Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 What advantage, then, does the Jew have? Or what is the value of circumcision? Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen?
2 Much in every way. First of all, they were entrusted with the very words of our Father. Anpil nan tout aspè. Premyèman Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo.
3 What then? If some were unfaithful, will their unfaithfulness nullify the faithfulness of our Father? Answit kisa? Si kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa?
4 No! Let our Father be true, though every person is a liar. As it is written: "You are proven right in your words, and win when judged." Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: “Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
5 But if our wrongdoing highlights our Father's righteousness, what do we say? Is our Father unjust to bring wrath on us? (I speak in human terms.). Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? (M ap pale tankou yon moun)?
6 Certainly not! For then how could our Father judge the world? Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman Bondye va jije lemond?
7 But if my lie makes our Father's truth overflow to his glory, why am I still judged as a sinner? Men si akoz manti pa m verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè?
8 Why not say, as some slander us as saying, "Let's do evil so good may come"? Their judgment is deserved. Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): “Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis.
9 What then? Are we better off? Not at all—we've already charged that Jews and Greeks alike are all under sin's grip, Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche.
10 as it is written: "There is no one righteous, not even one; Jan sa ekri a: “Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
11 no one understands; no one seeks our Father. Pa gen moun ki gen konprann. Pa gen moun ki chache Bondye.
12 All have turned away; together they have become worthless; no one does good, not even one. Tout detounen, ansanm yo tout vin initil. Pa gen moun ki fè sa ki bon; pa menm yon sèl.
13 Their throat is an open grave; they use their tongues to deceive." "The venom of snakes is under their lips. Gòj pa yo se yon tonm tou louvri. Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon. Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
14 Their mouth is full of cursing and bitterness. Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
15 Their feet are swift to shed blood; pye yo kouri rapid pou fè san koule.
16 ruin and misery mark their ways, Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;
17 and the way of peace they have not known. epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.
18 There is no fear of our Father before their eyes." Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”
19 We know whatever the law says applies to those under it, so every mouth is silenced and the whole world stands accountable to our Father. Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.
20 No one is made right before him by works of the law; the law brings awareness of sin. Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
21 But now, apart from the law, our Father's righteousness has been revealed, testified to by the Law and the Prophets. Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo.
22 This righteousness of our Father comes through faith in Jesus Christ, to all who believe, for there's no distinction, Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri.
23 since all have sinned and fall short of the glory of our Father, Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a.
24 and are justified freely by his grace through the redemption that is in Christ Jesus. Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a,
25 Our Father presented him as the atoning sacrifice, through faith in his blood, to show his righteousness, since in his patience he had passed over sins committed before, Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo.
26 to show his righteousness now, so he is both just and the justifier of whoever trusts in Jesus. Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.
27 Where then is boasting? Excluded. By what law? Of works? No—by the law of faith. Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a.
28 For we maintain that a person is justified by faith apart from works of the law. Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo.
29 Or is our Father the Father of Jews only? Not the Father of Gentiles too? Yes, of Gentiles too, Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou.
30 since our Father is one, he will justify the circumcised by faith and the uncircumcised through faith. Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.
31 Do we cancel the law through this faith? Never—we confirm the law. Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]