Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Acts 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Once we were brought safely through, we learned that the island was called Malta. Lè yo tout te fin rive sof nou te vin twouve ke lil la te rele Malte.
2 Local people showed us unusual kindness: they lit a fire and welcomed us all, since rain had started and it was cold. Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout.
3 When Paul gathered a bundle of sticks and put them on the fire, a viper came out from the heat and fastened onto his hand. Men lè Paul te ranmase yon pakèt bwa e te mete yo sou dife a, yon vipè te sòti akoz chalè a e te tache nan men l.
4 Seeing the creature hanging from his hand, the natives said to each other, "This man must be a murderer—though he escaped the sea, Justice won't let him live." Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”
5 But he shook the creature off into the fire and suffered no harm. Konsa, li te souke retire bèt la jete nan dife a, men l pa t gen anyen.
6 They expected him to swell up or suddenly fall dead. But after watching a long time and seeing nothing wrong happen to him, they changed their minds, calling him a god. Men yo t ap atann ke li vin anfle e sibitman tonbe mouri. Men apre yo te tann pandan anpil tan e pa t wè anyen rive li, yo te reflechi yon lòt jan e te kòmanse di ke li te yon dye.
7 Near that place were estates belonging to the island's chief official, named Publius, who welcomed us and hosted us kindly for three days. Alò, toupre kote sila a, te gen tè ki te pou mesye pi enpòtan nan lil la, ke yo te rele Publius, ki te bannou byenveni. Li te byen emab e li te bay nou lojman pandan twa jou.
8 Publius's father lay sick with fever and dysentery. Paul went in, prayed, laid hands on him, and healed him. Li te vin rive ke papa a Publius te kouche byen malad avèk lafyèv ak dyare. Paul te ale wè li e lè li te fin priye pou li, li te poze men l sou li e te geri li.
9 After this, the rest of the sick on the island came and were healed. Aprè sa te fin fèt, tout lòt moun sou lil la ki te gen maladi t ap vin kote li e t ap geri.
10 They paid us many honors, and when we sailed, loaded us with everything we needed. Anplis, yo te onore nou avèk anpil mak respè, e lè nou t ap pran vwal, yo te founi nou tout sa nou te bezwen.
11 After three months we sailed in an Alexandrian ship that had wintered at the island, marked with the Twin Brothers. Nan fen twa mwa yo nou te pran vwal sou yon bato Alexandryen ki osi te pase sezon livè a nan lil la. Li te gen Frè Jimo yo kon òneman devan an kòm tèt bato a.
12 We put in at Syracuse and stayed there three days. Apre nou te antre o pò nan Syracuse, nou te rete la pandan twa jou.
13 From there we sailed around and arrived at Rhegium. A day later a south wind rose, and on the second day we reached Puteoli. Soti la, nou te pran vwal pou antoure rive nan Reggio. Yon jou pita, yon van sid te parèt, e nan dezyèm jou a nou te rive Pouzzles.
14 There we found brothers and sisters and were urged to stay with them seven days; so we came to Rome. La nou te twouve kèk frè ki te envite nou rete avèk yo pandan sèt jou, e konsa nou te rive Rome.
15 The brothers and sisters there heard about us and came to meet us as far as the Forum of Appius and Three Taverns. Seeing them, Paul thanked our Father and took courage. Epi frè fidèl yo, lè yo te tande de nou, te vini la soti nan distans pou rive nan Mache Appuis la avèk Twa Tavernes pou rankontre nou. Lè Paul te wè yo, li te remèsye Bondye e te pran kouraj.
16 When we entered Rome, Paul was allowed to stay by himself, with the soldier who guarded him. Lè nou te antre Rome, Paul te jwenn pèmisyon pou rete pou kont li, avèk sòlda ki t ap veye l la.
17 Three days later he gathered the Jewish leaders. When they assembled, he said to them, "Brothers, though I'd done nothing against our people or our ancestors' customs, I was handed over as a prisoner from Jerusalem into Roman hands. Apre twa jou Paul te rele ansanm moun ki te pi enpòtan pami mesye Jwif yo. Lè yo te vin ansanm, li te kòmanse ap di yo: “Frè yo malgre mwen pa t fè anyen kont pèp nou an, oubyen koutim zansèt nou yo, konsa, mwen te livre kòm prizonye soti Jérusalem nan men Women yo.
18 After examining me, they wanted to release me, since I had no charge deserving death. Epi lè yo menm te egzamine mwen, yo te dakò pou lage m paske yo pa t twouve baz pou mete m a lanmò.
19 When the Jews objected, I was forced to appeal to Caesar—though I had no charge to bring against my nation. Men lè Jwif yo te vin pa dakò, mwen te oblije fè apèl a César, pa akoz ke m te gen okenn akizasyon kont nasyon mwen an.
20 That's why I asked to see and speak with you—I wear this chain because of Israel's hope." Pou rezon sa a, donk mwen te mande wè nou pou pale avèk nou, paske mwen ap pote chenn sa a pou lespwa Israël la.”
21 They said to him: "We received no letters from Judea about you, nor has any brother who came reported or said anything bad about you. Yo te di li: “Nou pa t ni resevwa lèt sòti Judée konsènan ou, ni pa t gen okenn nan frè yo ki te vin isit la pou rapòte oswa pale anyen mal de ou menm.
22 We'd like to hear what you think, since we know this sect is spoken against everywhere." Men nou dezire tande de ou menm sa ke ou panse. Paske konsènan sèkt sa a, se byen koni pami nou menm ke yo pale kont li toupatou.”
23 They set a day and came to his lodging in greater numbers. From morning to evening he explained, testifying about the kingdom of our Father and trying to persuade them about Jesus from the Law of Moses and the Prophets. Lè yo te fikse yon jou pou Paul, yo te vini kote lojman li an an gran nonb. Li t ap eksplike yo nan temwayaj klè e konplè de wayòm Bondye a ak nan eseye fè yo kwè konsènan Jésus, soti nan Lalwa Moïse la ak nan pwofèt yo depi granmmaten jis rive nan aswè.
24 Some were convinced by what he said, but others would not believe. Kèk te vin kwè akoz bagay ki te pale yo, men lòt yo te refize kwè.
25 Disagreeing among themselves, they left after Paul added one final word: "The Holy Spirit spoke rightly to your ancestors through Isaiah the prophet, saying, Lè yo pa t dakò youn avèk lòt, yo te kòmanse pati lè Paul te fin pale dènye pawòl sila a: “Lespri Sen an te gen rezon lè l te pale atravè Ésaïe, pwofèt a zansèt nou yo,
26 "'Go to this people and say: You will indeed hear but never understand, and you will indeed see but never perceive. Lè l te di: ‘Ale nan pèp sa epi di: “Nou va toujou tande, men nou p ap konprann. Nou va toujou gade, men nou p ap wè anyen.
27 For this people's heart has grown dull, and their ears are hard of hearing, and they have closed their eyes—otherwise they might see with their eyes, and hear with their ears, and understand with their heart, and turn, and I would heal them.' Paske kè a moun sa yo vin di. Zòrèy pa yo, yo manke tande. E yo fèmen zye yo; otreman pou yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen, pou Mwen ta geri yo.’
28 So know: our Father's salvation was sent to the nations—they will listen." “Konsa, Kite l byen konnen a nou menm, ke delivrans sila gen tan voye osi a pèp etranje yo. Yo menm va koute.”
29 Not in this edition Lè li te fin pale pawòl sa yo, Jwif yo te pati, e yo t ap diskite pami yo menm.
30 He stayed two whole years in his own rented place and welcomed all who came to him, Konsa, Paul te rete la pandan dezan nan pwòp chanm li ke li te lwe a. Li te trè kontan resevwa tout sila ki te vin wè li yo.
31 proclaiming our Father's kingdom and teaching about the Lord Jesus Christ, boldly and unhindered. Li t ap preche wayòm Bondye a, e t ap enstwi konsènan Senyè a Jésus Kri, avèk tout libète, san anpèchman.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]