Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So brothers and sisters, by our Father's mercies I urge you: offer your bodies as a living sacrifice, holy and pleasing to him—your true, reasonable worship. Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.
2 Don't be shaped by this age, but be transformed by renewing your mind, so you can discern our Father's will—good, pleasing, and perfect. Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
3 By the grace given me, I tell each of you: don't think of yourself more highly than you should, but think with sound judgment, each according to the measure of faith our Father assigned. Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.
4 Just as one body has many parts, and the parts do not all have the same function, Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon,
5 so we, though many, are one body in Christ, and each of us belongs to the others. konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt.
6 Our gifts differ according to the grace given us: if prophecy, use it in proportion to our faith; Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou;
7 if service, in our serving; the one who teaches, in his teaching; si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi,
8 the encourager, in encouragement; the giver, with generosity; the leader, with diligence; the merciful, with cheerfulness. si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
9 Let love be genuine. Hate what is evil; hold fast to what is good. Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon.
10 Love one another with brotherly affection. Outdo one another in showing honor. Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.
11 Do not be lacking in zeal, but be fervent in spirit, serving the Lord. Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,
12 Rejoice in hope, be patient in affliction, be devoted to prayer. rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè.
13 Share with our Father's people in their needs; pursue hospitality. Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.
14 Bless those who persecute you; bless, and do not curse. Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon.
15 Rejoice with those who rejoice; weep with those who weep. Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.
16 Live in harmony with one another. Don't be arrogant, but associate with the lowly. Don't be wise in your own eyes. Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.
17 Repay no one evil for evil; think ahead to do what is honorable before everyone. Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.
18 If possible, so far as it depends on you, live at peace with everyone. Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun.
19 Beloved, don't avenge yourselves; leave room for our Father's wrath. As it's written: Vengeance is mine, I will repay, says our Father. Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 Instead: "If your enemy is hungry, feed him; if thirsty, give him a drink; doing this, you'll heap burning coals on his head." “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje; e si li swaf, bay li bwè. Paske lè nou fè l konsa, nou sanble moso chabon cho sou tèt li.”
21 Do not be overcome by evil, but overcome evil with good. Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]