Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

John 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A man named Lazarus was sick, from Bethany, the village of Mary and her sister Martha. Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li Marthe te rete a.
2 Mary—whose brother Lazarus was sick—anointed the Lord with fragrant oil and dried his feet with her hair. Se te sè Lazare, Marie ki te onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad.
3 So the sisters sent word to him, saying, "Lord, the one you love is sick." Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”
4 Hearing this, Jesus said, "This sickness won't end in death, but is for the glory of our Father, so the Son of our Father may be glorified through it." Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.”
5 Now Jesus loved Martha and her sister and Lazarus. Konsa, Jésus te renmen Marthe ak sè li, ak Lazare.
6 So when he heard Lazarus was sick, he stayed two more days where he was. Pou sa, lè L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a.
7 Then after this he said to the disciples, "Let us go back to Judea." Apre sa, Li te di a disip Li yo: “Annou ale nan Judée ankò.”
8 The disciples said to him, "Rabbi, the Jews just now tried to stone you, and you're going back there?" Disip Li yo te di Li: “Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?”
9 Jesus answered, "Aren't there twelve hours in the day? Anyone who walks by day won't stumble - he sees the light of this world. Jésus te reponn yo: “Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen a li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a.
10 But if anyone walks at night, he stumbles, because the light is not in him." Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”
11 After this, he told them, "Our friend Lazarus has fallen asleep, but I'm going to wake him." Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”
12 So the disciples said to him, "Lord, if he has fallen asleep, he will get better." Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.”
13 Now Jesus had been speaking about his death, but they thought he meant natural sleep. Alò Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vrè dòmi.
14 So then Jesus told them plainly, "Lazarus has died, Pou sa, Jésus te di yo byen klè: “Lazare gen tan mouri,
15 I'm glad for your sake I wasn't there, so you'll believe. But let's go to him." e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l.”
16 So Thomas, called the Twin, told the other disciples, "Let's go too, and die with him." Pou sa, Thomas, ke yo rele osi Didyme, te di disip parèy li yo: “Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L.”
17 So when Jesus arrived, he found that Lazarus had already been in the tomb four days. Konsa, lè Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou.
18 Bethany was near Jerusalem, about two miles away, Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.
19 and many of the Jews had come to Martha and Mary to console them about their brother. Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie pou konsole yo konsènan frè yo.
20 When Martha heard Jesus was coming, she went to meet him; Mary stayed sitting in the house. Pou sa, lè Marthe te tande ke Jésus t ap vini, li te ale rankontre Li. Men Marie te toujou chita nan kay la.
21 Martha said to Jesus, "Lord, if you had been here, my brother would not have died. Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri.
22 But even now I know that whatever you ask of our Father, he will give you." Menm koulye a, mwen konnen ke nenpòt bagay ke Ou mande Bondye, Bondye ap bay Ou li.”
23 Jesus said to her, "Your brother will rise again." Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”
24 Martha said to him, "I know he'll rise again in the resurrection on the last day." Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”
25 Jesus told her, "I am the resurrection and the life. Whoever believes in me will live, even though he dies, Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri.
26 and everyone who lives and believes in me will never die. Do you believe this?" E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
27 She said to him, "Yes, Lord; I believe you are the Christ, the Son of our Father, the one coming into the world." Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”
28 After saying this, she went and called her sister Mary privately: "The Teacher is here—he's calling for you." Lè li te di sa, li te ale, e te rele Marie, sè li, e te di l apa: “Mèt la rive, e L ap mande pou ou.”
29 When Mary heard this, she rose quickly and went to him. E lè li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li.
30 Jesus had not yet entered the village; he was still where Martha met him. Jésus poko te rive nan bouk la, men te toujou nan plas kote Marthe te rankontre Li a.
31 The Jews with her in the house, comforting her, saw Mary rise quickly and leave; they followed, thinking she was going to the tomb to weep there. Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te wè l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.
32 Mary came to Jesus, saw him, fell at his feet, and said, "Lord, if you had been here, my brother would not have died." Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”
33 When Jesus saw her weeping, and the Jews who came with her also weeping, he groaned in spirit and was troubled. Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble.
34 And he said, "Where have you laid him?" They said to him, "Lord, come and see." Li te di: “Kibò nou mete Li?” Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”
35 Jesus wept. Jésus te kriye.
36 So the Jews said, "See how he loved him!" E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li te renmen l.”
37 But some of them said, "Could this man who opened the blind man's eyes not have kept him from dying?" Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”
38 So Jesus, again deeply moved in himself, came to the tomb—a cave with a stone against it. Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.
39 Jesus said, "Take away the stone." Martha, the dead man's sister, said to him, "Lord, he must smell by now—he's been dead four days." Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”
40 Jesus said to her, "Didn't I tell you: if you believe you'll see our Father's glory?" Jésus te di li: “Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”
41 So they removed the stone. Jesus looked up and said, "Father, I thank you that you heard me. Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus te leve zye Li e te di: “Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M.
42 I knew you always hear me, but I said this for the crowd standing here, so they may believe you sent me." Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”
43 When he had said this, he cried out with a loud voice, "Lazarus, come out!" Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.”
44 The dead man came out, feet and hands bound with strips of linen, and his face wrapped in cloth. Jesus said to them, "Untie him; let him go." E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li. Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”
45 So many of the Jews who came to Mary and saw what Jesus did believed in him. Pou sa, anpil nan sa ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.
46 But some of them went to the Pharisees and told them what Jesus had done. Men kèk nan yo te ale nan Farizyen yo e te di yo sa ke Jésus te fè a.
47 So the chief priests and Pharisees convened the council and said, "What are we doing? For this man performs many signs. Konsa, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.”
48 If we leave him alone, everyone will believe in him, and the Romans will come and take away both our place and our nation." “Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni plas nou, ni nasyon nou.”
49 But one of them, Caiaphas, high priest that year, told them, "You know nothing at all. Men youn nan yo, Caïphe, ki te granprèt pou lane sila a, te di yo: “Nou pa konnen anyen,
50 Don't you see it's better for you that one man die for the people than the whole nation perish?" ni nou pa kontwole ke li ta meyè pou nou si yon moun ta mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri.”
51 He didn't say this on his own; as high priest that year, he prophesied Jesus would die for the nation, Alò li pa t di sa pou kont li, men akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an.
52 not only for the nation, but also to gather into one the scattered children of our Father. E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo.
53 So from that day on they plotted to put him to death. Depi jou sa, yo t ap fè plan pou touye L.
54 So Jesus no longer moved about openly among the Jews, but withdrew to a town called Ephraim near the wilderness, and stayed there with his disciples. Pou sa, Jésus pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.
55 The Jews' Passover was near, and many went up from the country to Jerusalem before it to purify themselves. Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.
56 So they looked for Jesus, asking each other as they stood in the temple, "What do you think? Surely he won't come to the feast?" Konsa, yo t ap di youn ak lòt pandan yo kanpe nan tanp lan: “Kisa nou panse. Èske Li p ap menm vini nan fèt la?”
57 The chief priests and Pharisees had ordered that anyone who knew his whereabouts must report it, so they could arrest him. Alò, chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]