Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Or don't you know, brothers—I'm speaking to people who know the law—that the law rules over a person only while he lives? Oubyen èske nou pa konnen, frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan?
2 A married woman is bound by law to her husband while he lives; if he dies, she is free from the law of the husband. Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a.
3 While her husband lives, she's called an adulterous woman if she becomes another man's wife; but if he dies, she's free from that law—not an adulterous woman if she marries another. Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.
4 So, my brothers and sisters, you too were put to death to the law through Christ's body, to belong to another—the one raised from the dead—so we might bear fruit for our Father. Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te oblije mouri a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye.
5 For when we were in the flesh, sin's passions, stirred by the law, worked in our bodies to produce fruit for death. Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo leve nan nou, ki t ap travay nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò.
6 But now we're released from the law, dead to what held us bound, so we serve in the new way of the Spirit, not the old way of the written code. Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
7 What then should we say? Is the law sin? Never! Yet I wouldn't have known sin except through the law—nor would I have known craving, had the law not said, "Do not crave what isn't yours." Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou “lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”.
8 But sin, seizing an opening through the commandment, produced in me every covetous craving. For apart from law, sin is dead. Men peche, ki te pran opòtinite atravèLalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri.
9 I once lived apart from law; but when the commandment came, sin revived, and I died. Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri.
10 I found that the very commandment that was meant to bring life actually brought death. Konsa, kòmandman sa a ki te fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen.
11 For sin, seizing the opportunity through the commandment, deceived me, and through the commandment killed me. Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen.
12 So then, the law is holy, and the commandment is holy and righteous and good. Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.
13 Did the good, then, bring death to me? Absolutely not! Rather, sin—to be exposed as sin—produced death in me through the good, so that through the commandment sin might become extremely sinful. Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a.
14 For we know the law is spiritual, but I am fleshly, sold under sin. Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche.
15 I don't understand what I do; for I don't do what I want, but what I hate I do. Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi.
16 If I do what I don't want, I agree the law is good. Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon.
17 So now, it's no longer I who do it, but sin living in me. Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an.
18 For I know nothing good lives in me—that is, in my flesh. For I want to do good but can't carry it out. Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt.
19 For I don't do the good I want, but the evil I don't want—that I keep doing. Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a.
20 Now if I do what I don't want, it's no longer I doing it, but sin living in me doing it. Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an.
21 So I find this law: when I want to do good, evil lies close at hand. Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an.
22 For in my inner being I delight in the law of our Father. Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an,
23 But I see another law in my body, warring against the law of my mind and taking me captive to the law of sin at work in my body. men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo.
24 What a wretched man I am! Who will rescue me from this body of death? Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a?
25 Thanks to our Father through Jesus Christ our Lord! So then, I myself serve the law of our Father with my mind, but with my flesh, the law of sin. Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]