Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Everyone must submit to ruling authorities, since no authority exists except from our Father, and those that exist are placed there by our Father. Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye.
2 So whoever opposes authority opposes what our Father has established, and opposers bring judgment on themselves. Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo.
3 Rulers aren't a threat to good actions, only bad ones. Want to not fear authority? Do good, and you'll earn its approval. Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj.
4 He is our Father's servant, for your good. But if you do wrong, be afraid—he doesn't carry the sword for nothing. He is our Father's servant, an avenger who brings wrath on the wrongdoer. Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo.
5 Therefore you must submit, not only to avoid punishment but also for the sake of conscience. Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi akoz bon konsyans pa nou.
6 That's also why you pay taxes, for the authorities are our Father's ministers, devoted to this very thing. Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a.
7 Pay all what's owed: tax to whom tax, tolls to whom tolls, respect to whom respect, honor to whom honor. Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
8 Owe no one anything except to love one another, for loving another fulfills the law. Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a.
9 For the commandments—"Don't commit adultery, don't murder, don't steal, don't covet"—and any other commandment, are summed up in one word: "Love your neighbor as yourself." Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li ranpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.”
10 Love does no wrong to a neighbor; therefore love is the fulfillment of the law. Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.
11 Do this, knowing the time: the hour has already come for you to wake from sleep—salvation is nearer now than when we first believed. Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a.
12 Night is nearly gone, day is near. So let's shed the deeds of darkness and put on the armor of light. Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a.
13 Let us live decently, as in daylight: not in orgies and drunkenness, not in sexual sin and indecency, not in conflict and envy. Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi.
14 Instead, dress yourselves in the Lord Jesus Christ; make no plan to satisfy the sinful nature's desires. Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]