Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Romans 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 We who are strong must carry the weaknesses of the weak, and not please ourselves. Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi.
2 Let each of us please his neighbor for his good, to build him up. Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans.
3 For even Christ did not please himself; as it is written, "Insults of those insulting you fell on me." Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”
4 Everything written before was written to teach us, so that through endurance and through Scripture's encouragement we might have hope. Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.
5 May our Father, who gives endurance and encouragement, give you harmony with each other, according to Christ Jesus, Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris:
6 so that together, with one voice, you glorify our Father, the Father of our Lord Jesus Christ. Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.
7 Therefore welcome one another, as Christ also welcomed you, for the glory of our Father. Konsa aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a.
8 For I tell you Christ became a servant to the circumcised, to show our Father's truthfulness and confirm the promises to the ancestors, Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo;
9 and that the nations might glorify our Father for his mercy, as it is written, "Therefore I will praise you among the nations, and sing to your name." epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a: “Konsa, Mwen va bay Ou lwanj pami pèp etranje yo, e mwen va chante Non Ou.”
10 And again it says, "Rejoice, nations, with his people." Li di ankò: “Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.”
11 And again, "Praise our Father, all you nations, and let all the peoples praise him." Epi ankò: “Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo! Kite tout pèp yo ba Li lwanj.”
12 Again Isaiah says: "Jesse's root will come, rising to rule the nations; the nations will hope in him." Esaïe di ankò: “Li va gen rasin Jessé a; Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo. Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”
13 May our Father, the source of hope, fill you with all joy and peace through faith, so by the Holy Spirit's power you overflow with hope. Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
14 I'm convinced about you, my brothers and sisters, that you yourselves are full of goodness, filled with all knowledge, and able to instruct one another. Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt.
15 But I've written to you rather boldly on some points, reminding you, because of the grace our Father gave me, Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a,
16 to be Christ Jesus's minister to the nations, a priest of our Father's gospel, so the nations' offering would be acceptable, made holy by the Holy Spirit. pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.
17 In Christ Jesus, then, I have reason to boast of my work for our Father. Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan bagay ki apatyen a Bondye.
18 For I will not dare speak of anything except what Christ has done through me to bring the nations to obedience, by word and deed. Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon,
19 By the power of signs and wonders, by the power of the Spirit of our Father, I have fully proclaimed the gospel of Christ from Jerusalem all the way around to Illyricum. nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la.
20 So I make it my aim to preach the gospel where Christ hasn't been named, so I wouldn't build on someone else's foundation, Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun,
21 but as it is written: "those never told about him will see, and those who haven't heard will understand." Men jan sa ekri a: “Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè, e sila ki pa tande yo va konprann”.
22 This is why I have so often been hindered from coming to you. Pou rezon sa a byen souvan mwen anpeche vin kote nou.
23 But now, with no more room to work in these regions, and having longed for many years to come to you, Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi anpil ane mwen anvi vin wè nou,
24 I hope to see you in passing on my way to Spain, and have you send me on my way there, once I've enjoyed your company for a while. nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab ede m fin rive la apre mwen fin rejwi de prezans nou pandan kèk tan.
25 But for now I am going to Jerusalem, bringing aid to our Father's people. Men koulye a mwen prale Jérusalem pou sèvi fidèl yo.
26 Macedonia and Achaia gladly made a contribution for the poor among our Father's people in Jerusalem. Paske legliz yo nan Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo.
27 They were glad to do it, and indeed they owe it. For since the nations shared in Israel's spiritual blessings, the nations owe Jerusalem's people material support in return. Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl.
28 So after finishing this and safely delivering this collection to them, I'll leave for Spain through you. Konsa, lè m fin fè sa, e mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la.
29 I know that coming to you, I'll come with Christ's full blessing. Mwen konnen ke lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.
30 Brothers and sisters, by our Lord Jesus Christ and the Spirit's love, I urge you to strive together with me in your prayers to our Father for me, Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa lanmou Lespri a, pou fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm
31 that I may be rescued from Judea's unbelievers, and my service for Jerusalem may please our Father's people, pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo,
32 so that, by our Father's will, I may come to you with joy and rest together with you. pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm.
33 May our Father, the source of peace, be with you all. Amen. Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]