Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So, since we are made right by faith, we have peace with our Father through our Lord Jesus Christ. Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri.
2 Through whom we've gained access by faith into this grace we stand in, and we rejoice in hope of our Father's glory. Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a.
3 Not only that, but we also boast in our suffering, since suffering produces endurance, Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans.
4 and endurance produces character, and character produces hope. E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans.
5 Hope doesn't put us to shame, because our Father's love has been poured into our hearts through the Holy Spirit given to us. Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen a ki te bay a nou menm nan.
6 While we were still weak, at the right time Christ died for the wicked. Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo.
7 Rarely would anyone die for a righteous person, though for a good person someone might even dare to die. Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri.
8 But our Father shows his own love for us: while we were still sinners, Christ died for us. Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
9 Much more then, now made right by his blood, we will be saved through him from the wrath. Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm.
10 If, as enemies, we were reconciled to our Father through the death of his Son, how much more, now reconciled, will his life save us? Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.
11 Not only that—we also rejoice in our Father through our Lord Jesus Christ, through whom we have now received reconciliation. Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.
12 So, as sin entered the world through one man, and death through sin, death spread to everyone, since all sinned. Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche.
13 Before the law, sin was already in the world; but sin isn't counted where there's no law. Paske jiska Lalwa a te rive, peche te deja nan lemonn, men peche pa t kapab resevwa jijman kote ki pa gen lalwa.
14 Still, death ruled from Adam to Moses, even over those whose sin didn't match Adam's wrongdoing—Adam foreshadows the one to come. Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an.
15 But the gift is not like the sin: if many died through one man's sin, much more has our Father's grace and the gift by the grace of the one man Jesus Christ overflowed to many. Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun.
16 And the gift is not like the result of that one man's sin: judgment from one sin brought condemnation, but the gift from many sins brought justification. Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon.
17 For if death reigned through that one man because of one trespass, how much more will those receiving grace's overflow and the gift of righteousness reign in life through the one man, Jesus Christ. Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.
18 So then, as one trespass condemned everyone, one righteous act brings everyone justification and life. Konsa, kòm pa yon transgresyon, kondanasyon a tout moun te rive, menm jan an ak yon sèl aksyon ladwati te rive jistifikasyon anvè lavi pou tout moun.
19 As one man's disobedience made the many sinners, so one man's obedience will make the many righteous. Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis.
20 Now the law came in so that the trespass might increase, but where sin increased, grace abounded all the more, Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis lagras te abonde pi plis toujou.
21 so that as sin reigned in death, grace might reign through righteousness to eternal life, through Jesus Christ our Lord. Konsa, menm jan ke peche te renye nan lanmò, konsa tou lagras te renye pa ladwati, jiska lavi etènèl nan Jésus Kri Senyè nou an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]