zansèt nou yo.
7 Our twelve tribes hope to reach this promise, worshiping him fervently night and day. For this hope, king, I am accused by the Jews. Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo.
8 Why is it judged incredible by any of you that our Father raises the dead? Poukisa pami nou, nou twouve li enkwayab ke Bondye kapab leve mò yo?
9 I myself thought I must do many things against the name of Jesus of Nazareth. “Alò mwen te reflechi a mwen menm, ke mwen te oblije aji avèk anpil fòs kont non a Jésus de Nazareth la.
10 That's what I did in Jerusalem: with authority from the chief priests, I locked many of the holy ones in prison, and voted against them when they were being put to death. Epi sa, mwen te fè menm Jérusalem; non sèlman ke m te fèmen anpil nan sen sila yo nan prizon, men avèk otorite ke m te resevwa soti nan chèf prèt yo, lè yo te mete yo a lanmò mwen te dakò pou yo aji kont yo.
11 In every synagogue I often punished them, trying to force them to speak against God; enraged against them, I hunted them even to foreign cities. Epi pandan mwen te pini yo souvan nan tout sinagòg yo, mwen te eseye fòse yo fè blasfèm. Tèlman mwen te anraje avèk yo, mwen te kouri dèyè yo menm nan vil etranje yo.
12 On one such journey I went to Damascus with authority and commission from the chief priests. “Pandan mwen te angaje konsa, mwen te fè yon vwayaj nan Damas avèk otorite ak pèmisyon a chèf prèt yo.
13 At midday, O king, I saw on the road a light from heaven, brighter than the sun, blazing around me and my fellow travelers. Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo.
14 We all fell to the ground, and I heard a voice speaking to me in Hebrew: 'Saul, Saul, why are you persecuting me? It's hard for you to kick against the goads.' Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’
15 I asked, 'Who are you, Lord?' The Lord said, 'I am Jesus, whom you are persecuting.' “Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’ “E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.
16 But get up, stand on your feet—I appeared to you for this reason: to appoint you a servant and witness both of what you have seen of me and of what I will yet appear to you, Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm;
17 rescuing you from your people and from the Gentiles—to whom I am sending you, k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo,
18 to open their eyes, so they turn from darkness to light and from Satan's power to our Father, and receive forgiveness of sins and a place among those made holy by faith in me.' pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
19 Therefore, King Agrippa, I was not disobedient to the heavenly vision, “Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la,
20 but I declared first to those in Damascus, then in Jerusalem and all the region of Judea, and to the Gentiles too, to repent and turn to our Father, doing deeds that match their repentance. men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.
21 For this reason the Jews seized me in the temple and tried to kill me. “Pou rezon sa a, kèk Jwif te sezi mwen nan tanp lan e te eseye mete m a lanmò.
22 With help from our Father, I stand to this day testifying to both small and great, saying nothing beyond what the prophets and Moses said would happen: Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo.
23 that the Christ must suffer, and, first to rise from the dead, proclaim light to both our people and the Gentiles. Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”
24 As Paul defended himself, Festus shouted, "Paul, you're insane! Your vast learning is driving you mad." Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Gran konesans ou fè ou vin fou.”
25 But Paul said, "I'm not insane, most excellent Festus; I speak words of truth and sound judgment. Men Paul te reponn li: “Mwen pa pèdi tèt mwen trè ekselan Festus, men mwen pale pawòl ak verite byen rezonen.
26 The king knows these things—I speak to him freely. I'm sure none of this escaped him, since it wasn't done in a corner. Paske Wa a okuran de tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen.
27 King Agrippa, do you believe the prophets? I know that you believe." Wa Agrippa, èske ou kwè nan pwofèt yo? Mwen konnen ke ou kwè.”
28 Agrippa said, "So quickly you'd persuade me to be a Christian?" Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vlè pèswade m pou devni yon Kretyen?”
29 Paul said, "Whether short or long, I pray to our Father that not only you but all who hear me today might become as I am—except these chains." Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou chèn sila yo.”
30 Then the king rose, and the governor and Bernice and those seated with them. Wa a te leve avèk gouvènè a, ak Bérnéice, ak sila ki te chita avèk yo.
31 As they left, they told each other, "This man deserves neither death nor imprisonment." Epi lè yo te ale akote, yo te kòmanse pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Mesye sila a p ap fè anyen ki merite lanmò oubyen prizon.”
32 Agrippa told Festus, "This man could have been freed if he hadn't appealed to Caesar." Epi Agrippa te di a Festus: “Mesye sa a ta gen dwa libere si li pa t fè apèl a César.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]