Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now accept the one who is weak in faith, but not to argue about their opinions. Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo.
2 One person has faith to eat anything, while the one who is weak eats only vegetables. Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim.
3 The eater must not look down on the non-eater, and the non-eater must not judge the eater, for our Father has accepted him. Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li.
4 Who are you to judge another's servant? Before his own master he stands or falls; he will stand—the Lord can make him stand. Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.
5 One judges a day above another; another, every day alike. Each must be fully convinced in his own mind. Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li.
6 Whoever observes the day observes it for the Lord. Whoever eats, eats for the Lord, since he thanks our Father; whoever abstains, abstains for the Lord, and thanks our Father. Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman.
7 For none of us lives for himself, and none of us dies for himself. Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li.
8 If we live, we live for the Lord; if we die, we die for the Lord. Living or dying, we belong to the Lord. Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a.
9 Christ died and lived again for this: to be Lord of both the dead and the living. Pou rezon sa a Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.
10 But you—why do you judge your brother? Or you—why do you despise your brother? We'll all stand before our Father's judgment seat. Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a.
11 For it's written: "As I live, says our Father, every knee bows to me, every tongue confesses to me." Paske sa ekri: “Jan Mwen vivan an, di Senyè a, tout jenou ap bese devan Mwen, e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.
12 So then, each of us will give an account of himself to our Father. Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
13 So stop judging each other. Instead decide never to put a stumbling block or trap before your brother. Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè.
14 I know, persuaded in the Lord Jesus, that nothing is unclean in itself; but to one who thinks it unclean, it is unclean. Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la.
15 If food hurts your brother, you're no longer walking in love. Don't destroy someone Christ died for with your food. Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an.
16 So do not let what you regard as good be spoken of as evil. Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal.
17 The kingdom of our Father isn't eating and drinking, but righteousness and peace and joy in the Holy Spirit. Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an.
18 Whoever serves Christ in this way is pleasing to our Father and approved by people. Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.
19 So then, let us pursue whatever brings peace and builds each other up. Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.
20 Don't destroy our Father's work over food. All things are clean, but eating that makes someone stumble is wrong. Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun.
21 Good is not eating meat, drinking wine, or anything that makes your brother stumble. Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite.
22 Keep your faith to yourself before our Father. Blessed is the one who doesn't judge himself by what he approves. Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve.
23 Whoever doubts is condemned if he eats, since not from faith; whatever isn't from faith is sin. Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]