Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Paul, a servant of Christ Jesus, called to be an apostle, set apart for the gospel of our Father, Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a,
2 the gospel he promised beforehand through his prophets in the holy Scriptures, ke Li te pwomèt oparavan atravè pwofèt Li yo nan Ekriti Sen Yo,
3 concerning his Son, who in his earthly life was descended from David, konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David selon lachè,
4 and was declared to be the Son of our Father in power according to the Spirit of holiness by his resurrection from the dead—Jesus Christ our Lord. ki te deklare Fis Bondye a avèk pouvwa akoz rezirèksyon Li, ki te fè L sòti nan lanmò, atravè Lespri sentete a, Jésus Kri, Senyè nou an.
5 Through him we received grace and apostleship for the obedience of faith among all the nations, for his name's sake, Pa Li menm nou te resevwa gras e te rele kòm apot pou fè parèt obeyisans lafwa a pami tout etranje yo pou koz Sen Non Li.
6 and you also are among those called to belong to Jesus Christ. Pami sila yo nou menm osi te rele pa Jésus Kri.
7 To all in Rome, loved by our Father and called his holy people: Grace to you and peace from our Father and the Lord Jesus Christ. A tout sila yo ke Bondye renmen anpil nan Rome, ke Li te rele kòm sen yo: gras anvè nou avèk lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a Jésus Kri.
8 First, I thank my Father through Jesus Christ for all of you, since your faith is reported worldwide. Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond.
9 For our Father is my witness, whom I serve with my spirit in the gospel of his Son, that I constantly remember you in my prayers, Paske Bondye ke mwen sèvi nan lespri mwen lè m preche levanjil Fis Li a, se temwen m ke m ap nonmen non nou san rete nan lapriyè mwen yo.
10 asking that somehow by our Father's will I may now at last succeed in coming to you. Toujou nan priyè mwen yo, m ap mande Bondye nan volonte L, dènyèman, pou L kite m vin wè nou.
11 For I long to see you, to share a spiritual gift that strengthens you, Paske mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli.
12 that is, that we may be mutually encouraged by each other's faith, both yours and mine. Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou.
13 I want you to know, brothers and sisters: I often planned to visit you, but was kept from it until now—to reap some harvest among you too, as among the rest of the nations. Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t realize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo.
14 I'm obligated to Greeks and non-Greeks, to wise and foolish. Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo.
15 So I am eager to preach the gospel to you also who are in Rome. Donk, Pou pati pa m, mwen gen gwo anvi pou preche levanjil la a nou menm osi ki nan Rome.
16 I'm not ashamed of the gospel—it is our Father's power for salvation to everyone who believes, to the Jew first, and also the Greek. Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou.
17 For in it our Father's righteousness is revealed, from faith to faith, as it is written: "The righteous will live by faith." Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.
18 For our Father's wrath is revealed from heaven against all human godlessness and injustice, people who suppress the truth by injustice. Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis.
19 What can be known about our Father is evident to them, for he has made it evident to them. Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè.
20 Since the world's creation, his invisible qualities—eternal power and divine nature—are clearly seen, understood from what he made. So they have no excuse. Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.
21 Though they knew our Father, they didn't honor him as God or thank him—instead their thinking became empty, and their senseless hearts grew dark. Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Claiming to be wise, they became fools, Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou,
23 and exchanged our immortal Father's glory for images shaped like mortal man and birds and animals and reptiles. epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo.
24 So our Father gave them over to their hearts' desires, to impurity, dishonoring their bodies among themselves, Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm.
25 because they traded the truth about our Father for a lie, worshiping and serving the creation instead of the Creator, who is blessed forever. Amen. Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
26 Because of this, our Father gave them over to shameful desires. Their women exchanged natural relations for unnatural ones. Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a.
27 Likewise, men too abandoned natural relations with women, burning with lust for each other—men committing indecency with men, and receiving in themselves the penalty their error deserved. Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a.
28 Since they refused to keep our Father in their knowledge, he handed them over to an unfit mind, to do improper things. Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo.
29 They were filled with all injustice, evil, greed, and malice; full of envy, murder, conflict, deceit, and spite; they are gossips, Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay.
30 slanderers, haters of our Father, insolent, arrogant, boastful, inventors of evil, disobedient to their parents, Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo,
31 foolish, faithless, heartless, ruthless. san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd.
32 Though they know our Father's righteous decree that those who do such things deserve death, they not only do them but applaud those who do them. Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]