Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 What should we say, then? Should we go on sinning so that grace may increase? Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis?
2 Absolutely not! How can we who died to sin still live in it? Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li?
3 Or are you unaware that all of us baptized into Christ Jesus were baptized into his death? Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li?
4 So we were buried with him through baptism into death, that as Christ was raised from the dead through our Father's glory, we too might walk in newness of life. Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
5 For if we've been joined to his death's likeness, we'll surely also be joined to his resurrection. Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou.
6 We know our old self was crucified with him to destroy sin's body, so we'd no longer be enslaved to sin. Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò.
7 For anyone who has died has been set free from sin. Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche.
8 Now if we died with Christ, we believe that we will also live with him. Alò si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li.
9 For we know Christ, raised from the dead, never dies again; death no longer rules him. Paske nou konnen ke Kris ki te leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò.
10 For the death he died, he died to sin once for all; but the life he lives, he lives to our Father. Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye.
11 In the same way, count yourselves dead to sin but alive to our Father in Christ Jesus. Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
12 Therefore do not let sin reign in your mortal body so that you obey its desires. Konsa, pa kite peche reye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo.
13 Do not offer your body's parts to sin as weapons for wrongdoing; instead, offer yourselves to our Father as those brought from death to life, and your body's parts to him as weapons for righteousness. Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati.
14 For sin will not have mastery over you, because you are not under law but under grace. Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
15 What then? Should we sin because we are not under law but under grace? Absolutely not! Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!
16 Don't you know that offering yourselves to someone as slaves to obey makes you slaves of whoever you obey—whether sin, leading to death, or obedience, leading to righteousness? Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati?
17 Thanks to our Father: you were slaves of sin, but you obeyed from the heart the teaching pattern you were entrusted to. Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a.
18 Having been set free from sin, you became slaves of righteousness. Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
19 I speak humanly, since your flesh is weak. As you offered your body's parts as slaves to impurity and lawlessness, resulting in more lawlessness, now offer them as slaves to righteousness, resulting in holiness. M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.
20 For when you were slaves of sin, you were free from righteousness. Paske lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati.
21 What did you gain then from what you're now ashamed of? For those things end in death. Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò.
22 But now, freed from sin and enslaved to our Father, your fruit leads to holiness, and the end, eternal life. Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.
23 For the wages of sin is death, but our Father's gift is eternal life in Christ Jesus our Lord. Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]