Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 What then should we say that Abraham, our physical forefather, has found? Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou selon lachè te jwenn kon jijman?
2 For if Abraham was justified by works, he has something to boast about—but not before our Father. Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men pa devan Bondye.
3 For what does Scripture say? Abraham believed our Father, and it was counted to him as righteousness. Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.”
4 To the one who works, wages aren't credited as a gift but as what's owed. Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite.
5 But to one who does not work, but trusts him who justifies the wicked, his faith is counted as righteousness. Men pou sila ki pa travay la, men kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li.
6 As David also speaks of the blessing of the person our Father credits righteousness to, apart from works: Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:
7 "Blessed are those whose lawless deeds are forgiven, and whose sins are covered; “Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo, e ke peche pa yo gen tan fin kouvri.
8 blessed is the one whose sin our Father will never count against him." Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.”
9 Is this blessing only for the circumcised, or also the uncircumcised? We say Abraham's faith was credited as righteousness. Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: “Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.”
10 How then was it credited? While he was circumcised, or uncircumcised? Not while circumcised, but while uncircumcised. Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a!
11 He received circumcision as a sign, a seal of the righteousness he had by faith while still uncircumcised, so he would be father of all who believe though uncircumcised, with righteousness credited to them too, Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo.
12 and father of the circumcised who are not only circumcised but also walk in the footsteps of the faith our father Abraham had while uncircumcised. Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
13 For the promise to Abraham and his offspring that he would inherit the world did not come through the law, but through faith's righteousness. Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a.
14 For if those who live by the law are heirs, faith is emptied and the promise nullified. Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile.
15 Law brings wrath; where there is no law, there is no violation. Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
16 So it comes by faith, to be by grace, guaranteeing the promise to all the offspring—not only those tied to the law but also those who share Abraham's faith, father of us all, Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout.
17 as it is written, "I have made you father of many nations"—before our Father, in whom he believed, who gives life to the dead and calls things that do not exist into being. Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo.
18 Against hope, he believed in hope, becoming father of many nations, as he'd been told: "So will your offspring be." Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”.
19 Not weak in faith, he considered his own body already as good as dead—he was about one hundred—and Sarah's womb lifeless. San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.
20 He did not doubt our Father's promise in lack of faith, but was strengthened in faith, giving glory to our Father, Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj.
21 fully convinced that what our Father had promised he was also able to do. Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive.
22 That is why "it was credited to him as righteousness." Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati.
23 But the words "it was credited to him" were written not for his sake alone, Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li,
24 and also for us who will be credited with it—those trusting the one who raised our Lord Jesus from the dead, men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò.
25 who was delivered over for our sins and raised to make us right with our Father. Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]