Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I speak truth in Christ, not lying—my conscience testifies with me in the Holy Spirit, M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an,
2 that I have great sorrow and unceasing anguish in my heart. ke mwen gen yon gran tristès ak doulè san rete nan kè mwen.
3 I could wish myself cursed, cut off from Christ, for my brothers and sisters, my own people by blood. Paske mwen te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, selon lachè.
4 They are Israelites: theirs the full rights as sons, the glory, the covenants, the lawgiving, the worship, the promises. Yo se Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo;
5 The ancestors are theirs; from them, by human descent, comes the Christ, who is God over all, blessed forever. Amen. ki gen patriyach yo, e ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.
6 This doesn't mean our Father's word has failed, for not all descended from Israel are Israel. Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël,
7 Not all Abraham's offspring are his children; rather, "Your offspring will be named through Isaac." ni se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: “Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”.
8 That is, the children of the flesh are not children of our Father, but children of the promise count as offspring. Sa vle di, se pa zanfan lachè yo ki se pitit Bondye, men zanfan a pwomès la ki konsidere kòm erityè yo.
9 For the promise says: "At this time next year I will come, and Sarah will have a son." Paske men pawòl a pwomès la: “Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.”
10 Not only that, but Rebekah too conceived by one man, our father Isaac, Epi se pa sèlman sa, men te genRebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou.
11 though not yet born, having done nothing good or bad—so our Father's purpose by election might stand, Paske malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la,
12 not from works, but from him who calls, she was told: "the older will serve the younger." Li te di a Rebecca: “Pi gran an va sèvi pi piti a”.
13 As it is written, "Jacob I loved, but Esau I hated." Jan sa ekri a: “Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.
14 What should we say then? Is there injustice with our Father? By no means! Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt!
15 For he tells Moses, "I will have mercy on whom I have mercy, and I will have compassion on whom I have compassion." Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.”
16 So then it depends not on human will or exertion, but on our Father, who has mercy. Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la.
17 For the Scripture says to Pharaoh: "I raised you up for this very reason, to show my power in you, and to have my name proclaimed in all the earth." Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.”
18 So then he has mercy on whomever he wills, and he hardens whomever he wills. Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.
19 So you'll ask me, "Why does he still find fault? Who resists his will?" Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.”
20 But who are you, mere human, to argue with our Father? Does the molded say to its molder, "Why did you make me like this?" Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa?
21 Does the potter not have authority over the clay, making from one lump a vessel for honor, another for dishonor? Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen?
22 What if our Father, wanting to show his wrath and make known his power, patiently endured vessels of wrath prepared for destruction, Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo.
23 to reveal his glory's riches for vessels of mercy he prepared beforehand for glory, Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li,
24 even us whom he has called, not from the Jews only but also from the Gentiles? menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo.
25 As he says in Hosea, "I will call those not my children, my children, and her not beloved, beloved." Jan Li di osi nan Osée a: “Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’, e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’”
26 "And in the very place where it was said to them, 'You are not my people,' there they will be called 'children of the living Father.'" “Epi li va rive ke nan plas kote Li te di yo a: ‘Nou pa pèp mwen’, la menm, yo va rele yo fis a Bondye Vivan an.’”
27 Isaiah cries out about Israel: "Though Israel's children number like sand of the sea, only a remnant will be saved, Ésaïe te kriye fò pou Israël: “Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”.
28 for our Father will carry out his sentence upon the earth, fully and without delay." “Paske Bondye va egzekite pawòl Li sou latè avèk vitès, san manke anyen.
29 And as Isaiah predicted: "Had the Father of heaven's armies not left us offspring, we'd have become like Sodom, made like Gomorrah." Epi jan Ésaïe te prevwa a: “Amwenske Senyè dèzame yo pa t kite yon posterite pou nou, nou ta devni tankou Sodome; nou ta sanble Gomorrhe.”
30 What then should we say? Gentiles not pursuing righteousness attained righteousness, righteousness by faith; Konsa, kisa nou kapab di? Ke pèp etranje yo, ki pa t chache ladwati Bondye a, te twouve ladwati, ladwati menm ki pa lafwa a.
31 but that Israel, who pursued a law of righteousness, did not reach that law. Men Israël ki t ap chèche yon lwa ladwati, pa t rive nan lwa sa a.
32 Why? Because they pursued it not through faith but as though through works. They stumbled on the stumbling stone, Poukisa? Paske yo pa t chèche li pa lafwa, men konsi se te pa zèv. Yo te bite, sou wòch bite a.
33 as it is written, "See, I am placing in Zion a stumbling stone, a rock that offends; whoever trusts him won't be put to shame." Jis jan sa ekri a: “Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite; yon wòch k ap yon ofans, e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]