Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Once it was decided we would sail to Italy, they handed Paul and some other prisoners to a centurion named Julius of the Imperial Cohort. Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius.
2 We boarded a ship from Adramyttium bound for the ports along the coast of Asia and put out to sea. Aristarchus, a Macedonian from Thessalonica, was with us. Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.
3 The next day we docked at Sidon. Julius treated Paul kindly, letting him go to friends for care. Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius te byen trete Paul e te pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen.
4 From there we put to sea and sailed along Cyprus's sheltered side, since the winds opposed us. Soti la nou te monte sou lanmè a pou te pran vwal anba pwoteksyon Chypre akoz van an ki te kontrè.
5 Having sailed across the open sea off Cilicia and Pamphylia, we came to Myra in Lycia. Lè nou te fin travèse lanmè a toupre kot Cilicie ak Pamphylie, nou te rive nan Myra, nan Lycie.
6 There the centurion found an Alexandrian ship sailing for Italy and put us aboard it. La santenye a te twouve yon bato Alexandryen ki t ap pran vwal pou Italie, e li te fè nou anbake.
7 Sailing slowly for many days, we barely reached Cnidus. Since the wind blocked us, we sailed along the sheltered side of Crete, off Salmone. Nou te navige byen lantman pandan anpil jou, epi avèk difikilte te rive akote Nid, akoz ke van pa t pèmèt nou ale pi lwen. Akoz sa nou te pran vwal anba pwoteksyon Crète la, toupre Salmone.
8 Barely coasting along, we reached Fair Havens, a place near the town of Lasea. Konsa, avèk difikilte, nou te vwayaje pou rive a yon sèten kote ke yo te rele Beau-Ports, toupre lavil Lasea a.
9 Much time was lost—even the Fast had passed, making sailing dangerous now. So Paul warned them, Lè anpil tan te fin pase, vwayaj la te vin andanje akoz ke tan Fèt Jèn nan te fin pase, e Paul te kòmanse avèti yo.
10 "Men, I see this voyage will bring disaster and heavy loss—not only to the cargo and ship, but also to our lives." Li te di yo, “Mesye yo, mwen prevwa ke vwayaj la va an verite gen donmaj ak gwo pèt, non sèlman pou bagay nou pote ak bato a, men anplis pou lavi nou.”
11 But the centurion trusted the pilot and shipowner more than Paul's words. Men santenye a te plis enfliyanse pa pilòt la ak kaptenn bato a, ke pawòl a Paul yo.
12 Since the harbor was unfit for winter, most decided to sail on, hoping somehow to reach Phoenix, a Crete harbor facing southwest and northwest, and winter there. Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.
13 When a south wind blew gently, thinking they'd gained their purpose, they weighed anchor and sailed close along Crete. Lè yon van sid byen modere te vin parèt, avèk kalkil la ke yo vin reyisi plan an, yo leve lank bato a, e yo te kòmanse pran vwal pou swiv Crète, toupre kot la.
14 But before long, a hurricane-force wind called the Northeaster swept down from the island. Men avan anpil tan, yon van vyolan, ke yo te rele Euraquilon te desann soti atè e te vin vole sou yo.
15 The ship was caught and couldn't face the wind, so we gave way and drifted. Konsa, lè bato a te pran nan li, li pa t kab fè fas a van an, e nou te kite l pran nou pou lèse nou pouse pa van an.
16 Running under a small island called Cauda, we barely managed to secure the ship's lifeboat. Pandan nou t ap kouri anba pwoteksyon a yon ti lil ke yo rele Clauda, nou te prèske pa t kab mete bato a anba kontwòl.
17 Once hoisted aboard, they used ropes to brace the hull. Fearing they'd run aground on Syrtis's sandbars, they lowered the sea anchor and were driven along. Lè yo te fin leve l, yo te sèvi ak kab pou ranfòse bato a. Akoz pè ke yo ta vin echwe nan bafon Syrte la, yo te desann gwo vwal la, epi konsa kite van an pouse yo avanse.
18 The storm battered us so violently that the next day they began throwing cargo overboard. Nan demen, pandan nou t ap jete toupatou avèk vyolans akoz van a, yo te kòmanse vide chaj yo pote nan lanmè.
19 On the third day, with their own hands they threw the ship's gear overboard. Nan twazyèm jou a, yo te jete tout aparèy pou manevre bato a nan lanmè avèk pwòp men yo.
20 For many days sun and stars didn't appear, the fierce storm kept raging, and we finally lost all hope of being saved. Akoz ni solèy, ni etwal pa t parèt pandan anpil jou, e se pa yon ti kras tanpèt ki t ap atake nou an, depi la, tout espwa pou nou ta sove te disparèt.
21 After they had gone a long time without food, Paul stood among them and said, "Men, you should have obeyed me and not sailed from Crete; then you would have spared yourselves this disaster and loss. Lè yo te fin fè anpil tan san manje, Paul te kanpe nan mitan yo e te di yo: “Mesye yo, nou te dwe swiv konsèy mwen an pou nou pa pran lanmè a soti Crète pou envite fè rive donmaj ak pèt sila yo.
22 Now I urge you to stay encouraged: none of you will lose your life, only the ship will be lost. Men koulye a mwen ankouraje nou pou pran kouraj, paske p ap gen pèt lavi pami nou, men sèlman chaj bato a.
23 Last night an angel of our Father—the one I belong to and serve—stood beside me, Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen, e Sila ke m sèvi, te kanpe devan mwen.
24 and said, 'Don't be afraid, Paul. You must stand before Caesar, and look—our Father has given you the lives of all sailing with you.' Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’
25 So take courage, men—I trust our Father: it will be just as I was told. Akoz sa, mesye yo pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an.
26 But we must run aground on some island." Men fòk nou echwe sou yon sèten lil.”
27 On the fourteenth night, still driven across the Adriatic Sea, the sailors sensed near midnight that land was approaching. Men lè katòzyèm nwit lan te vin rive, pandan van a t ap pouse vire nou nan Lanmè Adriatique la, anviwon minwi, yo te kòmanse vin konprann ke yo t ap pwoche vè yon tè.
28 They sounded and found 120 feet; going a little farther, they sounded again and found ninety feet. Lè Yo te sonde, yo te twouve ke se te a ven bwas pwofondè; epi yon ti kras pi lwen, yo te sonde ankò, e te twouve li a kenz bwas.
29 Afraid of hitting rocks, they dropped four anchors from the stern and prayed for daylight. Nan pè pou nou ta kouri atè yon kote sou wòch, yo voye kat lank pa dèyè bato yo e te espere pou jounen an vin rive.
30 The sailors tried to escape from the ship, lowering the lifeboat into the sea, pretending to run out anchors from the bow. Men pandan mesye lanmè yo t ap eseye chape kite bato a, yo te deja lonje desann ti kannòt bato a nan lanmè a, sou pretèks ke yo t ap lonje lank pa devan yo,
31 Paul told the centurion and soldiers, "Unless these men stay in the ship, you can't be saved." Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.”
32 So the soldiers cut the ropes holding the lifeboat and let it drift away. Alò, sòlda yo te koupe kòd a kannòt bato a, e te kite l tonbe lib.
33 Just before dawn, Paul urged everyone to eat, saying, "This is the fourteenth day you've waited anxiously, without food, having eaten nothing. Jiskaske joune a te prèt pou pwente, Paul t ap ankouraje yo tout pou pran kèk bagay pou manje, e t ap di: “Jodi a fè katòzyèm jou ke nou ap veye san rete, ale san manje, e pa pran anyen.
34 So I urge you to eat—this is for your survival. Not a hair from any of your heads will be lost." Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.”
35 Saying this, he took bread, thanked our Father before them all, broke it, and began to eat. Lè l fin di sa, li te pran pen e te remèsye Bondye nan prezans a tout moun. Li te kase li e te kòmanse manje.
36 They were all encouraged and ate some food themselves. Yo tout te ankouraje e yo menm yo tout te pran manje.
37 Altogether there were 276 of us on board. Nou tout nan bato a se te de-san-swasann-sèz moun.
38 Once satisfied with food, they lightened the ship by tossing the grain into the sea. Lè yo te manje kont yo, yo te kòmanse fè bato a pi lejè pa voye ble nan lanmè a.
39 At daylight they did not recognize the land, but noticed a bay with a sandy beach, and planned, if possible, to run the ship aground there. Lè jounen an te vin rive yo pa t rekonèt tè a, men yo te wè yon pò avèk yon plaj, e yo te pran kouraj pou dirije bato a vè li si l te posib.
40 They cut the anchors loose, leaving them in the sea, and at the same time untied the rudder ropes. Then they hoisted the foresail to the wind and headed for the beach. Konsa, yo te jete lank yo, e te kite yo nan lanmè a, pandan nan menm moman an yo t ap lage kòd gouvènay yo, yo te monte vwal devan an pou van an pran l; konsa yo te tire vè plaj la.
41 But hitting a sandbar where two currents met, they ran the ship aground—the bow stuck fast, unmoving, while the waves' force broke the stern apart. Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an moso akoz gwo vag lanmè a.
42 The soldiers planned to kill the prisoners so that none of them could swim away and escape. Sòlda yo te fè plan pou touye tout prizonye yo, pou okenn nan yo pa ta chape naje nan lanmè a.
43 But the centurion, wanting to save Paul, stopped them from their plan, and ordered those who could swim to jump in first and get to shore, Men santenye a ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè,
44 and the rest—some on planks, some on ship debris. So everyone reached land safely. epi rès la ta swiv yo, kèk sou mòso bwa, e lòt yo sou plizyè lòt bagay pou kite bato a. Konsa li te rive, ke yo tout te vin rive sof atè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]