Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Brothers and sisters, my heart's desire and prayer to our Father for Israel is for their salvation. Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove.
2 I testify about them: they have zeal for our Father, but not according to knowledge. Paske mwen temwaye de yo ke yo gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo.
3 Ignorant of our Father's righteousness, seeking to establish their own, they did not submit to our Father's righteousness. Paske san konesans de ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a.
4 For Christ is the law's goal, so all who believe receive righteousness. Paske Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
5 For Moses writes about the righteousness that is based on the law: "The one who does these things will live by them." Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a.
6 But faith-based righteousness says: "Don't say in your heart, 'Who will go up to heaven?'" (that is, to bring Christ down). Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann)
7 "or 'Who will descend into the abyss?'" (that is, to bring Christ up from the dead). Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).”
8 But what does it say? "The word is near you, in your mouth and in your heart"—meaning the word of faith we proclaim: Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a,
9 If you confess with your mouth Jesus is Lord and believe in your heart that our Father raised him from the dead, you will be saved. ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove.
10 For with the heart you believe and are made right with our Father, with the mouth you confess and are saved. Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.
11 For the Scripture says, "Everyone who believes in him will not be put to shame." Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12 No difference between Jew and Greek: the same Lord is Lord of all, generous to all who call on him. Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo.
13 For "everyone who calls on the name of our Lord Jesus will be saved." Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”
14 So how can they call on one they haven't believed in? How can they believe in one they haven't heard of? How can they hear without someone preaching? Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè?
15 How can they proclaim him unless they're sent? As written: "How beautiful are the feet of those bringing good news!" Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl a bon bagay bèl yo!”
16 But not all obeyed the good news, for Isaiah says, "Our Father, who believed our message?" Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?”
17 So faith comes from hearing, and hearing through the word about Christ. Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.
18 But I ask: did they not hear? Yes, they did: "Their sound went out to all the earth, their words to the ends of the world." Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande: “Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.” Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
19 But I ask, did Israel not know? First Moses says: "I will make you jealous by those not a nation, angry by a nation without understanding." Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di: “M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon; avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”
20 Isaiah is bold enough to say, "I was found by those not seeking me; I appeared to those not asking for me." Ésaïe, ak kouraj te di: “Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo; Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”
21 But about Israel he says, "All day long I stretched out my hands to a disobedient, defiant people." Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]