Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 There is therefore now no condemnation for those who are in Christ Jesus. Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a.
2 In Christ Jesus, the Spirit's law of life freed you from sin and death's law. Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a.
3 What the law couldn't do, weakened by the flesh, our Father did: sending his own Son in the likeness of sinful flesh, as a sin offering, he condemned sin in the flesh, Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè,
4 so the law's righteous requirement would be fulfilled in us, who walk not according to the flesh but according to the Spirit. pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a.
5 Those who live by the flesh focus on what the flesh wants; but those who live by the Spirit, on what the Spirit wants. Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo.
6 For a mind fixed on the flesh is death; a mind fixed on the Spirit is life and peace. Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè.
7 For the flesh-ruled mind is hostile to our Father; it doesn't submit to our Father's law—indeed it cannot. Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa.
8 Those ruled by the sinful nature cannot please our Father. Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
9 But you are not in the flesh but in the Spirit, if indeed the Spirit of our Father lives in you. Whoever lacks the Spirit of Christ does not belong to him. Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L.
10 But if Christ is in you, the body is dead from sin, but the Spirit is life from righteousness. Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye.
11 So if the Spirit of our Father who raised Jesus from the dead lives in you, he who raised Christ from the dead will also make your mortal bodies alive through his Spirit living in you. Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.
12 So then, brothers and sisters, we are debtors—but not to the flesh, to live by it. Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè.
13 For if you live by the flesh, you will die; but if by the Spirit you put to death the body's deeds, you will live. Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv.
14 For all who are led by the Spirit of our Father are children of our Father. Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye.
15 You did not receive a spirit of slavery, to fall back into fear, but received the Spirit of sonship, by whom we cry, "Abba! Father!" Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
16 The Spirit himself bears witness with our spirit that we are children of our Father. Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye.
17 If children, then heirs—heirs of our Father, co-heirs with Christ, if we suffer with him, so we may also be glorified with him. Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
18 I count this era's suffering as nothing next to the glory to be revealed to us. Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan.
19 For the creation waits with eager longing for the children of our Father to be revealed. Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo.
20 For creation was subjected to frustration—not by choice, but by him who subjected it—in hope, Paske kreyasyon an te a sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan;
21 that creation itself will be freed from its slavery to decay, into the freedom of the glory of our Father's children. ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo.
22 For we know the whole creation has groaned together in labor pains until now. Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.
23 And not only the creation, but we too—who hold the Spirit's firstfruits—groan within ourselves, waiting eagerly for our full rights as sons to be restored, the redemption of our bodies. Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an.
24 In this hope we were saved. Hope seen isn't hope—who hopes for what he already sees? Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja?
25 But if we hope for what we do not see, we wait for it with patience. Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.
26 So too the Spirit helps our weakness: we don't know what to pray for as we should, but the Spirit himself pleads for us with wordless groans. Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime.
27 He who searches hearts knows the Spirit's mind, since the Spirit intercedes for the saints according to our Father's will. Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
28 We know all things work together for good for those who love our Father, who are called according to his purpose. Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
29 Those he foreknew, he also predestined to be shaped to his Son's image, so he would be firstborn among many brothers and sisters. Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.
30 Those he predestined, he also called; those he called, he also justified; those he justified, he also glorified. Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
31 So what do we say to these things? If our Father is for us, who can be against us? Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?
32 He didn't spare his own Son but gave him up for us all—won't he also freely give us everything with him? Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?
33 Who should bring any charge against our Father's chosen ones? Our Father is the one who justifies. Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis.
34 Who condemns? Christ Jesus—who died, more than that, was raised, who is at our Father's right hand, who indeed intercedes for us. Kilès ki k ap kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.
35 Who can separate us from Christ's love? Suffering, hardship, persecution, famine, nakedness, danger, sword? Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe?
36 As it is written: "For your sake we are killed all day long; we are counted as sheep to be slaughtered." Jan sa ekri a: “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen. Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 No, in all these things we are more than conquerors through him who loved us. Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an.
38 For I am convinced neither death nor life, neither angels nor rulers, neither present nor future, nor powers, Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo
39 neither height nor depth, nor anything else in all creation, can separate us from the love of our Father in Christ Jesus our Lord. ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]