Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So I ask: has our Father rejected his people? Never—I too am an Israelite, from Abraham's line, tribe of Benjamin. Konsa, mwen mande: Èske Bondye rejte pèp Li a? Pa janm panse sa! Paske mwen se yon Izrayelit tou, yon desandan Abraham, ki sòti nan tribi Benjamin an.
2 Our Father didn't reject his people, whom he foreknew. Or don't you know what Scripture says of Elijah, how he pleads with our Father against Israel? Bondye pa janm rejte pèp Li a ke Li te konnen oparavan an. Èske ou pa konnen sa Ekriti a di nan pasaj sou Élie, jan li te plede avèk Bondye kont Israël?
3 "Father, they killed your prophets, tore down your altars; I alone remain, and they seek my life." “Senyè yo touye pwofèt ou yo; yo kraze lotèl ou yo. Se mwen sèl ki rete, e y ap chèche touye m tou.”
4 God's reply: "I've kept 7,000 men for myself who haven't bowed the knee to Baal." Men ki repons ojis Bondye te bay li?: “Mwen kenbe pou Mwen menm sèt-mil òm ki pa t mete ajenou devan Baal.”
5 So too at the present time there is a remnant, chosen by grace. Nou konprann menm jan ke nan tan prezan pa nou anplis, nou twouve yon retay nan pèp la pa gras ak chwa Bondye.
6 But if by grace, no longer by works; otherwise grace would no longer be grace. Men si se pa gras sa rive, li pa baze ankò sou zèv. Otreman li pa t ap gras ankò. Men si se pa zèv, li pa gras ankò. Otreman, zèv se pa zèv ankò.
7 What then? Israel didn't get what it sought; the chosen did, but the rest were hardened. Alò, Kisa? Sa ke Israël ap cheche a, sa a, li pa t twouve. Men sila yo ki te chwazi pa Bondye, te twouve l, e rès la te vin di nan kè.
8 As it is written: "Our Father gave them a dulled spirit, eyes that can't see and ears that can't hear, to this day." Jis jan sa te ekri a: “Bondye te bay yo yon espri sòt, zye pou yo pa wè, ak zòrèy pou yo pa tande jiska menm jou sila a.”
9 And David says, "Let their table become a snare, a trap, a stumbling block, and payback for them. Konsa, David di: “Kite tab yo devni yon pèlen ak yon pyèj; yon wòch bite ak yon chatiman pou yo.
10 Let their eyes be darkened so that they cannot see, and bend their backs forever." Kite zye yo vin nwa pou yo pa wè ak do yo koube pou tout tan.”
11 So I ask: did they stumble to fall completely? By no means! Rather, their failure brought salvation to the Gentiles, to make Israel jealous. Konsa, mwen mande: “Yo pa t glise tonbe nèt”? Se pa sa! Sa p ap janm rive konsa! Men pa transgresyon pa yo, sali a gen tan rive a pèp etranje yo pou fè yo jalou.
12 If their sin enriches the world, and their failure enriches the Gentiles, how much more their full inclusion! Alò, si transgresyon pa yo se richès pou mond lan, e echèk pa yo se richès pou pèp etranje yo, konbyen anplis pou lè yo menm reyisi?
13 I say this to you Gentiles: since I am apostle to the Gentiles, I honor my ministry, Paske m ap pale avèk nou menm ki se pèp etranje yo. Otan ke mwen menm se yon apòt a pèp etranje yo, mwen leve sèvis ministè pa m byen wo.
14 in the hope that I may somehow make my own people jealous and save some of them. Men pou si l ta ka vin fèt (ke pa yon mwayen oswa yon lòt), si mwen ta kapab eksite pwòp pèp mwen an a jalouzi, pou m ta kapab sove kèk, mwen ta fè l.
15 If their rejection reconciled the world, what will their acceptance bring but life from the dead? Paske si rejeksyon pa yo se rekonsilyasyon pou tout mond lan, kisa l ap ye menm lè yo vin aksepte, sof ke lavi k ap sòti nan lanmò.
16 If the firstfruit is holy, so is the batch; if the root is holy, so are the branches. Si premye mòso ki sòti nan pat pen an sen, tout rès la ap sen tou, e si rasin lan sen, tout branch yo ap sen tou.
17 If some branches were broken off, and you, a wild olive shoot, were grafted in among them, sharing the olive tree's rich root, Men si kèk nan branch yo te kase retire, epi ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la,
18 don't boast over the branches. If you do, you don't support the root—the root supports you. pa vin awogan anvè branch yo. Men si ou ta vin awogan, sonje ke se pa ou menm ki bay soutyen a rasin lan, men li menm ki bay ou soutyen.
19 Then you will say, "Branches were broken off so that I might be grafted in." Konsa ou va di: “Men branch yo te kase pou m te kab vin grefe ladan yo”.
20 True. They were broken off for lack of faith; you stand by faith. Don't be proud—fear instead. Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent.
21 For if our Father did not spare the natural branches, neither will he spare you. Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis.
22 So see our Father's kindness and severity: severity to the fallen, kindness to you—if you continue in it; otherwise you too will be cut off. Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou.
23 And if they don't remain in lack of faith, they too will be grafted in—our Father can graft them in again. Konsa, yo menm tou si yo pa kontinye nan enkwayans yo, y ap grefe ladann ankò. Paske Bondye toujou kapab grefe yo ladann.
24 If you were cut from an olive wild by nature and grafted, against nature, into a cultivated one, how much more will natural branches be grafted back into their own olive tree? Paske si ou te koupe soti nan yon bwa ki pa nati li, te yon bwa oliv sovaj, e ou te vin grefe kont nati, nan yon bwa oliv ki kiltive, konbyen anplis tout branch sila yo ki se branch natirèl va grefe nan bwa oliv orijinal la.
25 Brothers and sisters, I don't want you unaware of this mystery, so you aren't wise in your own eyes: Israel is partly hardened, until the full number of Gentiles comes in. Paske mwen pa vle nou, frè m yo, manke konprann mistè sila apouke ou vin sipoze ou plen ak sajès. Yon tèt di nan yon pati gen tan pran Israël jiskaske tout pèp etranje yo fin antre.
26 So all Israel will be saved, as it is written: "The rescuer will come from Zion and remove evil from Jacob, Konsa, tout Israël va sove. Jis jan sa ekri a: “Sila k ap delivre a va sòti de Sion. Li va retire enkwayans a Jacob.”
27 and this will be my covenant with them, when I take away their sins." “Sa se akò Mwen avèk yo; lè Mwen va retire peche pa yo.”
28 In the gospel, they are enemies for your sake; in election, beloved because of the fathers. Nan bi bòn nouvèl la, yo menm se lènmi pou benefis pa nou. Men selon bi chwa Bondye a, yo se byeneme pou benefis a zansèt yo.
29 For the gifts and the calling of our Father are irrevocable. Paske kado ak apèl Bondye pa revokab.
30 For just as you once disobeyed our Father, but now have received mercy through their disobedience, Menm jan ke yon fwa ou te nan dezobeyisans a Bondye, men koulye a Li bannou gras akoz dezobeyisans a Jwif yo,
31 so they too now disobeyed, so that by the mercy shown you, they too may now receive mercy. konsa, yo menm tou dezobeyisan koulye a, men akoz mizerikòd Bondye gen tan bannou, yo kapab twouve gras tou.
32 For our Father has bound everyone over to disobedience, that he may have mercy on all. Paske Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.
33 Oh, the depth of the riches and the wisdom and the knowledge of our Father! How unsearchable are his judgments and how untraceable his ways! O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!
34 "For who has known the mind of our Father, or who has been his counselor? Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?” Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”
35 Or who has given a gift to him that he might be repaid?" Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay pou Li kapab repeye li ankò?”
36 For from him and through him and to him are all things. To him be the glory forever. Amen. Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]