Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So you have no excuse, whoever you are, when you judge another—in judging them you condemn yourself, since you do the same things. Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo.
2 Now we know that our Father's judgment rightly falls on those who do such things. Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo.
3 Do you think, whoever judges others for such things while doing them yourself, that you'll escape our Father's judgment? Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a?
4 Or do you despise the riches of his kindness and restraint and patience, not realizing that our Father's kindness is meant to lead you to repentance? Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans?
5 But because of your hard, unrepentant heart, you are storing up wrath for yourself, for the day of wrath when our Father's righteous judgment will be revealed. Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.
6 He will repay each person according to what they have done. Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li.
7 To those who through persistent good work seek glory, honor, and immortality, he will give eternal life. Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl;
8 But those who are self-seeking, reject the truth, and follow wickedness face wrath and rage. men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye.
9 Trouble and distress for everyone who does evil—the Jew first, then the Greek, Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
10 but glory, honor, and peace for all who do good—Jew first, then Greek too. Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
11 For our Father shows no favoritism. Paske avèk Bondye pa gen patipri.
12 Sinners without the law also perish without it; sinners under the law will be judged by it. Paske tout moun ki fè peche san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a.
13 For not those who hear the law are righteous before our Father, but those who obey it will be justified. Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye.
14 Indeed, when Gentiles, who do not have the law, do by nature what the law requires, the law is at work within them, even though they do not have the law. Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo.
15 They show the law's work written on their hearts, their conscience bearing witness, and their conflicting thoughts accusing or defending them. Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo.
16 This happens on the day our Father judges everyone's secrets through Jesus Christ—so my gospel says. Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.
17 But if you call yourself a Jew, rely on the law, and boast in our Father, Men si nou pote tit “Jwif”, depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye,
18 if you know our Father's will and approve what is excellent because you are instructed by the law, konnen volonte Li, e vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a,
19 if you're convinced you are a guide for the blind, a light for those in darkness, si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo,
20 a corrector of the foolish, teacher of the immature, holding in the law the shape of knowledge and truth. yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm vrè baz konesans ak verite a;
21 You teach others—do you not teach yourself? You preach against stealing—do you steal? konsa, nou menm ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè?
22 You who tell others not to commit adultery—do you commit it? You who detest idols—do you rob temples? Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo?
23 You who boast in the law, do you dishonor our Father by breaking the law? Nou menm ki vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye?
24 As it is written: "Our Father's name is blasphemed among the nations because of you." Paske jan sa ekri a: “Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”.
25 Circumcision helps if you keep the law; break it, and your circumcision becomes being uncircumcised. Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon.
26 So if the uncircumcised keep the law's requirements, won't their uncircumcision be counted as circumcision? Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon?
27 The physically uncircumcised who keep the law will judge you who, with the letter and circumcision, break the law. Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a?
28 For being a Jew isn't merely about the outside, nor circumcision merely about the body. Paske sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vrè sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a.
29 Rather, one is a Jew inwardly, circumcision being of the heart, by the Spirit, not the written code; that one's praise is not from people but from our Father. Men yon vrè Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]